FPL fin retabli sèvis kouran an bay plis pase 1.2 milyon kliyan siklòn Matthew te afekte.
- FPl di kliyan l yo mèsi pou pasyans ak konpreyansyon yo.
- Tout envestisman FPL te fè te pote byenfè pou kliyan yo paske te gen mwens blakawout e kouran an te retabli pi rapid.
- FPL ankouraje kliyan yo pou toujou rete prepare pou posibilite yon lòt tanpèt twopikal pandan sezon sa a.
October 13, 2016

JUNO BEACH, FL. -- Jodi a, Florida Power & Light Company (FPL) te anonse tout kliyan siklòn Matthew te afekte yo gentan rejwenn sèvis kouran yo. FPl retabli kouran an pou plis pase 1 milyon kliyan ki te sibi blakawout nan mwens pase 48 èdtan apre siklòn Matthew soti nan teritwa konpayi a ap sèvi a.

Eric Silagy, prezidan ak direktè jeneral FPL, te deklare: “Nou konprann jan moun yo kapab fristre lè yo pa gen kouran. Nou di kliyan nou yo mèsi ak tout kè nou pou pasyans ak konpreyansyon yo. Nou ta espesyalman renmen remèsye kliyan ki nan zòn ki plis frape yo e ki resevwa plizyè estimasyon sou lè sèvis yo a t ap retabli. Malerezman, poutèt gwo domaj ki te fèt ak tout pyebwa ki te tonbe yo, se pa annik retabli nou te gen pou n te retabli sèvis la, men nou te oblije rebati enfrastrikti elektrik la nèt. Sepandan, anpil kliyan ki te prezan sou teren an oswa sou medya sosyal yo te pale yon fason ki pozitif e sa te bay ekip nou yo fòs ak kouraj pou yo kontinye travay san rete.”

FPL deploye plis resous anvan tanpèt sa a pase pou nenpòt lòt tanpèt ki pase deja. Nan moman FPL te plis travay la, li te gen 15,000 moun ap travay pou li. Yo te gen ladan yo anplwaye pa l ak anplwaye lòt konpayi sèvis elektrik ak konpayi distribisyon kouran ki patnè nou ki soti tout kote nan peyi a.

Silagy te deklare: “Nou gen rekonesans pou konpayi distribisyon kouran ak konpayi sèvis elektrik ki patnè nou e ki te ede nou retabli kouran an. Nou ta renmen di Gouvènè Rick Scott mèsi tou, san nou pa bliye tou ofisyèl lokal ak ofisyèl eta yo, pou bonjan direksyon yo te ban nou pandan yon tanpèt ki, pa gen dout sou sa, se youn nan pi gwo tanpèt ki frape Florida nan dènye ane ki sot pase yo.”

FPL envesti plis pase $2 milya depi 2006 pou l bati yon rezo kouran ki pi solid, ki pi entelijan e ki pi byen reziste ak tanpèt yo. Konsa li kapab retabli kouran an pi rapid toujou.

Silagy te di: “Anvan de jou fin pase apre Matthew te soti nan teritwa nou an, nou te gentan retabli kouran an pou 98.7% nan kliyan nou yo. Sa montre aklè gwo envestisman nou te fè nan rezo kouran nou an nan dizan ki sot pase yo pote byenfè pou kliyan nou yo. Si se pa t pou amelyorasyon sa yo, yon tanpèt konsa t ap fè travay retablisman nou an dire plis tan e li t ap koute plis kòb toujou.”

Premye analiz yo montre sistèm FPL la te byen fonksyone pandan siklòn Matthew, menm jan sa te ye pandan siklòn Hermine sa gen kèk semèn. Komitatè otomatik yo sou poto ak fil kouran yo te pèmèt nou evite anviwon 80,000 blakawout, e nou panse chif sa a ap plis toujou apre nou fin verifye plis enfòmasyon sou blakawout yo. Mete sou sa, fil alimantasyon kouran ki ranfòse yo sipoze pi byen reziste ak move tan. Yo te bay 1.5 fwa pi bon rezilta pase liy ki pa ranfòse yo. Pa gen okenn poto elektrik nan rezo transmisyon oswa distribisyon FPL ki te sispann fonksyone akoz van an pandan siklòn Matthew. Pifò dega ekipman elektrik FPL yo sibi se debri, pyebwa ak branch ki tonbe ki lakòz yo.

