FPL travay nan tèt ansanm avèk konte Miami-Dade pou fè enèji solè avanse, pou pwoteje anviwònman an pi plis toujou e pou devlope yon seri teknoloji avanse ki pral itil nou pi devan
- FPL planifye pou l ajoute plis pase 1 milyon pano solè nan konte Miami-Dade nan ane k ap vini yo. Sa gen ladan l pwojè FPL Miami-Dade Solar Energy Center, yon santral enèji solè yo pral fin bati nan mitan ane 2020.
- Nou pwopoze yon sant resiklaj dlo avanse pou reyitilize jiska 60 milyon galon dlo ize ki soti nan konte a chak jou nan santral pwodiksyon enèji FPL ki nan Turkey Point.
- Travay modènizasyon sit Turkey Point lan kontinye ap avanse. Kapasite nikleyè san emisyon an pral ogmante an 2018 pou operasyon yo ka kontinye san pwoblèm pou anpil tan e pou sit la ka jwenn lòt mwayen yo pral mete sou pye pi devan pou pwodui enèji solè e pou sere enèji nan akimilatè.
- Gen de gwo pwojè n ap devlope nan sektè transpò: yon pwojè pou sere enèji nan akimilatè pou soutni sistèm Metrorail la ak yon pwojè estasyon chaj pou veyikil elektrik nan bilding konte yo.
- Pri FPL yo toujou fè pati pri ki pi ba yo nan tout peyi Etazini an. Yon lòt fwa ankò, pri yo pral desann apati mwa mas la, e bòdwo kouran yon kliyan pral $3,35 pi bon mache pou yon konsomasyon mwayen 1 000 kWh.
January 30, 2018

MIAMI – Jodi a, Florida Power & Light Company ak konte Miami-Dade te anonse yon plan pou yo travay nan tèt ansanm nan kad yon seri pwojè pou amelyore pwodiksyon enèji a e pou pi byen pwoteje anviwònman an nan ane k ap vini yo.

Plan sa a gen bagay sa yo ladan l: ajoute plis pase 1 milyon pano solè nan konte Miami-Dade; kreye yon sistèm resiklaj dlo avanse k ap pèmèt nou reyitilize jiska 60 milyon galon dlo ize chak jou nan konte a; amelyore ak etann kapasite nou pou n pwodui enèji san kabòn e kontinye travay pou n restore anviwònman an nan santral enèji FPL ki nan Turkey Point; epi devlope kèk pwojè pou amelyore transpò grasa yon seri teknoloji avanse.

“Miami-Dade se yon sant ekonomik ki gen anpil aktivite e se konte ki gen plis moun pami tout konte FPL sèvi yo. Travay n ap fè isit la se yon travay ki enpòtan pou tout sistèm nou an. Se sa k fè se pa ti enpòtan sa enpòtan pou nou fè bon jan planifikasyon. Plan sa yo ka sanble anpil, men grasa sipò nou pral jwenn nan men kominote a, nou ret kwè n ap reyisi. Antanke konpayi, nou gen konviksyon nou bezwen fikse nou objektif ki mande anpil efò toutpandan nou toujou kenbe tèt nou nan reyalite a. Mete sou sa, nou fè lasyans ak analiz ekonomik yo konfyans pou ede nou pran bon jan desizyon ki pral pote avantaj pou kliyan nou yo alontèm.” Se sa Eric Silagy, prezidan ak direktè jeneral FPL, te deklare.

Majistra konte Miami-Dade la, Carlos A. Gimenez, te deklare: “Mwen fyè dèske Miami-Dade se patnè Florida Power and Light pou rezoud pwoblèm dlo ize nou an grasa yon solisyon ki efikas, ki respeke anviwònman an e ki pral pote avantaj pou 2,7 milyon rezidan. Depatman dlo ak egou nou an ap travay dirèkteman avèk FPL pou mete sou pye yon plan k ap pèmèt nou resikle yon dlo nou t ap jis voye jete. Se pral yon gwo avantaj non sèlman pou anviwònman an, men tou pou tout moun ki abite Miami yo. Dayè, plan sa a gendwa fè nou ekonomize plis pase 20 milya galon dlo dous e li gendwa anpeche nou retire 10 milya galon dlo nan akwifè Florid yo chak ane.”

