FPL ap reponn a pann KOURAN la kòz pa Tanpèt Twopikal Elsa pandan ke li kòmanse afekte kòt lwès ak lòt pati nan Florid la
- Plis pase 7,000 pèsonèl pre-pozisyone e ya-p reponn a pann kouran
- Nou ankouraje kliyan yo pou yo finalize preparasyon yo e pran prekosyon pou de sekirite yo
- Telechaje App FPL la voye tèks mo “App” nan MyFPL (69375) oswa enskri nan alèt voye tèks mesaj mo “Join” nan MyFPL (69375)
July 6, 2021

JUNO BEACH, Florid – Florida Power & Light Company ap retabli sèvis san danje epi pi vit ke posib pou kliyan ki afekte nan tanpèt twopikal Elsa. Kliyan sou kòt lwès Florid la ak nan tout eta a ap santi efè inisyal bann move tan Elsa yo. Elsa ap espere pou-l pote gwo lapli ak potansyèl vag tanpèt ak tònad izole toupatou nan eta a jodi a ak demen.

Eric Silagy, prezidan ak Direktè Jeneral FPL te di "Apre ke nou fin prepare anpil pandan tout fin semèn jou ferye pou Tanpèt Twopikal Elsa, mendèv operasyon restorasyon nou yo ap reponn a pann kouran pandan yo rive epi ya-p swiv chemen tanpèt la,” "gason ak fanm brav sa yo ap kontinye travay nan mitan bann move tan depi ke yo an sekirite pou yo fè sa, epi yo pa-p sispann jiskaske limyè tout moun limen. Li enpòtan pou-w sonje ke ou pa bezwen nan chemen tanpèt la dirèkteman pou-w afekte, pa tonbe nan pèlen an pa fikse sou pwevwa kòn tanpèt la. ekstèn move tan Elsa a ka lakòz pye bwa, vejetasyon ak debri tonbe nan liy kouran yo e kreye defi pou restorasyon."

FPL gen plis pase 7,000 pèsonèl ki dedye nan efò sa a, ladan ginyin pèsonèl ki te soti nan lòt eta pou ede ak vitès restorasyon yo.

Kliyan yo prepare nou pou pann kouran, ladan ginyin posibilite pou plis pase yon pann kouran, pandan bann move tan an ap mache. Apre move tan, ekip nou yo dwe koupe pye bwa ak lòt vejetasyon pou jwenn epi ranje domaj san danje rapidman ke posib.

Touswit apre yon tanpèt, nou konnen si liy prensipal yo te domaje. Si kliyan yo kwè kouranpouvwa yo pa travay pou rezon sa a, yo pa bezwen kontakte nou. Kliyan yo ta dwe rele 911 oswa FPL nan 1-800-4OUTAGE (1-800-468-8243) sèlman pou rapòte

sitiyasyon danjere tankou liy kouran ki tonbe oswa etensèl ekipman elektrik. Kliyan yo ka rapòte yon pann nan FPL.com/Outage oswa sou app FPL la.

Resous adisyonèl

Kliyan yo ka telechaje app FPL la pou lè yo sou wout yo ka gen aksè instant nan kont yo. Kliyan ka rapòte oswa jwenn dènye enfòmasyon de blakawout. App la disponib pou telechaje nan iOS App Store ak Google Play.  Pou ou telechaje App FPL la byen vit, tèks mo “App” nan MyFPL (69375). Kliyan yo ka enskri tou pou dènye nouvèl tanpèt yo  tèks “Join” nan MyFPL (69375).

Ki jan pou ou rete enfòme

FPL kominike enfòmasyon restorasyon bay kliyan souvan nan nouvèl medya yo ak resous sa yo:

  • FPL website: FPL.com
  • Twitter: twitter.com/insideFPL
  • Facebook: facebook.com/FPLconnect
  • FPL Power Tracker: FPL.com / powertracker
  • FPL app: telechaje nan magazen app lan (App Store) oswa Google Play, oswa tèks mo “App” nan MyFPL (69375)

 

Florida Power & Light Company

Kompayi Florida Power & Light la se pi gwo konpayi enèji Ozetazini sa mezire pa jan yo pwodwi e van elektrisite an detay. Konpayi an sèvi plis pase 5.6 milyon kont kliyan li sipòte plis pase 11 milyon rezidan atravè Florid ak elektrisite pwòp, serye e abòdab. FPL opere youn nan flòt jenerasyon kouran ki pi pwòp nan peyi Etazini e nan 2020 li te genyen prim ReliabilityOne® National Reliability Excellence Award, prezante pa PA Consulting, pou senkyèm fwa nan sis dènye ane yo. Nan 2020 konpayi an te rekonèt kòm youn nan sèvis piblik elektrik ke Escalent pi fè konfyans pandan sèt ane konsekitif. FPL se yon afilyasyon de Juno Beach, NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE) ki baze nan Florid,yon konpayi enèji pwòp lajman rekonèt pou efò li nan dirabilite, etik ak divèsite, e li te klase kòm nimewo 1 nan endistri sèvis elektrik ak gaz yo nan lis Fortune 2021 "Konpayi ki pi admire nan mond lan". NextEra Energy se yon konpayi ki menm fanmi ak NextEra Energy Resources,LLC, ki ansanm ak antite afilye li yo, se pi gwo generator enèji renouvlab ki soti nan van ak solèy ak yon lidè nan mond lan nan zafe storage batri. Pou plis enfòmasyon sou NextEra Energy Company, vizite sit entènèt sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com,www.NextEraEnergyResources.com.

###