FPL ap prepare pou Eta pandan lap kontinye pran fòs; nou ankouraje kliyan yo pou yo prepare pou pann kouran
- Plan repons ijans FPL la sou pye
- N-ap prepozisyone prèske 10,000 pèsonèl ka-p pare pou reponn; e n-ap travay pou sekirize plis
- Nou espere enpak ka-p soti nan bann ekstèn Eta yo a pati de Samdi; ekip yo ap travay pou yo retabli sèvis depi ke yo an sekirite
- Nou ankouraje kliyan yo fè preparasyon ak pran prekosyon
- Telechaje app FPL la pa voye tèks mo "App" nan MyFPL (69375) oswa enskri nan alèt voye tèks mo "Join" nan MyFPL (69375)
November 6, 2020

JUNO BEACH, Florid - Pandan Eta ap pran fòs ak avanse pi pre eta a,Florida Power & Light company (FPL) ap finalize preparasyon pou retabli sèvis san danje epi pi vit ke posib nou ankouraje kliyan yo pou yo prepare kounye a pou posiblite blakawout.

“Sa a te yon sezon siklòn san parèy li se menm ak 2005 pou plis non tanpèt nan istwa ki anrejistre epi li poko fini, nou espere pou Eta pran fòs yon tanpèt twopikal ki fò pandan la-p avanse pi pre nan Sid Florid la,” se sa Eric Silagy te di, prezidan ak Direktè Jeneral FPL. “FPL deplwaye pèsonèl ak kontraktè senk fwa pandan sezon siklòn sa a pou bay asistans mityèl pou siklòn ki te frape andeyò zòn sèvis nou an. An reyalite, 1700 nan anplwaye devwe nou yo ak kontraktè yo fèk retounen lakay yo apre yo te retabli kouran nan sis eta sidès apre Siklòn Zeta, epi kounye a yo ap prepare yo pou yo retabli nenpòt ki pann ke Eta lakòz rapidman e ak prekosyon.”

FPL prevwa ke yon gwo pòsyon nan zòn sèvis li yo soti nan Treasure Coast nan Konte Miami-Dade ak zòn nan tout Sidwès Florid kapab santi efè Eta ak potansyèlman eksperyanse pann elektrik. Yo prevwa van fòs tanpèt twopikal ak gwo lapli ak yon distans ka-p soti nan sant Eta, sa ka lakòz pye bwa, lòt vejetasyon ak debri ka-p vole domaje ekipman FPL.

“Pandan ke pakou ak entansite Eta toujou rete ensèten, n-ap prepare aktivman pou nenpòt bagay tanpèt sa a ta ka pote sou wout nou,” Silagy te ajoute. “Sa a se dezyèm tanpèt nan sezon an ki afekte penensil sid la dirèkteman. Tanpèt yo se fason nati ya netwaye debri e li posib ke debri yo ak pyebwa ki tonbe pral lakòz pann elektrik ak defi pou restorasyon. Apre move tan, ekip nou yo dwe koupe pye bwa ak lòt vejetasyon ki tonbe nan liy kouran, oswa ki nan chemen an, pou yo ka jwenn ak ranje domaj san danje pi vit ke posib. Si ou ta wè ekip yo ap travay, tanpri sonje kenbe bon distans sosyal pou sekirite ou ak pou yo.”

Pou fè nou sonje, pifò konte nan zòn tanpèt sispann ranmase fatra ak debri anvan yon tanpèt. Tanpri, pa koupe pyebwa kounye a, paske gwo van ka fè branch ki koupe yo ak bagay ka-p vole vi-n yon danje. Sepandan, si ou te deja koupe pyebwa, tanpri mare oswa sekirize branch ki lach ak lòt debri pou-w ka ede anpeche pann.

Kòm repons a pandemi coronavirus mondyal la, plan nou se pou nou pran mezi prekosyon pou sekirite kliyan nou yo ak travayè restorasyon nou yo. Ladan-l nap gen egzamen sante chak jou pou pèsonèl restorasyon yo ak ajisteman nan plas rasanbleman kote gen gwo kantite travayè restorasyon pou pèmèt plis distans sosyal ke posib epi ajoute plis plas rasanbleman pou travayé.