“Itilize nou pral itilize dlo ize a pou satisfè bezwen enèji ki egziste nan pati sid eta Florid la se yon bagay k ap bon pou tout moun. Konsa n ap ka rale mwens dlo nan anviwònman an epi n ap itilize yon dlo k ap gaspiye kounye a. Nou felisite majistra Gimenez ak FPL pou patenarya piblik-prive yo mete sou pye pou amelyore estrateji jesyon dlo nou yo nan ekosistèm Everglades la. Se yon etap ki enpòtan nou franchi dèske nou rive trete plis dlo pou nou itilize l nan Turkey Point e pou nou voye l ale nan zòn imid ki vilnerab yo.” Se sa Eric Eikenberg, direktè jeneral Everglades Foundation, te deklare.

“Pwojè sa a se yon bèl opòtinite nou genyen pou n fè pwogrè nan domèn pwoteksyon resous dlo yo nan pati sid eta Florid la. Kounye a, depatman dlo ak egou konte Miami-Dade la ap travay nan tèt ansanm ak Florida Power & Light. Sa se yon gwo chanjman ki fèt nan domèn jesyon dlo a e li pral pèmèt nou tabli yon seri sistèm ki solid pou entegre dlo ize yo ak dlo lapli yo nan enfrastrikti enèji rejyonal yo. Nou pa ka tann pou n wè kòman opòtinite sa a pral kontinye vanse nan sektè a.” Se sa Melissa Meeker, ko-direktris jeneral Water Research Foundation, yon kowoperativ rechèch ki pa gen objektif komèsyal k ap defann syans dlo a pou pwoteje sante piblik la ak anviwònma an, te deklare.

Kounye a, FPL gen 10 gwo santral solè nan eta Florid la e li gen plizyè enstalasyon solè ak sit kote yo fè rechèch pou sere enèji nan akimilatè nan konte Miami-Dade. FPL gen entansyon fè plis efò toujou nan domèn sa yo, kòmanse ak pwojè FPL Miami-Dade Solar Energy Center, yon santral enèji solè 74,5 megawat li pral bati bò Krome Avenue nan pati sid-wès Miami-Dade. FPL gentan jwenn tout pèmi ki nesesè yo pou sit la e santral la sipoze kòmanse fonksyone nan mitan ane 2020.

Sa fè lontan konte Miami-Dade la bay inovasyon jarèt, epi FPL fè pati NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE), ki se youn nan 20 premye konpayi nan kategori inovasyon ak responsablite sosyal nan monn nan sou lis konpayi plis moun admire nan monn nan pou 2018 ki parèt nan magazin Fortune. FPL te kòmanse teste teknoloji solè a nan ane 1980 yo nan konte. Epitou, rezo elektrik entelijan FPL la, ki se rezo ki pi avanse nan tout peyi a nan domèn teknoloji, te soti an pati nan yon pwogram inovasyon konpayi a te mete sou pye nan vil Miami an 2009. Nan de ane ki sot pase yo, FPL te bati yon gwo sant rechèch solè nan Florida International University e li te enstale anviwon 3 500 kilowat pou pwojè rechèch sou fason pou sere enèji nan akimilatè nan konte Miami-Dade.

Kounye a, FPL ap etidye yon seri opòtinite li genyen pou l etann rechèch li yo sou fason pou sere enèji nan akimilatè, yon seri rechèch ki avanse anpil nan domèn teknoloji. Mete sou sa, FPL te chwazi Miami-Dade pou yon nouvo etid pilòt sou teknoloji solè flotan, kote yo enstale pano solè yo sou yon sistèm k ap flote sou yon dlo.

Nan ane k ap vini yo, FPL gen entansyon mete sou pye plis enstalasyon solè ak omwen de lòt sistèm pou sere enèji nan akimilatè nan konte Miami-Dade. Youn ladan yo pral soutni dirèkteman sistèm transpò piblik Metrorail nan konte a. Epitou, FPL gen entansyon ajoute plizyè estasyon pou chaje veyikil elektrik yo nan enstalasyon konte yo oswa toupre yo.

Julie Wraithmell, yon direktris tanporè pou Audubon Florida, te deklare: “Etann enfèji solè a se yon bon desizyon pou avni Florid la. Se pa ti kontan nou kontan wè konte Miami-Dade ak FPL k ap pran devan nan bèl pwojè sa yo.”

FPL kontinye ap modènize santral enèji li ki Turkey Point nan pati sid Miami-Dade.  Pou kounye a, Turkey Point genyen de inite pwodiksyon enèji nikleyè san emisyon (yo rele yo inite 3 ak inite 4) ak yon inite gaz natirèl ki efikas anpil (inite 5) ki pwodui yon enèji pwòp 24 è sou 24 pou plizyè milyon moun ki abite Florid.