Silagy te ajoute: “Nan semèn k ap vini yo, ekip nou an pral analize chak aspè travay retablisman an epi nou pral sèvi ak leson nou aprann nan tanpèt Matthew pou kontinye pote amelyorasyon nan sistèm nou an e pou fè pwosesis ak pwosedi nou yo pi efikas toujou.”

Etandone prèske pa gen travay netwayaj ki rete nan zòn ki plis afekte yo, FPL te voye ale majorite travayè ki anplwaye lòt konpayi distribisyon kouran ak konpayi sèvis elektrik ki te soti tout kote nan peyi a pou ede nou. Se vrè Matthew pap afekte teritwa n ap sèvi a ankò, men nan semèn ak nan mwa k ap vini yo, kèk kliyan gendwa sibi ti blakawout si pyebwa ak branch ki afebli apre tanpèt yo vin nui fil kouran ak ekipman elektrik nou yo. FPL ak ekip endepandan l yo pral kontinye fè tout reparasyon ki nesesè kou nou idantifye yo.

Silagy remake: “Matthew se yon avètisman ki montre nou nan mitan yon sezon siklòn ki sipoze gen anpil aktivite, e se pou nou rete vijilan. Tanpri pran tan depi kounye a pou asire w ni ou menm ni fanmi w prepare anvan pwochen tanpèt la frape.”

Konpayi a bay yon seri konsèy sou preparasyon ak sekirite pou tanpèt sou FPL.com/storm, epi li gen yon gid sou pwoteksyon kay yo ak fanmi yo kliyan yo ka telechaje.

 

Florida Power & Light Company

Florida Power & Light Company se twazyèm pi gwo konpayi kouran Ozetazini. Li sèvi plis pase 4.8 milyon kont kliyan, sa vle di plis pase 10 milyon moun nan prèske mwatye eta Florida. Anjeneral, yon bòdwo rezidansyèl FPL ki gen yon konsomasyon 1,000 kWh sou li koute 30 pousan mwens kòb pase mwayèn lòt bòdwo yo nan peyi a. Lèfini, an 2015, depi sis ane ki sot pase yo, bòdwo FPL yo pi bon mache pase bòdwo tout lòt konpayi kouran nan eta Florida. Disponibilite sèvis FPL la plis pase 99.98 pousan, epi santral elektrik li yo efikas anpil, yo konsome mwens konbistib e yo fè pati santral ki pi pwòp nan tout peyi a. Daprè etid J.D. Power 2016 Electric Utility Residential Customer Satisfaction StudySM, konpayi a jwenn pi bon nòt pami tout gwo konpayi kouran nan pati Sid Etazini, epi an 2016, Market Strategies International rekonèt li kòm youn nan konpayi kouran plis moun fè konfyans Ozetazini. FPL gen anviwon 8,800 anplwaye. Se youn nan konpayi ki anplwaye plis moun nan eta Florida e se yon filyal NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE), yon konpayi enèji pwòp ki rete Juno Beach, FL. Yo rekonèt konpayi sa a tout kote pou travay li nan domèn devlòpman dirab, etik ak divèsite. Yo klase li nan pozisyon n° 1 nan sektè distribisyon kouran ak gaz nan lis "Konpayi plis mou admire nan lemonnantye" pou 2016 ki parèt nan magazin Fortune. NextEra Energy se konpayi manman NextEra Energy Resources, LLC, epi ansanm avèk konpayi ki afilye avè l yo, li se pi gwo pwodiktè enèji renouvlab ki soti nan van ak nan solèy nan monn nan. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou konpayi NextEra Energy yo, ale sou sit Entènèt sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.NextEraEnergyResources.com.

 

###