FPL prevwa potansyèl pou blakawout toupatou ak move tan pandan plizyè jou akòz de Tanpèt Twopikal Eta; ekip restorasyon nou an ki gen apeprè 10,000 pare pou reponn lè tanpèt la ap pwoche bò Sid Florid
- Plan repons ijans FPL la sou pye
- FPL prevwa potansyèl pou blakawout toupatou soti nan Treasure Coast nan Konte Miami-Dade ak nan tout Sidwès Florid
- Na-p prepozisyone apeprè 10,000 pèsonèl ka-p pare pou reponn; n-ap travay pou sekirite plis
- Pati nan sid penensil Florid la deja santi premye enpak ki soti nan bann ekstèn Eta a; ekip yo ap kontinye retabli sèvis toutotan li an sekirite
- Nou ankouraje kliyan yo fè preparasyon final ak pran prekosyon
- Telechaje app FPL la voye tèks mo "App" nan MyFPL (69375) oswa enskri nan alèt voye tèks mo "Join" nan MyFPL (69375)
November 7, 2020

JUNO BEACH, Florid. - Florida Power & Light Company (FPL) ap mande kliyan yo pou prepare yo pou blakawout toupatou pandan tanpèt twopikal Eta ap pwoche bò sid Florid. Baze sou prévisyon aktyèl la, entansite ak modèl istorik FPL la, konpayi an estime yon kantite siyifikatif kliyan ki soti nan kòt trezò a pou rive nan Konte Miami-Dade ak zòn nan tout sidwès Florid  kapab eksperimante pann kouran paske move tan afekte sid penensil Florid la pandan plizyè jou. Nan kèk zòn, kliyan kapab sibi plis ke yonsel pann kouran pandan bann move tan an a-p deplase.

Eric Silagy, prezidan ak Direktè Jeneral FPL di, "Nou konprann enkyetid ak fristrasyon kliyan nou yo santi paske yo gen pou yo prepare pou yon tanpèt ki an reta nan sezon siklòn san parèy sa a." "Nou te rasanble yon ekip restorasyon apeprè 10,000 e n-ap travay pou sekirize pi plis pèsonèl. Premye bann ekstèn Eta yo deja kòmanse afekte kèk pati nan Sid Florid, sa ki pote gwo van, gwo lapli ak inondasyon lokalize. Nou ankouraje kliyan yo pou yo konplete dènye preparasyon yo, prepare pou blakawout epi fè sekirite pi gwo priyorite yo. "

Fós van tanpèt twopikal yo pwolonje 105 kilomèt soti nan sant tanpèt la e gen prevision ke move tan ap afekte Sid Florid la pou plizyè jou. Gwo lapli, inondasyon, gwo van ak posiblite tònad ka lakòz pyebwa tonbe ak debri ka-p vole, kreye defi pou restorasyon ak pann kouran pwolonge. Nan zòn ki afekte nan inondasyon, ekip yo dwe tann pou dlo inondasyon yo bese anvan yo kapab jwenn aksè pou yo sévi ak ekipman epi retabli kouran yo. Apre yon move tan, ekip yo dwe koupe pye bwa ak lòt vejetasyon ki tonbe nan liy kouran elektrik yo, oswa ki nan chemen an, pou yo ka  jwenn e ranje domaj san danje epi pi vit ke posib. Nou ankouraje kliyan yo pou yo pran tan kounye a pou prepare yo pou pann ki ka dire lontan oswa plis pase yon sel pann kouran pandan tanpèt la.