FPL te envesti plis pase $1 milya pou renove inite nikleyè Turkey Point yo nan ane ki sot pase yo e li te ajoute anviwon 250 megawat nan kapasite pwodiksyon san kabòn yo a. An 2018, konpayi a gen entansyon fè plis renovasyon toujou nan inite nikleyè ki la deja yo, pou ajoute yon lòt 40 megawat nan kapasite pwodiksyon yo a. Epitou, li pral depoze yon demann bay NRC pou renouvle lisans esplwatasyon inite yo. Renouvèlman lisans sa yo pral pèmèt inite yo kontinye fonksyone jis nan ane 2052 ak 2053. Sa pral fè kliyan FPL yo ekonomize plizyè milya dola paske konpayi a pap bezwen itilize lòt sistèm pwodiksyon enèji ki koute pi chè.

Turkey Point se youn nan kat santral enèji nikleyè ki te fè demann pou renouvle lisans yo nan peyi Etazini. Lòt yo se Surry Power Station ak North Anna Power Station nan eta Vijini, avèk Peach Bottom Atomic Power Station nan eta Pennsilvani. Toule twa sa yo gen de inite pwodiksyon, menm jan ak Turkey Point.

Sous enèji san emisyon sa yo fonksyone 24 è sou 24, 7 jou sou 7, e yo jwe yon wòl ki enpòtan anpil pou pwoteje lè a e pou fè fas ak chanjman klimatik la. Grasa enèji inite nikleyè Turkey Point yo ap pwodui san kabòn, nou evite pwodui 10 milyon tòn gaz ki pa bon pou atmosfè a chak ane. Kantite sa a egal ak kantite kabòn ki ta antre nan atmosfè a akoz konsomasyon anviwon 1 milya galon gazolin, daprè sa U.S. Environmental Protection Agency a fè konnen. Anplis enstalasyon li itilize pou pwodui enèji ak gaz natirèl nan Turkey Point, FPL ap travay pou mete sou pye kèk enstalasyon pou pwodui enèji solè san emisyon e pou sere enèji nan akimilatè sou menm sit la oswa toupre li.

Silagy te deklare: “Lefètke n ap travay pou pwodui enèji solè e pou sere enèji nan akimilatè toupre Turkey Point, san nou pa bliye enstalasyon gaz natirèl ki efikas anpil ki la deja a ak amelyorasyon nou gentan pote nan santral nikleyè ki sou sit sa a tou, se kreye n ap kreye santral enèji ki pi divèsifye e ki pi konplèks nan tout peyi a.”

Mete sou sa, sit Turkey Point lan bay yon ranman anviwon $1,7 milya chak ane, li bay plis pase 800 moun yon djòb aplentan e li anplwaye plizyè santèn travayè tanporè ki rete nan kominote ki nan zòn nan. Lè yo kanpe santral la pou ba li konbistib li bezwen an chak ane, se plis pase 2 500 lòt moun ki vin vizite santral la, e sa se yon gwo avantaj pou otèl, restoran ak plizyè santèn lòt biznis ki nan zòn nan.

Solisyon FPL te mete sou pye pou rezoud pwoblèm salinite a an rapò ak kanal refwadisman Turkey Point yo se yon solisyon ki gen plizyè pati ladan l e ki sipoze reyisi alontèm, men li gentan kòmanse bay bon rezilta deja. Konpayi a te envesti plizyè milyon dola nan lòt pwojè amelyorasyon anviwònman an pou restore abita ki kritik yo e pou pwoteje espès ki an danje yo. Epitou, bò sit Turkey Point lan, FPL ap jere pi gwo pwojè restorasyon Everglades ki jwenn yon finansman prive, e konsa l ap pwoteje anviwon 5 200 ekta nan zòn imid ki nan pati ès Everglades yo pou toutan. Pwojè yo te devlope nan kòmansman ane 1900 yo pou retire dlo e pou kontwole inondasyon yo te chanje karakteristik fizik ak byolojik zòn imid sa yo nètale. FPL te achte zòn sa yo nan ane 1970 yo e sa gen anpil ane depi l ap travay pou yo ka retounen jan yo te ye a.

