FPL mobilize mendèv restorasyon a prèske 16,000; nou ankouraje kliyan yo pou yo pran prekosyon pandan pwisan siklòn Dorian ap apwòche
- Plan repons pou ijans FPL nan rout
- Nou pozisyone mendèv restorasyon nou an; e prèske 16,000 anplwaye deja angaje ak plan pou dè milye ankò
- Nou ankouraje kliyan yo pou yo fè preparasyon ak pran prekosyon
- Download app FPL la voye tèks mesaj "App" nan MyFPL (69375) oswa enskri nan alèt voye tèks mesaj "Join" nan MyFPL (69375)
August 30, 2019

JUNO BEACH, Fla. - Pandan siklòn Dorian ap avanse pi pre eta a, konpayi Florida Power & Light ap fè dènye preparasyon pou retabli sèvis san danje epi pi vit ke posib dapre sa ki prevwa se yon tanpèt trè danjere.

"Pandan ke  siklòn Dorian ap apwoche Florid kòm yon gwo siklòn, FPL ap pran tanpèt sa a trè serye. Nou gen prèske 16,000 anplwaye angaje nan efò restorasyon an, e nou ap travay pou jwenn dè milye plis resous atravè peyi a avan tanpèt la rive nan teritwa a, "se sa Eric Silagy, prezidan ak CEO nan FPL te di. "Nou ap planifye 24 plas rasanbleman pou ekip nou yo ka pare pou yo retabli kouran  pi vit e san danje. Pandan ke gen anpil ensètitid konsènan chemen egzak tanpèt la, dènye pwevwa ki soti nan Sant Nasyonal Siklòn lan endike ke Dorian pwevwa pou l vin yon tanpèt pwisan, la-p pote gwo van, lapli ak vag nan gwo pati  zòn sèvis nou yo. ka gen  destriksyon ki  ka mande pou pwolonje efò restorasyon an e  mande pou rebati ekipaj  rezo enèji nan zòn sèvis nou yo. - yon travay ki entansif travay ki ta ka mezire nan semèn, pa jou. Nou se pi byen prepare pou siklòn kounye a pase nenpòt ki lè nan istwa FPL a, men pa gen okenn konpayi elektrik ki ka kampe devan siklòn. Sa nou vle di se nou ap angaje nou nan restore kouran san danje epi vit ke posib pou kliyan nou yo. "

FPL prevwa ke yon gwo pòsyon nan zòn sèvis li yo pral santi enpak Dorian e yo ka fè eksperyans nan blakawout. Yo ankouraje kliyan yo pran tan  kounye a pou prepare yo pou blakawout pou yon bon ti tan. Anplis, akòz nati tanpèt k ap apwoche a ak enpak ki gen rapò ak vejetasyon ki prevwa sou ekipman FPL, gen kèk kliyan ki ka fè eksperyans plis pase yon sèl pann pandan tout dire tanpèt la. Nou mande kliyan yo pou yo fi-n fè preparasyon pou kay yo ak fanmi yo; koute avètisman ak lòd evakyasyon nan men ofisyèl lokal, eta a ak federal yo, epi kenbe yon je sere sou devlopman tanpèt sa a.

Ki sa n-ap fè

Nan FPL, nou aktive plan repons pou ijans nou an, ki gen ladan:

  • pozisyone mendèv nou an ki gen prèske 16,000, ki gen ladan anplwaye FPL ak sèvis piblik ki   soti nan lòt eta  ak kontraktè, ki gen ekipman pou restorasyon an ka fèt pi vit.
  • N-ap Chèche plis pèsonèl restorasyon  nan tout peyi Etazini, ak pozisyone moun ki deja la yo.
  • N-ap finalize lojistik nan zòn ki gen plis chans pou yo afekte yo 
  • N-ap kowòdone repons nou yo ak sant operasyon  ijans eta a.

 Chif yo se

  • Prèske 16,000 pèsonèl restorasyon deja komèt.
  • 24 sit table deja planifye.

Resous adisyonèl

  • Kijan nou prepare pou sezon tanpèt la
  • Kouman FPL retabli Kouran
  • Rete an sekirite anvan yon tanpèt

Kliyan yo ka download app FPL la pou lè yo sou wout yo ka gen aksè instant nan kont yo. Kliyan ka rapòte oswa jwenn dènye enfòmasyon de blakawout. App la disponib pou download nan iOS App Store ak Google Play.  Pou ou download App FPL la byen vit, tèks mo "App" nan MyFPL (69375). Kliyan yo ka enskri tou pou dènye nouvèl tanpèt yo  tèks "Join" nan MyFPL (69375).

Ki jan pou ou rete enfòme

FPL kominike enfòmasyon restorasyon bay kliyan souvan nan nouvèl medya yo ak resous sa yo:

  • sit entènèt FPL: FPL.com
  • Twitter: twitter.com/insideFPL
  • Facebook: facebook.com/FPLconnect
  • FPL blog: FPLblog.com
  • FPL Power Tracker: FPL.com / powertracker
  • FPL app: download nan magazen app lan (App Store) oswa Google Play, oswa tèks mo "App" nan MyFPL (69375)

Florida Power & Light Company

Kompayi Florida Power & Light la se pi gwo konpayi enèji Ozetazini  sa mezire pa jan yo pwodwi e van elektrisite an detay, kote yo sèvi plis pase 5 milyon kont kliyan oswa yon estime de 10 milyon+ moun atravè eta Florid la. Nòmal bòdwo kliyan rezidansyèl FPL nan 1,000-kWh sa apeprè 30 pousan pi ba pase dènye mwayèn nasyonal la e li pi ba pami lòt ki ba nan Etazini. Sèvis FPL la pi bon pase 99.98 pousan, ak plant elekrik trè efikas flòt enèji efikas nan gaz se youn nan sa ki pi pwòp nan tout konpayi elektrik nan tout peyi a. Nan 2018 konpayi an te rekonèt kòm youn nan sèvis piblik elektrik nan U.S ke Market Strategies International pi fè konfyans pandan senk ane konsekitif. Yon anplwayè kap dirije nan Florid avèk apeprè 8,700 anplwaye, FPL se yon sipòtè de Juno Beach, Florid ki baze NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE), yon konpayi enèji pwòp lajman rekonèt pou efò li nan dirab, etik ak divèsite, e li te ... klase kòm nimewo 1 nan endistri sèvis elektrik ak gaz yo nan lis 2019 Fortune nan "Konpayi ki pi admire nan mond lan". NextEra Energy se yon konpayi ki menm fanmi ak Gulf Power Company, ki sèvi plis pase 460,000 kliyan nan uit konte nan tout Nòdwès Florid la, ak NextEra Energy Resources, LLC, ki ansanm ak antite afilye li yo, se pi gwo generator enèji renouvlab ki soti nan van ak solèy ak yon lidè nan mond lan nan zafe storage batri. Pou plis enfòmasyon sou NextEra Energy Company, vizite sit entènèt sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.GulfPower.com, www.NextEraEnergyResources.com.

For further information: Liy Medya: 561-694-4442