Mendèv restorasyon
"Pandan ke nou te voye yon total konbine de apeprè 7,300 anplwaye ak kontraktè pou ede lòt sèvis piblik senk fwa pandan sezon siklòn san parèy sa a, nou reyalize ke nou ka pa resevwa menm nivo sipò pou tanpèt sa a akòz katastwòf natirèl kontinyèl nan tout peyi a, ki gen ladan tanpèt glas ak dife, menm jan ak pann kouran ki toujou la akoz de siklòn, "Silagy te di. "pou nou simplifye-l avék mwens moun se plis tan la-pran pou kouran yo retabli. Se poutèt sa li enpòtan ke ou prepare kounye a - epi prepare pou posibilite blakawout pwolonge. "

McKenley Romeo, manadjè zòn Distribisyon North Broward FPL ki ak konpayi an depi 1994, te sipòte  efò asistans mityèl sezon siklòn sa a, li ede retabli kouran apre siklòn Sally ak siklòn Zeta.

"Mwen fék retounen soti Mississippi, kote mwen te ede retabli kouran bay moun ki te afekte pa Siklòn Zeta,"Romeo te di. "Koulye a, nou gen Eta, epi li pral pote van tanpèt twopikal-fòs ak gwo lapli nan Florid. Nou konnen ke tanpèt sa a pral lakòz blakawout toupatou. Mwen jis vle kliyan nou yo konnen ke nou prepare e ekip mwen an pa-p sispann jiskaske limyè tout moun yo tounen. Tanpri, asire w ke ou prepare epi rete an sekirite. "

"Pa fè okenn erè, yon tanpèt twopikal se yon fòs pwisan nan lanati ki ka lakòz inondasyon ak anpil domaj nan eta nou an," Silagy te di. "ekip restorasyon nou an deja reponn a pann kouran e restorasyon nou an ap swiv chemen tanpèt la. Ekip nou yo ap travay san rete, toutotan van yo pi ba pase 35 MPH (35 mil a lé) e kondisyon yo an sekirite. Nou remèsye ofisyèl leta ak lokal nou yo ak pèsonèl sipò ijans pou kowòdinasyon sere yo, epi nou remèsye kliyan nou yo davans pou pasyans yo. "

N-ap kenbe ou enfòme
Apre move tan, nou konnen ou bezwen plis enfòmasyon ke posib pou ou ka pran desizyon pou ou menm ak fanmi ou. Chak tanpèt diferan, men objektif nou se fè ou jwenn enfòmasyon egzat le pli vit ke li disponib. Pandan Eta ap apwoche kòt Florid la epi afekte zòn sèvis nou an pandan plizyè jou, restorasyon nou an ap swiv chemen tanpèt la pandan l ap kite chak rejyon. Na-p soti an fòs pou nou  evalye domaj e restore sèvis. Nou dwe jwenn yon evalyasyon solid sou tout limit domaj la anvan nou ka bay estimasyon sou kilè kouran pral retabli. Nou pwomèt pou nou kominike enfòmasyon espesific de pli zan pli le pli vit ke nou kapab.

Nou pral pataje pi bon, e pi resan enfòmasyon nou genyen pi vit ke posib nan medya tradisyonèl yo, medya sosyal yo, FPL.com ak app FPL la.

Reponn sou COVID-19
Kòm repons a pandemi coronavirus mondyal la, plan nou se pou nou pran mezi prekosyon pou sekirite kliyan nou yo ak travayè restorasyon nou yo. Ladan-l nap gen egzamen sante chak jou pou pèsonèl restorasyon yo ak ajisteman nan plas rasanbleman kote gen gwo kantite travayè restorasyon pou pèmèt plis distans sosyal ke posib epi ajoute plis plas rasanbleman pou travayé.

Kisa ke na-p fé
Nan FPL, n-ap finalize preparasyon pou enpak Eta:

  • Nou mobilize ak prepozisyone ekip restorasyon nou an, pou yo ka kòmanse travay byen vit le pli vit ke li an sekirite pou yo fè sa. Prèske 10,000 pèsonèl gentan pran angajeman pou sa fèt epi na-p travay pou nou sekirize plis.
  • Nou realoke resous adisyonèl nan konpayi an pou ede efò restorasyon an fét pi vit.
  • Nou prepare pou nou pozisyone ekip nou yo nan plis pase 30 sit nan tout zòn sèvis nou yo  pou restorasyon ka fè-t pi vit.
  • Na-p kowòdone repons nou yo ak konte e eta sant operasyon ijans.

