FPL retabli kouran pou plis pase 90% kliyan ki te afekte nan tanpèt twopikal Eta a
- Prèske 300,000 kliyan gentan retabli depi 3 p.m.; 39,000 kliyan rete san kouran apati de 3 p.m.
- Mendèv restorasyon an se 12,000 e pwisan nan 21 eta yo
- Ekip yo kontinye travay 24 sou 24 pou retabli pann kouran yo
- Teknoloji kadriaj entelijan te ede evite prèske 50,000 pann e mete vitès nan restorasyon
- FPL ankouraje kliyan yo pou yo rete an sekirite, evite liy kouran ki tonbe ak dlo-k até
November 9, 2020

JUNO BEACH, Florid - Florid Power & Light Company (FPL) jodi a te anonse ke apati de 3 p.m., li te retabli kouran pou plis pase 90% kliyan - oswa prèske 300,000 kliyan - ki te afekte nan tanpèt twopikal Eta.

Eric Silagy, prezidan ak Direktè Jeneral FPL, di: “Mendèv restorasyon 12,000 nou yo te travay tout lannwit nan mitan vag move tan pou retabli sèvis e yo pap sispann travay jiskaske tout dènye kliyan yo retabli.” “Nou te fè eksperyans move efè tanpèt la yè swa ak bonè matin an. Eta te kite rejyon an e ekip nou yo kounye a ap travay katye pa katye pou tout kliyan nou yo ka gen limié. Nou wè tou gen kèk zòn ki inonde grav li pral pran plis tan pou retabli pann kouran moune sa yo.”

Kounye a fós van tanpèt twopikal la rive a 310 mil soti nan sant tanpèt la epi yo pral kontinye afekte pwent sid la nan penensil la pou plizyè jou. Nan zòn ki afekte nan inondasyon, ekip yo dwe tann pou dlo inondasyon yo bese anvan yo kapab jwenn aksè ak ekipman epi pou yo retabli kouran an. Pyebwa ki tonbe ak debri ki vole yo se kòz prensipal pann kouran yo.

“Premye rapò yo montre ke teknoloji entelijan kadriyaj nou an te ede nou evite prèske 50,000 pann ak ede ekip yo retabli kouran pi vit,” Silagy te di. “Sa se rezilta nan amelyorasyon ke nou te fé lé nou te bati yon kadriyaj ki pi fò e pi entelijan pou nou te ka fè li miyó pou kliyan nou yo e ba yo sèvis serye kote ke yo ka konte sou nou nan bon tan ak move tan.”

Sa a te yon sezon siklòn istorik kote ekip asistans mityèl yo te travay plizyè katastwòf natirèl nan tout peyi a. Tyler Barry, yon travayé liy nan sé konpayi FPL ki rele Gulf Power depi 2014, li se youn nan moun ki bay asistans mityèl pou Eta e li fé pati nan ekip restorasyon nou de 12,000. Li te vwayaje tou nan Lwizyana pou ede apre siklòn Laura nan mwa Out.

Barry di: “Teritwa ki jwen sévis nan men Gòlf Power te afekte pa plizyè tanpèt sezon sa a.” “Lè nou te frape ak Siklòn Sally, se te yon gwo soulajman pou kòlèg nou yo soti nan FPL vi-n ede sipòte restorasyon an. Li ta-p enposib si nou pa-t gen lòt konpayi elektrik ki te vi-n ede nou. Se konsa, nou kontan ranbouse favè a e vin ede sipòte konpayi sè nou yo ak kliyan li yo.”

Kliyan yo ta dwe kontinye koute avètisman ofisyèl lokal yo ak leta yo. Tanpri kenbe sekirite nan lide nou. Pa soti nan fè nwa a, paske ou pa-p ka wè  liy kouran ki tonbe e ki danjere. Epitou, evite dlo ki até ya ak debri.

N-ap kenbe ou enfòme
Apre move tan, nou konnen ou bezwen plis enfòmasyon ke posib pou ou ka pran desizyon pou ou menm ak fanmi ou. Chak tanpèt diferan, men objektif nou se fè ou jwenn enfòmasyon egzat le pli vit ke li disponib. Restorasyon nou an ap swiv chemen tanpèt la, e na-p soti an fòs pou nou  evalye domaj e restore sèvis depi kondisyon yo an sekirite. Nou pwomèt pou nou kominike enfòmasyon espesific de pli zan pli le pli vit ke nou kapab.

