FPL gentan aktive plan repons ijans li pou Tanpèt Twopikal Elsa epi l-ap prepare pou enpak potansyèl nan Florid
- Apeprè 6,000 pèsonèl yo pare pou yo reponn
- N-ap travay pou sekirize ak prepozisyone pèsonèl adisyonèl
- Nou ankouraje kliyan yo pou yo fè preparasyon ak pran mezi prekosyon
- Telechaje app FPL la voye tèks mo “App” nan MyFPL (69375) oswa enskri nan alèt voye tèks mo “Join” nan MyFPL (69375)
July 4, 2021

JUNO BEACH, Florid – Pandan tanpèt twopikal Elsa ap avanse pi pre eta a, Compayi Florida Power & Light la ap siveye tanpèt la byen pre epi l-ap prepare pou reponn, ki gen ladan deplase pèsonèl ak ekipman nan zòn ki gen plis chans pou yo afekte yo.

Dènye prévisions ki soti nan Sant Nasyonal Siklòn la endike ke Elsa, ginyen bann ekstèn ki pwolonje a 125 mil, li gen chans pou-l afekte yon gwo pòsyon nan zòn sèvis FPL la, li ka pote gwo van, gwo lapli ak vag tanpèt ki ka lakòz pye bwa, vejetasyon debri ka-p vole domaje ekipman FPL. Kliyan yo ta dwe prepare kounye a pou posiblite blakawout epi fé sekirite pi gwo priyorite yo.

Eric Silagy prezidan ak Direktè Jeneral FPL te di, “Pandan ke dènye trajè ak entansite Elsa rete ensèten, na-p  kontwole tanpèt la de prè e nou pare pou nou reponn,” “Sa a se premye tanpèt nan sezon an ki afekte penensil sid la dirèkteman. Tanpèt yo se fason lanati netwaye debri li posib pou debri ki vole ak pyebwa ki tonbe lakòz pann ak defi pou sèvis restorasyon. Apre move tan, ekip nou yo dwe koupe pye bwa ak lòt vejetasyon ki tonbe nan liy kouran yo, pou jwenn ak ranje domaj san danje epi pi vit ke posib.”

FPL ap mobilize e prepozisyone mandèv restorasyon li yo, pou gason ak fanm brav sa yo ka kòmanse travay le pi vit ke li san danje pou fè sa. Ekip yo ap swiv chemen tanpèt la epi retabli pann kouran yo pandan tanpèt la ap deplase nan eta a. FPL gen apeprè 6,000 pèsonèl ki dedye nan efò a epi ya-p garanti pèsonèl adisyonèl pou restorasyon nan men lòt sèvis piblik ak konpayi kontra elektrik.

 FPL ankouraje kliyan yo pou revize plan ijans fanmi yo ak biznis yo, asire yo gen pwovizyon yo bezwen nan men yo epi veye de prè sou devlopman tanpèt la. Pou-m fè nou sonje, pifò konte nan chemen tanpèt la ap sispann ranmase fatra ak debri anvan yon tanpèt. Tanpri, pa koupe pyebwa kounye a, paske gwo van ka fè  branch ki koupe sa yo tounen debri danjere ka-p vole. Sepandan, si ou te deja koupe nan pyebwa-w, tanpri ede yo anpeche pann kouran mare oswa sekirize branch ki lach oswa lòt debri.

Ki jan nou prepare pou sezon tanpèt

  •  Anvan sezon tanpèt la, nou fè anpil fòmasyon pou prepare anplwaye nou yo pou yo reponn san danje epi pi vit ke posib si yon tanpèt ta menase zòn sèvis nou an.
  •  Nou sekirize akò pou asistans nan konpayi sèvis piblik ki nan lòt eta ak konpayi kontra elektrik nan ka ke yo ta bezwen pèsonèl adisyonèl pou restorasyon. Nou menm rekòmande pwovizyon ak ekipman pou nou mete nan rezèv, epi nou planifye sit rasanbleman nan tout zòn sèvis nou yo.
  •  Nou travay kole ak ofisyèl ijans lokal yo pou mete ajou lis fasilite ki enpòtan pou kominote a, tankou lopital, polis ak estasyon ponpye,fasilite kominikasyon, plant tretman dlo ak rezo transpòtasyon.
    • Nou prepare e ranfòse enfrastrikti nou yo pandan tout ane a nan fason sa yo:
    • Netwaye pyebwa yo ak branch nan liy kouran yo.
    • Enspekte poto pou fòs.
    • Amelyore poto yo retire poto bwa mete yo an siman oswa asye.
    • Enspekte liy kouran ak ekipman ak teknoloji enfrared pou detekte pwoblèm ke je pa ka wè e fè nenpòt reparasyon ki nesesè.

Resous adisyonèl

Kliyan yo ka telechaje app FPL la pou lè yo sou wout yo ka gen aksè instant nan kont yo. Kliyan ka rapòte oswa jwenn dènye enfòmasyon de blakawout. App la disponib pou telechaje nan iOS App Store ak Google Play.  Pou ou telechaje App FPL la byen vit, tèks mo "App" nan MyFPL (69375). Kliyan yo ka enskri tou pou dènye nouvèl tanpèt yo  tèks "Join" nan MyFPL (69375).

Ki jan pou ou rete enfòme

FPL kominike enfòmasyon restorasyon bay kliyan souvan nan nouvèl medya yo ak resous sa yo:

  • FPL website: FPL.com
  • Twitter: twitter.com/insideFPL
  • Facebook: facebook.com/FPLconnect
  • FPL Power Tracker: FPL.com / powertracker
  • FPL app: telechaje nan magazen app lan (App Store) oswa Google Play, oswa tèks mo “App” nan MyFPL (69375)

 

Florida Power & Light Company

Kompayi Florida Power & Light la se pi gwo konpayi enèji Ozetazini sa mezire pa jan yo pwodwi e van elektrisite an detay. Konpayi an sèvi plis pase 5.6 milyon kont kliyan li sipòte plis pase 11 milyon rezidan atravè Florid ak elektrisite pwòp, serye e abòdab. FPL opere youn nan flòt jenerasyon kouran ki pi pwòp nan peyi Etazini e nan 2020 li te genyen prim ReliabilityOne® National Reliability Excellence Award, prezante pa PA Consulting, pou senkyèm fwa nan sis dènye ane yo. Nan 2020 konpayi an te rekonèt kòm youn nan sèvis piblik elektrik ke Escalent pi fè konfyans pandan sèt ane konsekitif. FPL se yon afilyasyon de Juno Beach, NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE) ki baze nan Florid,yon konpayi enèji pwòp lajman rekonèt pou efò li nan dirabilite, etik ak divèsite, e li te klase kòm nimewo 1 nan endistri sèvis elektrik ak gaz yo nan lis Fortune 2021 "Konpayi ki pi admire nan mond lan". NextEra Energy se yon konpayi ki menm fanmi ak NextEra Energy Resources,LLC, ki ansanm ak antite afilye li yo, se pi gwo generator enèji renouvlab ki soti nan van ak solèy ak yon lidè nan mond lan nan zafe storage batri. Pou plis enfòmasyon sou NextEra Energy Company, vizite sit entènèt sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.NextEraEnergyResources.com.

 

###