FPL reponn a pann kouran ki te lakóz pa Tanpèt Twopikal Eta; atann pou move tan sa-a afekte penensil sid Florid la pandan plizyè jou
- ekip apeprè de 10,000 deja retabli kouran bay plis pase 50,000 kliyan ki te afekte nan Eta
- Pi move efè tanpèt la a-p vini pita aswè a ak demen maten
- Ekip yo kontinye reponn a pann kouran pandan ya-p rive; restorasyon ap swiv chemen tanpèt la pandan l ap kite chak rejyon
- FPL ankouraje kliyan yo pou yo rete an sekirite, evite liy kouran ki tonbe ak dlo ki até a
- Telechaje app FPL la voye tèks mo "App" nan MyFPL (69375) oswa enskri nan alèt voye tèks mo "Join" nan MyFPL (69375)
November 8, 2020

JUNO BEACH, Florid. - Florida Power & Light Company (FPL) jodi a te anonse ke apati de midi (12:00), li te retabli kouran pou plis pase 50,000 kliyan depi premye enpak Tanpèt Twopikal Eta yè byen ta, epi pann yo kontinye fèt pandan na-p santi efè tanpèt la. Vag move tan ki grav sa yo a-p afekte tout zòn atravé penensil sid la epi yo pral lakòz pàn adisyonèl pandan plizyè jou kap vini yo.

Eric Silagy, Prezidan ak Direktè Jeneral FPL, di: "Ekip restorasyon nou an te travay pandan tout nwit lan pou retabli pann kouran yo, e ya-p kontinye travay nan mitan vag move tan an, tout otan kondisyon yo pèmèt yo, pou yo retabli pann ki te koze pa Eta." "Tanpèt twopikal sa a se yon fòs pwisan nan lanati ki pa ta dwe pran alalejè, epi li pral kontinye afekte pati nan zòn sèvis nou an pandan plizyè jou. Eta ap pote gwo rafal van, gwo lapli, inondasyon ak petét tònad, ki ta ka kreye konplicasyon nan restorasyon ak pann ki dire pi lontan. Nan kèk pati nan zòn nou an, tè a deja satire ak dlo ki lakòz pyebwa pi fasil dechouke ak ranvèse sou liy kouran elektrik. An reyalite, nou te deja wè pann ki te lakóz pa pyebwa ki tonbe ak vejetasyon. Poze nou, ekip nou yo pa pral sispann travay jiskaske limyè tout moun gen limié."

Nan zòn ki afekte nan inondasyon, ekip yo dwe tann pou dlo inondasyon yo bese anvan yo kapab jwenn aksè pou yo sévi ak ekipman epi retabli kouran yo. Apre yon move tan, ekip yo dwe koupe pye bwa ak lòt vejetasyon ki tonbe nan liy kouran elektrik yo, oswa ki nan chemen an, pou yo ka  jwenn e ranje domaj san danje epi pi vit ke posib. Akòz de nati Eta ka-p pwolonje, kliyan ka sibi plis pase yon sél pann kouran pandan vag move tan an a-p deplase atravè penensil la pandan plizyè jou kap vini yo. Ekip yo ap travay san rete, toutotan van yo pi ba pase 35 mil pa é (35 MPH) e kondisyon yo an sekirite.

Nou te prepozisyone ekip ak resous atravè zòn sèvis nou an pou nou ka reponn a pann kouran pandan yo rive. Travay sa a kòmanse anvan vag ekstèn tanpét la te enpakte eta a. Sipèvizè Depo FPL Jason Mills, ki avék konpayi an pou plis pase ke 20 an, travay pou-l asire ke nou gen ase ekipman pou-n reponn a yon tanpèt. "Travay mwen se asire ke nou gen ekipman ki apwopriye nan kote ki apwopriye pou ou ka rejwenn kouran san danje epi pi vit ke posib," Mills te di. "Nou gen kék jou na-p travay pou nou asire ke nou prepare e pare pou nou reponn lè kliyan nou yo bezwen nou pi plis la."

Kliyan yo ta dwe kontinye koute avètisman ofisyèl lokal yo ak leta yo. Tanpri kenbe sekirite nan lide nou. Pa soti nan fè nwa a, paske ou pa-p ka wè  liy kouran ki tonbe e ki danjere. Epitou, evite dlo ki até ya ak debri.

Kounia a fós van tanpèt twopikal la depase 125 mil soti nan sant tanpèt la epi yo pral afekte pati nan zòn sèvis nou an pandan plizyè jou kap vini yo. Tanpèt danjere ak mòtèl sa a deja fé ravaj atravè Amerik Santral ak Karayib la.

"Kè nou ap rache pou moun ki afekte nan devastasyon Eta a nan Amerik Santral ak moun ki aktyèlman ap afekte nan Karayib yo,"Silagy te di. "se yon ké kase pou wè domaj ki te fét pa gwo lapli ki fé wout tounen rivyè ak ma labou glise mòtèl nan tout Amerik Santral. Sa se yon sinyal pouvwa kólé Manman Lanati e ke nou paka rete bra kwaze menm lé nou an reta nan sezon tampét.

