Ekip teknisyen FPL la gen anviwon 17,000 teknisyen ki deja ap travay pou retabli kouran Siklòn Irma te kaba – yo gentan repare plis pase 350,000 pàn kouran malgre kondisyon travay yo pat fasil ditou
- FPL tou avèti abòne l yo ke yo pap kòmanse avan demen pou retabli kouran an pou tout moun poutèt mouvman Irma vin ralanti anpil; se poutèt sa abòne yo dwe planifye an konsekans, poutèt yap gen blakawout pi lontan
- Gen dè milyon abòne FPL ki toujou sou trajektwa kokennchenn tanpèt sa a kap kraze-brize.
- Nan listwa Etazini, se premye fwa yon konpayi tankou FPL rasanble tout teknisyen sa yo yon grenn kou pou vin retabli kouran. Yo soti nan anviwon 30 eta, e yo deja la pou vin repare dega Siklòn Irma fè.
- Nap mande tout abòne nou yo pou yo pran tout mezi sekirite pou pwoteje tèt yo; kidonk evite kab kouran ki tonbe ak ma dlo; teledechaje Aplikasyon Mobil FPL la
September 10, 2017

JUNO BEACH, Fla. – Florida Power & Light Company (FPL) deja retabli kouran pou dè santèn de milye abòne pandan Siklòn Irma ap mache sou eta a, epitou konpayi an byen konnen pral gen plis blakawout manch long kap pran tan pou ranje paske Irma rete yon menas pou dè milyon abòne toupatou nan Florida.

"Malgre gran van Irma, malgre aktivite tònad, malgre lamare tanpèt la pote ak gwo inondasyon, FPL retabli kouran dè santèn de milye abòne, poutèt sistèm otomatik ki sou rezo elektrik li," dapre deklarasyon Eric Silagy ki se Prezidan Direktè Jeneral FPL. "Etandone Irma ralanti sou kous li seryèzman, nou remake konte Miami-Dade ak Broward sibi anpil domaj ak anpil inondasyon, epi kounyeya yo santi enpak Irma nan Konte Palm Beach ak nan kominote ki sou lakòt nò yo. Nou kwè ke se lakòt wès la kap pran plis frap, kidonk nap gen pou n rekonstwi tout rezo elektrik nou an nan zòn sa a. Se poutèt sa kliyan nou yo ki sou lakòt wès pral san kouran pandan yon bon tan. Nap mande tout moun rete an sekirite epi nap mande nou pran pasyans." 

Siklòn Irma ap kontinye frape Florida avèk yon fòs siklòn Kategori 3. FPL deja konnen gen abòne kap gen blakawout an plizyè fwa pandan siklòn nan ap pase; pwoblèm sa a se sitou poutèt Irma bese vitès deplasman l. Depi apremidi a, nou deja retabli kouran nan plis pase 350,000 kote pandan Siklòn Irma ap pase; nou te ka fè sa gras a $3 milya nou te envesti nan dizan ki sot pase yo, kidonk sistèm elektrik nou an pi djanm epi l pi efikas.

Ekip FPL kap retabli kouran an soti travay lè move tan an bay yon souf, pouvi ke kondisyon meteyolojik yo pèmèt yo fè sa san danje. Nou nan pozisyon pou n evalye domaj yo an detay dabò dèke pa gen okenn danje pou n travay, alèkile nap kapab di kilè konsa nap retabli kouran an, kou nou konnen.

"Nou konnen konbyen se bagay ki nuizib lè pa gen kouran. Menm jan ak kliyan nou yo, noumenm tou se isit la nou rete e se yon bagay nou pran pèsonèlman, e nou tout nan FPL nou pran angajman pou n bay limyè san danje e san pèdi tan," selon sa Mesye Silagy te ajoute.  "Nou rasanble pi gwo ekip teknisyen nan istwa peyi nou anvan siklòn nan pou n retabli kouran an, men sanble travay sa a pou retabli kouran an se yon gwo travay ki poko janm fèt anvan, li pral pran plizyè semèn. Map pran angajman pou m di nou pèsonèlman ke nap kontinye travay 24 sou 24, san pran souf, jiskaske nou retabli kouran pou tout abòne nou yo." 

Kou tanpèt la fin pase, nou deja konnen si liy elektrik prensipal yo domaje. Si kliyan yo panse se rezon sa a ki fè yo pa gen kouran, yo pa bezwen kontakte nou. Sepandan, abòne yo ka ale nan FPL.com/outage oswa nan Aplikasyon Mobil FPL pou rapòte yo pa gen kouran. Abòne yo ka rele FPL nan 1-800-4OUTAGE (1-800-468-8243) sèlman si yo bezwen rapòte ke gen liy elektrik ki tonbe oswa si gen aparèy elektrik kap fè etensèl. Si gen ka dijans ki ka mete lavi moun an danje, rele 911.