Nan kad angajman sa a konpayi a pran pou anviwònman an, modènizasyon santral enèji Turkey Point lan bay yon opòtinite ki inik pou ede konte Miami-Dade la rezoud pi gwo pwoblèm li genyen nan domèn enfrastrikti anviwònmantal, sètadi dlo ize k ap vide nan lanmè a ak kesyon resiklaj dlo a. Kounye a, konte a gen plis pase 100 milyon galon dlo ize k ap vide nan lanmè a chak jou, epi otorite eta yo te mande l jwenn yon fason pou resikle yon gwo pati nan dlo ize sa a.

FPL ap travay nan tèt ansanm avèk depatman dlo ak egou Miami-Dade la pou mete sou pye yon sistèm pou trete e pou resikle dlo ize konte a sou sit Turkey Point lan. Sistèm sa a t ap voye jiska 60 milyon galon dlo ize ki soti nan konte a chak jou bay yon sit resiklaj dlo avanse ki t ap netwaye dlo sa a pou itilize l nan Turkey Point.

Sistèm sa a t ap sèvi kòm sous dlo refwadisman pou inite 5 Turkey Point lan k ap pwodui gaz natirèl, epi li t ap retabli kalite dlo a nan kanal refwadisman ki la pou inite nikleyè 3 ak 4 yo. Etandone sistèm sa a t ap netwaye yon dlo ize konte a gentan trete deja, li t ap pwodui yon dlo resikle wo kalite ki te ka anpeche kanal refwadisman yo seche e ki te ka fè santral la pa ta bezwen rale plizyè milyon galon dlo nan akwifè Florid yo. Mete sou sa, li t ap pèmèt retablisman yon ekosistèm ki ekilibre e ki an sante nan kanal refwadisman yo avèk yon vejetasyon akwatik anba dlo, ki se yon etap ki nesesè e ki enpòtan pou konpayi a sispann sèvi ak kanal sa yo san yo pa domaje anviwònman an pi devan.

Sistèm sa a se t ap pi gwo pati nan efò konte a ap fè yo pou ranpli obligasyon yo ba li pou resikle dlo ize a. Si konsèy komisè konte Miami-Dade la apwouve pwopozisyon an, FPL ak depatman dlo ak egou a pral prepare yon plan detaye. Komisyon konte a gentan montre li ta renmen pou otorite piblik yo travay nan tèt ansanm ak yon konpayi prive nan Turkey Point pou ranpli obligasyon yo ba li nan domèn resiklaj dlo, epi li te apwouve yon premye pwopozisyon pou resikle dlo ize pou inite nikleyè yo t apral bati sou sit Turkey Point. Sepandan, pwopozisyon sa a pap ka ede konte a ranpli obligasyon l lan nan delè yo ba li a ankò.

Kenbe pri bòdwo yo ba

Pri FPL yo toujou fè pati pri ki pi ba nan tout peyi a. An jeneral, yon bòdwo rezidansyèl FPL ki gen yon konsomasyon 1 000 kWh sou li koute 25 pousan mwens kòb pase mwayèn lòt bòdwo yo nan peyi a.

Gen anpil pwodui ak sèvis ki vin koute pi chè nan ane kot pase yo, alòske yon bòdwo rezidansyèl FPL ki gen yon konsomasyon 1 000 kWh sou li vin koute mwens. Jounen jodi a, pri FPL yo pi ba pase sa yo te ye sa fè dizan. Mete sou sa, nan mwa mas la, yo pral desann plis toujou.

Pi bonè nan mwa sa a, FPL te anonse li t apral sèvi ak ekonomi li te fè nan enpo federal yo pou evite monte pri l yo poutèt depans $1,3 milya li te fè pou travay restorasyon an apre siklòn Irma te pase. Nan mwa mas la, yon bòdwo FPL ki gen yon konsomasyon 1 000 kWh sou li pral $3,35 pi bon mache pa mwa.

