FPL esansyèlman te retabli tout kliyan ki te afekte nan tanpèt twopikal Eta
Apeprè 350,000 kliyan retabli
Teknoloji kadriaj entelijan an te ede evite plis pase 115,000 pann kouran e te ede ak vités restorasyon
Gen kèk zòn ki inonde grave toujou; ti kantite pann kouran ki rete yo a-p restore lé dlo yo bese
FPL ankouraje kliyan yo pou yo prepare paske gen posiblite pou lòt tan twopikal toujou nan sezon sa a
Telechaje app FPL la voye tèks mo "App" nan MyFPL (69375) oswa enskri nan alèt voye tèks mo "Join" nan MyFPL (69375)
November 10, 2020

JUNO BEACH, Florid - Florida Power & Light Company (FPL) retabli sèvis pou esansyèlman tout kliyan ki te afekte nan tanpèt twopikal Eta. Pandan ke kliyan yo te fè eksperyans apeprè 350,000 pann kouran, estimasyon preliminè yo montre teknoloji kadriyaj entelijan konpayi an te ede evite plis pase 115,000 pann kouran e fé pwosesis restorasyon an pi rapid.

Eric Silagy, prezidan ak Direktè Jeneral FPL te di: “Nou apresye pasyans kliyan nou yo pandan ekip yo ta-p travay toutan pou yo retabli kouran pandan vag move tan yo te afekte zòn sèvis nou an.” “Sa a te yon sezon siklòn san parèy e kit te gen plis non tanpèt nan istwa ki anrejistre, epi nou konprann fristrasyon kliyan nou yo pandan ya-p fè fas ak tanpèt nan mwa novanm. Envestisman nou te fè pou konstwi kadriyaj enèji ki pi entelijan yo e pi fò te ede nou retabli kouran pi vit e li te ede redwi kantite pann kouran.”

Kòz prensipal pann kouran yo se te vejetasyon ak debri ki vole nan liy yo, avék inondasyon grav nan kèk zòn.

Yon kantite limite kliyan nan zòn ki gen gwo inondasyon yo rete san kouran. Ekip yo dwe rete tann pou inondasyon yo bese anvan yo kapab gen aksè san danje ak ekipman yo epi retabli kouran pou kliyan ki rete nan zòn ki gen gwo inondasyon sa yo.

“Pi gwo defi nou nan restorasyon se te fè fas koupe ak retire pye bwa ki tonbe ak lòt debri anvan nou te kapab konplètman evalye e retabli yon pann kouran,” Sharon Bruce te di, yon espesyalis vejetasyon FPL ki ak FPL depi 2015. “Souvan nou jwenn debri ki vante nan ekipman nou, ki lakòz domaj e ralantisman nan sévis restorasyon.”

Kliyan yo dwe kontakte FPL nan 1-800-4-OUTAGE si yo wé vwazen yo gen kouran,e yo men yo toujou gen pann kouran. Tanpri evite dlo ki até ya ak debri.

Silagy di: “Mwen ta renmen remèsye kòlèg nou yo ki soti nan konpayi sè nou an Gòlf Power ak patnè endistri nou yo pou èd yo, sitou apre yo fin reponn ak anpil lòt dezas natirèl toupatou nan peyi a.” “Anplis de sa, nou remèsye lapolis, premye sekouris yo ak lòt otorite leta ak lokal yo pou asistans yo nan ede nou retabli kouran rapidman epi san danje Mwen ta renmen raple kliyan yo ke sezon siklòn lan pa fini e gen kék lót sistèm twopikal ke na-p veye. Sa fé nou sonje ke malgre rete kék semain sélman nan sezon siklòn nan, Manman Lanati pa swiv yon kalandriye epi nou dwe rete vijilan e prepare.”

Pa chif yo

  • Apeprè 350,000 kliyan retabli depi Eta te kòmanse afekte penensil la.
  • Pik kantite blakawout te 56,000 nan nenpòt ki lè pandan tanpèt la.
  • Teknoloji kadriyaj entelijan an te ede evite plis pase 115,000 pann.
  • An mwayèn kouran kliyan te retabli nan apeprè de zè-d tan edmi.
  • Plis pase 80 ekip dron te ede sonde domaj e ede vités restorasyon.

Ki jan pou-w rete enfòme

FPL kominike enfòmasyon restorasyon kliyan yo souvan nan newsmedia a ak resous sa yo:

  • FPL sit entènèt: FPL.com
  • Twitter:  twitter.com/ insideFPL
  • Facebook: facebook.com/ FPLconnect
  • Blog FPL blog: FPLblog.com
  • FPL Power Tracker: FPL.com/ powertracker
  • FPLapp: Download from the App Store or Google play, oswa tèks mo "App a" toMyFPL (69375)

                                                                                         ###

Florida Power & Light Company

Kompayi Florida Power & Light la se pi gwo konpayi enèji Ozetazini sa mezire pa jan yo pwodwi e van elektrisite an detay, kote yo sèvi plis pase 5.1 milyon kont kliyan oswa yon estime de 10 milyon ou+ moun atravè eta Florid la. Nòmal bòdwo kliyan rezidansyèl FPL nan 1,000-kWh sa apeprè 30 pousan pi ba pase dènye mwayèn nasyonal la e li pi ba pami lòt ki ba nan Etazini. Sèvis FPL la pi bon pase 99.98 pousan, ak plant elekrik trè efikas flòt enèji efikas nan gaz se youn nan sa ki pi pwòp nan tout konpayi elektrik nan tout peyi a. Nan 2020 konpayi an te rekonèt kòm youn nan sèvis piblik elektrik nan U.S ke Market Strategies International pi fè konfyans pandan sèt ane konsekitif. Yon anplwayè kap dirije nan Florid avèk apeprè 8,900 anplwaye, FPL se yon sipòtè de Juno Beach, Florid ki baze NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE), yon konpayi enèji pwòp lajman rekonèt pou efò li nan dirab, etik ak divèsite, e li te ... klase kòm nimewo 1 nan endistri sèvis elektrik ak gaz yo nan lis Fortune 2020 "Konpayi ki pi admire nan mond lan". NextEra Energy se yon konpayi ki menm fanmi ak Gulf Power Company, ki sèvi plis pase 470,000 kliyan nan uit konte nan tout Nòdwès Florid la, ak NextEra Energy Resources, LLC, ki ansanm ak antite afilye li yo, se pi gwo generator enèji renouvlab ki soti nan van ak solèy ak yon lidè nan mond lan nan zafe storage batri. Pou plis enfòmasyon sou NextEra Energy Company, vizite sit entènèt sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.GulfPower.com, www.NextEraEnergyResources.com.