Men kijan nou retabli kouran

FLP pral kòmanse retabli kouran nan plizyè zòn epi nou pral suiv yon plan global ki gen kòm objektif pou l retabli kouran pou majorite abòne yo, otank posib san danje e san pèdi tan.  Nou pa baze nou sou lè abòne rele pou di yo pa gen kouran, ni sou kote abòne rete ni sou sa yo dwe konpayi a pou n retabli kouran, non:

  • Nou kòmanse repare domaj ki fèt nan izin nou yo dabò, epi nou repare liy elektrik ki soti nan izin nou yo pou pote kouran an nan sou-estasyon lokal yo.
  • Nou kòmanse retabli kouran an kote ki gen enpòtans kapital, kòm paregzanp lopital, lapolis ak estasyon ponpye, nan kote ki bay sèvis kominikasyon, izin ki trete dlo ak kote ki bay sèvis transpò ak kote ki bay refij.
  • Epi an menm tan, nou bat pou n retabli kouran an bay majorite kliyan yo san pèdi tan − ki vle di retabli kouran sou wout ki gen sipèmakèt, famasi, estasyon gaz ak nan lòt sèvis kominotè ki bezwen kouran tou.
  • Alèkile, nou repare sistèm elektrik ki desèvi ti gwoup moun ak katye, ansanm ak zòn ki pi afekte yo jiskaske nou retabli kouran pou tout abòne.

Pandan nap kontinye ak reparasyon pou n retabli kouran an, gen kèk bagay kliyan ka fè sou bò pa yo pou ede:

  • Pa kanpe ekip kap fè reparasyon yo pou mande kilè yap retabli kouran an. Lè nou kanpe ekip FPL kap fè reparasyon pou poze yo kesyon, sa ralanti travay yo, epi sa ki pi grav la, sa ka konpwomèt sekirite yo. Anjeneral, ekip kap fè reparasyon yo pa konn akilè yap retabli kouran an. Yo voye yo al repare yon sèl segman ki sou yon liy ki afekte. FPL pral pase pa medya, tankou Facebook, Twitter ak FPL.com pou l avize akilè apeprè lap retabli kouran an.
  • Lè wap kondui nan lari a, deplase machin ou pou bay kamyon FPL yo posibilite pou ekip reparasyon an ka rive kote yo pral fè travay la rapidman. Ekip kap fè reparasyon an vreman apresye koutwazi sa a, paske yap travay lajounen kou lannuit pou yo retabli kouran an bay tout kliyan ki afekte yo.
  • Lè nap rasanble debri apre siklòn nan, pa kite anyen ozalantou poto ak transfòmatè elektrik yo pou pèmèt ekip kap fè reparasyon an gen aksè.

Tanpri, rete an sekirite

Menm lè ou wè van yo bese, malgresa sityasyon an ka danjere. Nap mande abòne ki rete nan zòn kote tanpèt la pase ak zòn ki inonde yo, pou yo suiv mezi sekirite suivan yo:

  • Rete lwen kab kouran ki tonbe, rete lwen debri ak kote ki inonde; kab kouran yo ka chaje ak elektrisite epi yo ka danjere.
  • Kondui avèk anpil pridans. Si pagen kouran, limyè sikilasyon yo pap limen san okenn avètisman. Si w rive nan yon kafou epi w remake limyè sikilasyon an pa mache, lalwa Florida mande chofè yo aplike menm règleman yo konn aplike lè gen kat panno estòp nan yon kafou.
  • Si nap itilize yon jeneratris (dèlko) pòtab:
    • Suiv rekòmandasyon fabrikan an mande suiv pou ka itlize l kòmsadwa;
    • Ploge aparèy menaje yo dirèkteman nan jeneratris la (dèlko), pa konekte nan panno elektrik prensipal la, paske elektrisite a ka remonte nan kab elektrik yo epi moun ka domaje poutèt sa.
    • Se yon elektrisyen ki gen lisans sèl ki fèt pou konekte yon jeneratris nan yon panno elektrik;
    • Piga janm limen yon jeneratris (dèlko) anndan lakay ou ni nan garaj ou; lèfini
    • pa mete jeneratris la toupre yon fenèt ki louvri pou w pa kite lafimen jeneratris la (dèlko a) antre anndan lakay ou oswa anndan kay yon vwazen.
  • Pa bliye dekonekte tout aparèy elektrik, sitou fou ak recho, pou dife pa pete anndan kay la.
  • Fè atansyon, pa manyen okenn kab kouran ki tonbe lè w ap ranmase debri ak pye bwa siklòn nan lage
    • Piga taye okenn pye bwa bò kote kab elektrik. Piga eseye retire oswa taye okenn fèy pyebwa ki a yon distans 10 pye de yon liy elektrik. Si gen yon pyebwa oswa branch pyebwa ki tonbe sou yon liy elektrik oswa si l rale l desann, piga pwoche liy elektrik la ni pye bwa a. Abòne yo ka rele FPL nan 1-800-4OUTAGE (1-800-468-8243) si yo bezwen rapòte gen liy elektrik ki tonbe oswa si gen aparèy elektrik kap fè etensèl. Si gen ka dijans ki ka mete lavi moun an danje, rele 911.
    • Fè trèzatansyon lè wap travay ak yon aparèy oswa yon zouti ki gen kòd long. Pa bliye mete nechèl ak echafo ase lwen defason pou oumenm - ak pwent fil aparèy wa itilize a - rete omwen a 10 pye de liy elektrik yo.
  • Pou ka gen plis enfòmasyon sou konsiy sekirite yo, ale nan FPL.com/storm.

Men kijan ou ka rekonèt anplwaye ak kontraktè FPL yo

Pou FPL, sekirite abòne yo enpòtan anpil, epi nou vle pou konnen kijan pou idantifye moun kap travay pou FPL yo:

  • Anplwaye FPL yo mache ak yon badj idantite ki gen foto yo.
  • Sou machin ak kamyon moun ki pa anplwaye FPL men kap ede retabli kouran an, yo make ke se machin oswa kamyon kontraktè FPL apwouve oswa moun kap travay nan ka dijans pou FPL.
  • Kit se anplwaye FPL, kontraktè FPL ak anplwaye kap travay pou lòt konpayi sèvis piblik kap ede retabli kouran an apre tanpèt la, yo ka oblije monte sou pwopriyete w, sepandan yo pap bezwen antre anndan lakay ou ni nan biznis ou.

Men kijan pou konn kisa kap pase

FPL bay abòne yo enfòmasyon nan medya ak nouvèl regilyèman pou l fè yo konnen kilè lap retabli kouran an; nan sous suivan yo:

Ale nan FPL.com/powertracker pou ka gen dènye nouvèl ak enfòmasyon, chak èdtan, sou blakawout la.

Florida Power & Light Company
Florida Power & Light Company se twazyèm pi gwo konpayi elektrik ki gen nan peyi Etazini, li gen anviwon 5 milyon kont kliyan osnon anviwon 10 milyon moun li bay elektrisite nan apeprè mwatye leta Florida a. Anjeneral bil kouran nan kay abòne FPL pou 1,000-kWh apeprè 25 pousan pi bon mache pase mwayèn pri kouran onivo nasyonal, epi nan lane 2016, se li ki te pi ba nan  Florida pami sa konpayi sèvis pliblik yo te rapòte pou la setyèm fwa se suit. Sèvis FPL la fyab a plis ke 99.98 pousan, epi izin li bati ki pa boule enèji a se youn nan izin ki pi pwòp pami izin tout konpayi sèvis piblik ki nan peyi a. Pami gwo konpayi ki bay elektrisite yo, se FPL ki te gen meyè klasman pami gwo konpayi ki bay elektrisite Ozetazini, selon J.D. Power 2016 Electric Utility Residential Customer Satisfaction StudySM; epi nan lane 2017, Market Strategies International te rekonèt FPL kòm youn nan konpayi elektrik yo ka plis fè konfyans. Se yon konpayi ki baze nan Florida kap mennen ak 8,900 anplwaye, FPL se yon filyal  Juno Beach, ki bazenan Florida, NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE), ki se yon konpayi enèji pwòp tout moun rekonèt pou tout efò li fè nan domèn enèji dirab, etik ak divèsite, epi yo te klase l No. 1 nan endistri elektrik ak gaz sou lis Fortune's 2017 ki gen "Konpayi Moun Plis Admire." Epitou NextEra Energy se mezon mèr NextEra Energy Resources, LLC, ki limenm, ansanm ak filyal li yo, se li ki se pi gwo pwodiktè enèji renouvlab ki soti nan van ak solèy. Pou ka gen plis enfòmasyon sou konpayi NextEra Energy yo, ale nan sitwèb sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.NextEraEnergyResources.com.