Nou pral pataje pi bon, e pi resan enfòmasyon nou genyen pi vit ke posib nan medya tradisyonèl yo, medya sosyal yo, FPL.com ak app FPL la.

Reponn sou COVID-19
Kòm repons a pandemi coronavirus mondyal la, plan nou se pou nou pran mezi prekosyon pou sekirite kliyan nou yo ak travayè restorasyon nou yo. Ladan-l nap gen egzamen sante chak jou pou pèsonèl restorasyon yo ak ajisteman nan plas rasanbleman kote gen gwo kantite travayè restorasyon pou pèmèt plis distans sosyal ke posib epi ajoute plis plas rasanbleman pou travayé.

Kisa ke na-p fé
Nan FPL, na-p travay pou retabli pann kouran ke Eta te lakóz:

  • Nou gen yon ekip de 12,000 ki devye a retabli kouran soti nan 21 eta jiska rive Texas.
  • Nou realoke resous adisyonèl nan konpayi an pou ede efò restorasyon an fét pi vit.
  • Nou gen 80 ekip dron pou ede sonde domaj e mete vités nan restorasyon.
  • Kounye a nou gen plis pase 30 plas rasenbleman ak lojistik nan tout zòn sèvis nou an pou mete vités nan zafé restorasyon.
  • Na-p kowòdone repons nou yo ak konte e eta sant operasyon ijans.

Kisa ou ka fè

  • Akòz pandemi COVID-19 la, si kliyan wè ekip nou yo a-p travay, tanpri sonje kenbe bon distans sosyal.
  • Lè wap kondwi tanpri kite wout la klè pou kamyon FPL pou ke ekip yo ka ale nan pwochen sit travay yo pi vit.
  • Evite kanpe ekip yo pou mande kilè yo pral retabli kouran an.
  • Trete tout limyè trafik ki an pann tankou yon arè nan kat kafou.
  • fè atansyon ak avètisman lòd evakyasyon ofisyèl lokal eta a ak federal eli yo.

Resous adisyonèl

Ki jan pou-w rete enfòme

FPL kominike enfòmasyon restorasyon kliyan yo souvan nan newsmedia a ak resous sa yo:

  • FPL sit entènèt: FPL.com
  • Twitter:  twitter.com/ insideFPL
  • Facebook: facebook.com/ FPLconnect
  • Blog FPL blog: FPLblog.com
  • FPL Power Tracker: FPL.com/ powertracker
  • FPLapp: oswa tèks mo “App a” toMyFPL (69375)                                                                                         

###

Florida Power & Light Company
Kompayi Florida Power & Light la se pi gwo konpayi enèji Ozetazini sa mezire pa jan yo pwodwi e van elektrisite an detay, kote yo sèvi plis pase 5.1 milyon kont kliyan oswa yon estime de 10 milyon ou+ moun atravè eta Florid la. Nòmal bòdwo kliyan rezidansyèl FPL nan 1,000-kWh sa apeprè 30 pousan pi ba pase dènye mwayèn nasyonal la e li pi ba pami lòt ki ba nan Etazini. Sèvis FPL la pi bon pase 99.98 pousan, ak plant elekrik trè efikas flòt enèji efikas nan gaz se youn nan sa ki pi pwòp nan tout konpayi elektrik nan tout peyi a. Nan 2020 konpayi an te rekonèt kòm youn nan sèvis piblik elektrik nan U.S ke Market Strategies International pi fè konfyans pandan sèt ane konsekitif. Yon anplwayè kap dirije nan Florid avèk apeprè 8,900 anplwaye, FPL se yon sipòtè de Juno Beach, Florid ki baze NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE), yon konpayi enèji pwòp lajman rekonèt pou efò li nan dirab, etik ak divèsite, e li te ... klase kòm nimewo 1 nan endistri sèvis elektrik ak gaz yo nan lis Fortune 2020 "Konpayi ki pi admire nan mond lan". NextEra Energy se yon konpayi ki menm fanmi ak Gulf Power Company, ki sèvi plis pase 470,000 kliyan nan uit konte nan tout Nòdwès Florid la, ak NextEra Energy Resources, LLC, ki ansanm ak antite afilye li yo, se pi gwo generator enèji renouvlab ki soti nan van ak solèy ak yon lidè nan mond lan nan zafe storage batri. Pou plis enfòmasyon sou NextEra Energy Company, vizite sit entènèt sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.GulfPower.com, www.NextEraEnergyResources.com.