FPL ankouraje kliyan yo pou yo revize plan ijans fanmi yo ak biznis yo,

 veye devlopman tanpèt la de pré, fè atansyon ak avètisman lòd evakyasyon ofisyèl lokal eta a ak federal eli yo. Konséy preparasyon ak sekirite disponib nan FPL.com/Storm.

Pou fè nou sonje, pifò konte nan zòn tanpèt sispann ranmase fatra ak debri anvan yon tanpèt. Tanpri, pa koupe pyebwa kounye a, paske gwo van ka fè branch ki koupe yo ak bagay ka-p vole vi-n yon danje. Sepandan, si ou te deja koupe pyebwa, tanpri mare oswa sekirize branch ki lach ak lòt debri pou-w ka ede anpeche pann.

Resous adisyonèl

Kliyan yo ka download app FPL pou lè ya-p deplase, ya-p jwen aksè kont yo instan e sekirize. Kliyan yo ka rapòte oswa jwenn dènye enfòmasyon sou yon pann elektrik. App la disponib pou telechaje nan iOS App Store ak Google Play. Pou telechaje app FPL la byen vit, tèks mo "App" nan MyFPL (69375). Kliyan yo ka enskri enfòmasyon ki pi resan sou tanpèt  tèks mo "Join" nan MyFPL (69375)

Ki jan pou nou rete enfòme

FPL kominike enfòmasyon restorasyon kliyan yo souvan nan newsmedia a ak resous sa yo:

  • FPL sit entènèt: FPL.com
  • Twitter: twitter.com/insideFPL
  • Facebook: facebook.com/FPLconnect
  • Blog FPL blog: FPLblog.com
  • FPL Power Tracker: FPL.com/powertracker
  • FPLapp: Download from the App Store or Google play, oswa tèks mo "App a" toMyFPL (69375)

                                                                                      ###

Florida Power & Light Company
Kompayi Florida Power & Light la se pi gwo konpayi enèji Ozetazini sa mezire pa jan yo pwodwi e van elektrisite an detay, kote yo sèvi plis pase 5.1 milyon kont kliyan oswa yon estime de 10 milyon ou+ moun atravè eta Florid la. Nòmal bòdwo kliyan rezidansyèl FPL nan 1,000-kWh sa apeprè 30 pousan pi ba pase dènye mwayèn nasyonal la e li pi ba pami lòt ki ba nan Etazini. Sèvis FPL la pi bon pase 99.98 pousan, ak plant elekrik trè efikas flòt enèji efikas nan gaz se youn nan sa ki pi pwòp nan tout konpayi elektrik nan tout peyi a. Nan 2020 konpayi an te rekonèt kòm youn nan sèvis piblik elektrik nan U.S ke Market Strategies International pi fè konfyans pandan sèt ane konsekitif. Yon anplwayè kap dirije nan Florid avèk apeprè 8,900 anplwaye, FPL se yon sipòtè de Juno Beach, Florid ki baze NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE), yon konpayi enèji pwòp lajman rekonèt pou efò li nan dirab, etik ak divèsite, e li te ... klase kòm nimewo 1 nan endistri sèvis elektrik ak gaz yo nan lis Fortune 2020 "Konpayi ki pi admire nan mond lan". NextEra Energy se yon konpayi ki menm fanmi ak Gulf Power Company, ki sèvi plis pase 470,000 kliyan nan uit konte nan tout Nòdwès Florid la, ak NextEra Energy Resources, LLC, ki ansanm ak antite afilye li yo, se pi gwo generator enèji renouvlab ki soti nan van ak solèy ak yon lidè nan mond lan nan zafe storage batri. Pou plis enfòmasyon sou NextEra Energy Company, vizite sit entènèt sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.GulfPower.com, www.NextEraEnergyResources.com