“Nou konnen ke kliyan nou yo ap konte sou nou kounye a plis pase tout tan,” Silagy te di. “N-ap mobilize ak prepozisyone ekip restorasyon nou an, pou gason ak fanm brav sa yo ka kòmanse travay byen vit depi ke li an sekirite. N-ap mande adisyonèl pèsonèl restorasyon ki nan endistri a sipòte nou jan nou te sipòte yo. Angajman nou pou kliyan nou yo pa chanje malgre COVID-19: Nou pral travay san rete epi nou pa-p sispann jiskaske chak gren kliyan jwen limiè.”

FPL ankouraje kliyan yo pou yo revize plan ijans fanmi yo ak biznis yo, veye devlopman tanpèt la de pré, fè atansyon ak avètisman lòd evakyasyon ofisyèl lokal eta a ak federal eli yo. Konséy preparasyon ak sekirite disponib nan FPL.com/Storm.

Kisa ke na-p fé

  • Nan FPL, n-ap finalize preparasyon pou enpak Eta:
  • N-ap mobilize ak prepozisyone ekip restorasyon nou an, pou yo ka kòmanse travay byen vit le pli vit ke li an sekirite pou yo fè sa. Prèske 10,000 pèsonèl gentan pran angajeman pou sa fèt epi na-p travay pou nou sekirize plis.
  • Nou realoke resous adisyonèl nan konpayi an pou ede efò restorasyon an fét pi vit.
  • Nou prepare pou nou pozisyone ekip nou yo nan plis pase 20 sit nan tout zòn sèvis nou yo  pou restorasyon ka fè-t pi vit.
  • Na-p kowòdone repons nou yo ak konte e eta sant operasyon ijans.

Resous adisyonèl

Kliyan yo ka download app FPL pou lè ya-p deplase, ya-p jwen aksè kont yo instan e sekirize. Kliyan yo ka rapòte oswa jwenn dènye enfòmasyon sou yon pann elektrik. App la disponib pou telechaje nan iOS App Store ak Google Play. Pou telechaje app FPL la byen vit, tèks mo "App" nan MyFPL (69375). Kliyan yo ka enskri enfòmasyon ki pi resan sou tanpèt  tèks mo "Join" nan MyFPL (69375)

Ki jan pou nou rete enfòme
FPL kominike enfòmasyon restorasyon kliyan yo souvan nan newsmedia a ak resous sa yo:

  • FPL sit entènèt: FPL.com
  • Twitter: twitter.com/insideFPL
  • Facebook: facebook.com/FPLconnect
  • Blog FPL blog: FPLblog.com
  • FPL Power Tracker: FPL.com/powertracker
  • FPLapp: Download from the App Store or Google play, oswa tèks mo "App a" toMyFPL (69375)

                                                                ###

Konpayi Florida Power & Light
Kompayi Florida Power & Light la se pi gwo konpayi enèji Ozetazini sa mezire pa jan yo pwodwi e van elektrisite an detay, kote yo sèvi plis pase 5.1 milyon kont kliyan oswa yon estime de 10 milyon ou+ moun atravè eta Florid la. Nòmal bòdwo kliyan rezidansyèl FPL nan 1,000-kWh sa apeprè 30 pousan pi ba pase dènye mwayèn nasyonal la e li pi ba pami lòt ki ba nan Etazini. Sèvis FPL la pi bon pase 99.98 pousan, ak plant elekrik trè efikas flòt enèji efikas nan gaz se youn nan sa ki pi pwòp nan tout konpayi elektrik nan tout peyi a. Nan 2020 konpayi an te rekonèt kòm youn nan sèvis piblik elektrik nan U.S ke Market Strategies International pi fè konfyans pandan sèt ane konsekitif. Yon anplwayè kap dirije nan Florid avèk apeprè 8,900 anplwaye, FPL se yon sipòtè de Juno Beach, Florid ki baze NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE), yon konpayi enèji pwòp lajman rekonèt pou efò li nan dirab, etik ak divèsite, e li te ... klase kòm nimewo 1 nan endistri sèvis elektrik ak gaz yo nan lis Fortune 2020 "Konpayi ki pi admire nan mond lan". NextEra Energy se yon konpayi ki menm fanmi ak Gulf Power Company, ki sèvi plis pase 470,000 kliyan nan uit konte nan tout Nòdwès Florid la, ak NextEra Energy Resources, LLC, ki ansanm ak antite afilye li yo, se pi gwo generator enèji renouvlab ki soti nan van ak solèy ak yon lidè nan mond lan nan zafe storage batri. Pou plis enfòmasyon sou NextEra Energy Company, vizite sit entènèt sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.GulfPower.com, www.NextEraEnergyResources.com.