N-ap kenbe ou enfòme
Apre move tan, nou konnen ou bezwen plis enfòmasyon ke posib pou ou ka pran desizyon pou ou menm ak fanmi ou. Chak tanpèt diferan, men objektif nou se fè ou jwenn enfòmasyon egzat le pli vit ke li disponib. Pandan Eta ap apwoche kòt Florid la epi afekte zòn sèvis nou an pandan plizyè jou, restorasyon nou an ap swiv chemen tanpèt la pandan l ap kite chak rejyon. Na-p soti an fòs pou nou  evalye domaj e restore sèvis. Nou dwe jwenn yon evalyasyon solid sou tout limit domaj la anvan nou ka bay estimasyon sou kilè kouran pral retabli. Nou pwomèt pou nou kominike enfòmasyon espesific de pli zan pli le pli vit ke nou kapab.

Nou pral pataje pi bon, e pi resan enfòmasyon nou genyen pi vit ke posib nan medya tradisyonèl yo, medya sosyal yo, FPL.com ak app FPL la.

Reponn sou COVID-19
Kòm repons a pandemi coronavirus mondyal la, plan nou se pou nou pran mezi prekosyon pou sekirite kliyan nou yo ak travayè restorasyon nou yo. Ladan-l nap gen egzamen sante chak jou pou pèsonèl restorasyon yo ak ajisteman nan plas rasanbleman kote gen gwo kantite travayè restorasyon pou pèmèt plis distans sosyal ke posib epi ajoute plis plas rasanbleman pou travayé.

Kisa ke na-p fé
Nan FPL, n-ap finalize preparasyon pou enpak Eta:

  • Nou gen yon ekip de 10,000 ki devye a retabli kouran soti nan 22 eta juska rive Texas.
  • Nou realoke resous adisyonèl nan konpayi an pou ede efò restorasyon an fét pi vit.
  • Nou gen 100 ekip dron pou ede sonde domaj e mete vités nan restorasyon.
  • Kounye a nou gen plis pase 30 plas rasenbleman ak lojistik nan tout zòn sèvis nou an pou mete vités nan zafé restorasyon, tankou Metro Zoo nan Miami, Sarasota Fairgrounds, Collier County Fairgrounds ak Daytona International Speedway.
  • Na-p kowòdone repons nou yo ak konte e eta sant operasyon ijans.

Kisa ou ka fè

  • Akòz pandemi COVID-19 la, si kliyan wè ekip nou yo a-p travay, tanpri sonje kenbe bon distans sosyal.
  • Lè wap kondwi tanpri kite wout la klè pou kamyon FPL pou ke ekip yo ka ale nan pwochen sit travay yo pi vit.
  • Evite kanpe ekip yo pou mande kilè yo pral retabli kouran an.
  • fè atansyon ak avètisman lòd evakyasyon ofisyèl lokal eta a ak federal eli yo.

Resous adisyonèl

Kliyan yo ka download app FPL pou lè ya-p deplase, ya-p jwen aksè kont yo instan e sekirize. Kliyan yo ka rapòte oswa jwenn dènye enfòmasyon sou yon pann kouran e yo ka rapóte liy ki até nan app FPL la. App la disponib pou telechaje nan iOS App Store ak Google Play. Pou telechaje app FPL la byen vit, tèks mo "App" nan MyFPL (69375). Kliyan yo ka enskri enfòmasyon ki pi resan sou tanpèt  tèks mo "Join" nan MyFPL (69375).

Ki jan pou-w rete enfòme
FPL kominike enfòmasyon restorasyon kliyan yo souvan nan newsmedia a ak resous sa yo:

  • FPL sit entènèt: FPL.com
  • Twitter:  twitter.com/ insideFPL
  • Facebook: facebook.com/ FPLconnect
  • Blog FPL blog: FPLblog.com
  • FPL Power Tracker: FPL.com/ powertracker
  • FPLapp: Download from the App Store or Google play, oswa tèks mo "App a" toMyFPL (69375)

                                                                                         ###

Florida Power & Light Company
Kompayi Florida Power & Light la se pi gwo konpayi enèji Ozetazini sa mezire pa jan yo pwodwi e van elektrisite an detay, kote yo sèvi plis pase 5.1 milyon kont kliyan oswa yon estime de 10 milyon ou+ moun atravè eta Florid la. Nòmal bòdwo kliyan rezidansyèl FPL nan 1,000-kWh sa apeprè 30 pousan pi ba pase dènye mwayèn nasyonal la e li pi ba pami lòt ki ba nan Etazini. Sèvis FPL la pi bon pase 99.98 pousan, ak plant elekrik trè efikas flòt enèji efikas nan gaz se youn nan sa ki pi pwòp nan tout konpayi elektrik nan tout peyi a. Nan 2020 konpayi an te rekonèt kòm youn nan sèvis piblik elektrik nan U.S ke Market Strategies International pi fè konfyans pandan sèt ane konsekitif. Yon anplwayè kap dirije nan Florid avèk apeprè 8,900 anplwaye, FPL se yon sipòtè de Juno Beach, Florid ki baze NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE), yon konpayi enèji pwòp lajman rekonèt pou efò li nan dirab, etik ak divèsite, e li te ... klase kòm nimewo 1 nan endistri sèvis elektrik ak gaz yo nan lis Fortune 2020 "Konpayi ki pi admire nan mond lan". NextEra Energy se yon konpayi ki menm fanmi ak Gulf Power Company, ki sèvi plis pase 470,000 kliyan nan uit konte nan tout Nòdwès Florid la, ak NextEra Energy Resources, LLC, ki ansanm ak antite afilye li yo, se pi gwo generator enèji renouvlab ki soti nan van ak solèy ak yon lidè nan mond lan nan zafe storage batri. Pou plis enfòmasyon sou NextEra Energy Company, vizite sit entènèt sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.GulfPower.com, www.NextEraEnergyResources.com.