FPL te restore kouran bay tout kliyan ki te afekte nan tanpèt twopikal Isaias pandan pandemi COVID-19
- Apeprè 40,000 kliyan te retabli anvan tanpèt enprevizib ki t-ap deplase Dousman an kite eta a
- Ekip nou yo te travay pandan tout fen semèn nan pou retabli kouran yo pandan Isaias t-ap deplase sou kòt lès Florid la
- Teknoloji kadriyaj intéligen yo te ede evite apeprè 18,000 blakawout e te ede nan vités restorasyon, dapre estimasyon preliminè
- FPL ankouraje kliyan yo rete prepare pou plis posibilite tan twopikal pandan sezon sa a
August 3, 2020

JUNO BEACH, Fla. - Florida Power & Light Company (FPL) te restore sèvis bay tout kliyan ki te afekte nan Tanpèt Twopikal Isaias. Pandan ke te gen apepré 40,000 kliyan ki te nan blakawout, estimasyon preliminè montre teknoloji kadriyaj entelijan nan konpayi an te ede evite apeprè 18,000 blakawout. Kòz ki mennen blakawout yo se te vejetasyon ak debri ki soufle nan liy kouran yo. Kounye a FPL  ap travay ak lòt sèvis piblik nan nò yo pou ede replase ekip travayé kite vi-n ede e mete resous disponib pou ede reponn a Isaias pandan l-ap deplase nan direksyon Carolinas yo.

Eric Silagy, prezidan ak Direktè FPL, te di: “Sa se te yon sitiyasyon san parèy paske, pou la pwemye fwa nan istwa ki anrejistre, Florid te fè de deklarasyon sou eta dijans yon pandemi ak yon siklòn. Nou t-ap prepare pou moman sa a depi gravite COVID-19 te parét nan kòmansman ane a, e nou te aplike pwoteksyon siplemantè nan preparasyon restorasyon nou an. Mwen kontan ke ekip nou yo egzekite pratik COVID-19 san danje epi yo p-at soufri okenn blesi nan zafé efò restorasyon pandan yo t-ap travay pou yo bay kliyan yo limyè. Menm jan ak tout repons tanpèt nou yo, n ap kontinye chèche opòtinite pou nou mete amelyorasyon epi pou nou aplike yo pi devan.”

Silagy di konsa, “Mèsi kliyan nou yo pou pasyans yo, nou te travay 24 sou 24 pou retabli sèvis yo pandan tanpèt la t-ap deplase pou-l ale nan nò. Mwen ta tou renmen remèsye patnè endistri nou yo pou tét yo te ede nou ranfòse travay nou yo, menm jan pou Gouvènè Florid Ron DeSantis, lapolis, premye sekouris ak lòt otorite leta lokal pou èd yo te ban nou pou nou te kapab bay limyè yo byen vit. Nou fék kòmanse antre nan tèt sezon siklòn nan, mwen ankouraje kliyan yo rete vijilan epi prepare. Li pa yon kesyon de si – se yon kesyon de lè pwochen tanpèt la ap afekte zòn nou an.”

Pa chif yo

  • Apeprè 40,000 kliyan retabli anvan Isaias kite eta a.
  • Pi gro kantite blakawout la te jis pase 5,000 nan nenpòt moman pandan tanpèt la.
  • An mwayèn kouran yon kliyan te retabli nan apeprè 85 minit.
  • Estimasyon Preliminè yo te montre apeprè 18,000 blakawout te evite gras a envestisman nan teknoloji kadriyaj entélijan yo.
  • Apeprè 50 drón te deplwaye pou ede ekip yo wé domaj nan zòn ki p-at gen aksè oswa ki te inonde.

Florida Power & Light Company
Kompayi Florida Power & Light la se pi gwo konpayi enèji Ozetazini  sa mezire pa jan yo pwodwi e van elektrisite an detay, kote yo sèvi plis pase 5.1 milyon kont kliyan oswa yon estime de 10 milyon+ moun atravè eta Florid la. Nòmal bòdwo kliyan rezidansyèl FPL nan 1,000-kWh sa apeprè 30 pousan pi ba pase dènye mwayèn nasyonal la e li pi ba pami lòt ki ba nan Etazini. Sèvis FPL la pi bon pase 99.98 pousan, ak plant elekrik trè efikas flòt enèji efikas nan gaz se youn nan sa ki pi pwòp nan tout konpayi elektrik nan tout peyi a. Nan 2020 konpayi an te rekonèt kòm youn nan sèvis piblik elektrik nan U.S ke Market Strategies International pi fè konfyans pandan senk ane konsekitif. Yon anplwayè kap dirije nan Florid avèk apeprè 8,900 anplwaye, FPL se yon sipòtè de Juno Beach, Florid ki baze NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE), yon konpayi enèji pwòp lajman rekonèt pou efò li nan dirab, etik ak divèsite, e li te ... klase kòm nimewo 1 nan endistri sèvis elektrik ak gaz yo nan lis 2020 Fortune nan "Konpayi ki pi admire nan mond lan". NextEra Energy se yon konpayi ki menm fanmi ak Gulf Power Company, ki sèvi plis pase 470,000 kliyan nan uit konte nan tout Nòdwès Florid la, ak NextEra Energy Resources, LLC, ki ansanm ak antite afilye li yo, se pi gwo generator enèji renouvlab ki soti nan van ak solèy ak yon lidè nan mond lan nan zafe storage batri. Pou plis enfòmasyon sou NextEra Energy Company, vizite sit entènèt sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.GulfPower.com, www.NextEraEnergyResources.com.

Pou plis enfòmasyon: Liy Medya: 561-694-4442 @ FPL_Newsroom