Florida Power & Light Company

Florida Power & Light Company se twazyèm pi gwo konpayi kouran Ozetazini. Li sèvi prèske 5 milyon kont kliyan, sa vle di anviwon plis pase 10 milyon moun nan prèske mwatye eta Florid. Anjeneral, yon bòdwo rezidansyèl FPL ki gen yon konsomasyon 1 000 kWh sou li koute 25 pousan mwens kòb pase mwayèn lòt bòdwo yo nan peyi a, epi bòdwo FPL f pati bòdwo ki pi bon mache nan tout peyi Etazini. Disponibilite sèvis FPL la plis pase 99,98 pousan, epi santral elektrik li yo efikas anpil, yo konsome mwens konbistib e yo fè pati santral ki pi pwòp nan tout peyi a.
 An 2017, se katriyèm ane suivi depi Market Strategies International rekonèt konpayi a kòm youn nan konpayi kouran plis moun fè konfyans Ozetazini. FPL gen anviwon 8 900 anplwaye. Se youn nan konpayi ki anplwaye plis moun nan eta Florid e se yon filyal NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE), yon konpayi enèji pwòp ki rete Juno Beach, FL. Yo rekonèt konpayi sa a tout kote pou travay li nan domèn devlòpman dirab, etik ak divèsite. Yo klase li nan pozisyon n° 1 nan sektè distribisyon kouran ak gaz nan lis “Konpayi plis mou admire nan monn nan” pou 2017 ki parèt nan magazin Fortune. NextEra Energy se konpayi manman NextEra Energy Resources, LLC, epi ansanm avèk konpayi ki afilye avè l yo, li se pi gwo pwodiktè enèji renouvlab ki soti nan van ak nan solèy nan monn nan. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou konpayi NextEra Energy yo, ale sou sit Entènèt sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.NextEraEnergyResources.com.

###

Cautionary Statements and Risk Factors That May Affect Future Results

This news release contains “forward-looking statements” within the meaning of the safe harbor provisions of the Private Securities Litigation Reform Act of 1995. Forward-looking statements are not statements of historical facts, but instead represent the current expectations of NextEra Energy, Inc. (NextEra Energy) and Florida Power & Light Company (FPL) regarding future operating results and other future events, many of which, by their nature, are inherently uncertain and outside of NextEra Energy’s and FPL’s control. Forward-looking statements in this news release include, among others, statements concerning future operating performance. In some cases, you can identify the forward-looking statements by words or phrases such as “will,” “may result,” “expect,” “anticipate,” “believe,” “intend,” “plan,” “seek,” “potential,” “projection,” “forecast,” “predict,” “goals,” “target,” “outlook,” “should,” “would” or similar words or expressions. You should not place undue reliance on these forward-looking statements, which are not a guarantee of future performance. The future results of NextEra Energy and FPL and their business and financial condition are subject to risks and uncertainties that could cause their actual results to differ materially from those expressed or implied in the forward-looking statements, or may require them to limit or eliminate certain operations. These risks and uncertainties include, but are not limited to, the following: effects of extensive regulation of NextEra Energy’s and FPL’s business operations; inability of NextEra Energy and FPL to recover in a timely manner any significant amount of costs, a return on certain assets or a reasonable return on invested capital through base rates, cost recovery clauses, other regulatory mechanisms or otherwise; impact of political, regulatory and economic factors on regulatory decisions important to NextEra Energy and FPL; disallowance of cost recovery by FPL based on a finding of imprudent use of derivative instruments; effect of any reductions or modifications to, or elimination of, governmental incentives or policies that support utility scale renewable energy projects of NextEra Energy Resources, LLC and its affiliated entities (NextEra Energy Resources) or the imposition of additional tax laws, policies or assessments on renewable energy; impact of new or revised laws, regulations, interpretations or other regulatory initiatives on NextEra Energy and FPL;; capital expenditures, increased operating costs and various liabilities attributable to environmental laws, regulations and other standards applicable to NextEra Energy and FPL; effects on NextEra Energy and FPL of federal or state laws or regulations mandating new or additional limits on the production of greenhouse gas emissions; exposure of NextEra Energy and FPL to significant and increasing compliance costs and substantial monetary penalties and other sanctions as a result of extensive federal regulation of their operations and businesses; effect on NextEra Energy and FPL of changes in tax laws, guidance or policies as well as in judgments and estimates used to determine tax-related asset and liability amounts; impact on NextEra Energy and FPL of adverse results of litigation; effect on NextEra Energy and FPL of failure to proceed with projects under development or inability to complete the construction of (or capital improvements to) electric generation, transmission and distribution facilities, gas infrastructure facilities or other facilities on schedule or within budget; impact on development and operating activities of NextEra Energy and FPL resulting from risks related to project siting, financing, construction, permitting, governmental approvals and the negotiation of project development agreements; risks involved in the operation and maintenance of electric generation, transmission and distribution facilities, gas infrastructure facilities and other facilities; effect on NextEra Energy and FPL of a lack of growth or slower growth in the number of customers or in customer usage; impact on NextEra Energy and FPL of severe weather and other weather conditions; threats of terrorism and catastrophic events that could result from terrorism, cyber attacks or other attempts to disrupt NextEra Energy’s and FPL’s business or the businesses of third parties; inability to obtain adequate insurance coverage for protection of NextEra Energy and FPL against significant losses and risk that insurance coverage does not provide protection against all significant losses; a prolonged period of low gas and oil prices could impact NextEra Energy Resources’ gas infrastructure business and cause NextEra Energy Resources to delay or cancel certain gas infrastructure projects and for certain existing projects to be impaired; risk to NextEra Energy Resources of increased operating costs resulting from unfavorable supply costs necessary to provide NextEra Energy Resources’ full energy and capacity requirement services; inability or failure by NextEra Energy Resources to manage properly or hedge effectively the commodity risk within its portfolio; effect of reductions in the liquidity of energy markets on NextEra Energy’s ability to manage operational risks; effectiveness of NextEra Energy’s and FPL’s risk management tools associated with their hedging and trading procedures to protect against significant losses, including the effect of unforeseen price variances from historical behavior; impact of unavailability or disruption of power transmission or commodity transportation facilities on sale and delivery of power or natural gas by FPL and NextEra Energy Resources; exposure of NextEra Energy and FPL to credit and performance risk from customers, hedging counterparties and vendors; failure of NextEra Energy or FPL counterparties to perform under derivative contracts or of requirement for NextEra Energy or FPL to post margin cash collateral under derivative contracts; failure or breach of NextEra Energy’s or FPL’s information technology systems; risks to NextEra Energy and FPL’s retail businesses from compromise of sensitive customer data; losses from volatility in the market values of derivative instruments and limited liquidity in OTC markets; impact of negative publicity; inability of NextEra Energy and FPL to maintain, negotiate or renegotiate acceptable franchise agreements with municipalities and counties in Florida; occurrence of work strikes or stoppages and increasing personnel costs; NextEra Energy’s ability to successfully identify, complete and integrate acquisitions, including the effect of increased competition for acquisitions; NextEra Energy Partners, LP’s (NEP’s) acquisitions may not be completed and, even if completed, NextEra Energy may not realize the anticipated benefits of any acquisitions; environmental, health and financial risks associated with NextEra Energy Resources’ and FPL’s ownership and operation of nuclear generation facilities; liability of NextEra Energy and FPL for significant retrospective assessments and/or retrospective insurance premiums in the event of an incident at certain nuclear generation facilities; increased operating and capital expenditures and/or result in reduced revenues at nuclear generation facilities of NextEra Energy or FPL resulting from orders or new regulations of the Nuclear Regulatory Commission; inability to operate any of NextEra Energy Resources’ or FPL’s owned nuclear generation units through the end of their respective operating licenses; effect of disruptions, uncertainty or volatility in the credit and capital markets on NextEra Energy’s and FPL’s ability to fund their liquidity and capital needs and meet their growth objectives; inability of NextEra Energy, FPL and NextEra Energy Capital Holdings, Inc. to maintain their current credit ratings; impairment of NextEra Energy’s and FPL’s liquidity from inability of credit providers to fund their credit commitments or to maintain their current credit ratings; poor market performance and other economic factors that could affect NextEra Energy’s defined benefit pension plan’s funded status; poor market performance and other risks to the asset values of NextEra Energy’s and FPL’s nuclear decommissioning funds; changes in market value and other risks to certain of NextEra Energy’s investments; effect of inability of NextEra Energy subsidiaries to pay upstream dividends or repay funds to NextEra Energy or of NextEra Energy’s performance under guarantees of subsidiary obligations on NextEra Energy’s ability to meet its financial obligations and to pay dividends on its common stock; the fact that the amount and timing of dividends payable on NextEra Energy’s common stock, as well as the dividend policy approved by NextEra Energy’s board of directors from time to time, and changes to that policy, are within the sole discretion of NextEra Energy’s board of directors and, if declared and paid, dividends may be in amounts that are less than might be expected by shareholders; NEP’s inability to access sources of capital on commercially reasonable terms could have an effect on its ability to consummate future acquisitions and on the value of NextEra Energy’s limited partner interest in NextEra Energy Operating Partners, LP; and effects of disruptions, uncertainty or volatility in the credit and capital markets on the market price of NextEra Energy’s common stock. NextEra Energy and FPL discuss these and other risks and uncertainties in their annual report on Form 10-K for the year ended December 31, 2016 and other SEC filings, and this news release should be read in conjunction with such SEC filings made through the date of this news release. The forward-looking statements made in this news release are made only as of the date of this news release and NextEra Energy and FPL undertake no obligation to update any forward-looking statements.