FPL ap fè tout efò l pou retabli kouran an pou rès kliyan siklòn Matthew te afekte.
- FPL retabli kouran an pou 98 pousan sou 1.2 milyon kliyan ki te sibi blakawout nan Florida.
- A 7 è nan aprèmidi, toujou gen anviwon 26,000 kliyan ki rete san kouran.
- Gen fil kouran ki sibi anpil domaj nan kèk katye e nou vin oblije rebati enfrastrikti eleketrik yo nan zòn ki plis afekte yo. Se pou rezon sa a kèk kliyan ap gen pou yo ret tann jis nan fen jounen madi a pou rejwenn kouran yo.
October 10, 2016

JUNO BEACH, FL. – Jodi a, Florida Power & Light Company (FPL) te anonse, a 7 è nan aprèmidi, li gentan retabli kouran an pou 98 pousan sou 1.2 milyon kliyan ki te sibi blakawout anvan twa jou fin pase apre siklòn Matthew soti nan teritwa konpayi a ap sèvi a. Pou kounye a, toujou gen anviwon 26,000 kliyan ki rete san kouran.

Enspeksyon ki te fèt nan zòn ki te plis touche yo nan konte Flagler, Volusia, Seminole, Putnam ak St. Johns te montre yon seri fil kouran ki te sibi gwo domaj nan kèk katye e se pou rezon sa a FPL ap rebati kèk gwo pati nan enfrastrikti elektrik li a. Se sa k fè kèk kliyan ap gen pou yo tann jis nan fen jounen madi a pou rejwenn kouran yo.

Eric Silagy, prezidan ak direktè jeneral FPL, te deklare: “Ekip nou yo kontinye ap jwenn poto ki koupe an de ak pyebwa ki tonbe sou fil kouran yo. Gen kèk zòn ki sibi anpil dega, tankou Holly Hill nan konte Volusia, Palm Coast nan konte Flagler ak Crescent City nan konte Putnam. Se poutèt sa ekip nou yo gen pou yo rebati enfrastrikti elektrik la. Kalite travay sa a se yon travay ki mande gwo efò. Pa egzanp, ekip yo oblije retire pyebwa, enstale nouvo poto elektrik epi kwoke fil kouran, e travay sa a mande plis tan pase annik retabli kouran an.

Silagy te deklare: “Gwo inondasyon ak domaj ki touche zòn Sant ak Nò Florida montre kokenn pisans lanati genyen ak fòs yon siklòn kategori kat genyen. Mete sou sa, ekip nou yo fè fas ak yon seri difikilte ki gen rapò ak vejetasyon, paske gen anpil nan zòn ki plis domaje yo ki pa sibi gwo van tanpèt konsa depi plis pase dizan.”

Retabli kouran an nan zòn ki plis afekte yo

Nan moman FPL te plis travay la, li te gen 15,000 moun ap travay pou li. Yo te gen ladan yo anplwaye pa l ak anplwaye lòt konpayi sèvis elektrik ak konpayi distribisyon kouran ki patnè nou ki soti tout kote nan peyi a. Ekip nou yo ap konsantre efò yo pou retabli kouran an bay kèk kliyan ki poko gen kouran, e nou pap kanpe jiskaske chak grenn kliyan rejwenn kouran li ankò.

FPL gen plizyè gwo sit preparasyon ak sit sipò nan zòn Nò ak Sant, tankou nan konte St. Lucie, Indian River, Brevard, Volusia, Flagler, St. Johns ak Putnam.

Silagy te di: “Mwen pase dènye jou ki sot pase yo sou teren an ansanm ak ekip ak kliyan nou yo, e mwen konprann jan moun yo strese lefètke yo pa gen kouran. Se toutbon nou apresye pasyans ak konpreyansyon kliyan nou yo. Nou mèt konnen nou pran angajman pou nou kontinye travay 24 sou 24, 7 sou 7, pou ede kominote nou yo repran tout aktivite nòmal yo.”

Konpayi a ap deplwaye twa ekip repons kominotè nan zòn ki gen plis blakawout nan konte Volusia, Flagler ak Putnam. Ekip sa yo pral bay moun ki fè pati kominote ki nan zòn sa yo stasyon pou yo chaje aparèy elektwonik yo ak koneksyon Entènèt Wi-Fi gratis. FPL te enstale sant komann mobil li a tou nan konte Brevard pou kowòdone resous yo.

Ki jan nou retabli kouran an

Pou nou retabli kouran an, nou pa pran desizyon selon moun ki fè nou konnen gen blakawout, nou pa konsidere kote kliyan yo rete ni nou pa gade si kliyan an peye oswa si li anreta nan peman l yo. Nou kòmanse travay la plizyè kote epi nou suiv yon plan pou retabli kouran an san danje, osito sa posib, pou plis moun posib.

  • Pou kòmanse, nou repare tout domaj ki fèt nan izin kouran nou yo ak nan fil ki transpòte kouran an soti nan santral nou yo rive nan pòs elektrik lokal yo.
  • Nan travay retabli kouran an, se enstalasyon ki enpòtan anpil yo, tankou lopital, stasyon polis ak stasyon ponpye, enstalasyon kominikasyon, izin tretman dlo ak enstalasyon transpò, nou bay priyorite.
  • Mete sou sa, nou travay pou retabli kouran an pou plis kliyan posib rapid rapid. Sa gen ladan l kote ki pi enpòtan yo, tankou makèt, famasi, stasyon gazolin ak lòt konpayi ki la pou bay sèvis ki nesesè nan kominote yo.
  • Annapre, nou repare enfrastrikti ki la pou ti gwoup ak katye rezidansyèl yo. Nou kòmanse nan zòn kote gen plis domaj jiskaske chak kliyan vin jwenn sèvis kouran ankò.

Ekip yo ki la pou retabli kouran an gendwa ap travay san w pa wè yo

Depi siklòn Matthew fin pase, ekip FPL yo ap travay san rete pou retabli kouran an bay chak kliyan. Moun sa yo, gason kou fi, vrèman anvi retabli kouran an osito yo ka fè sa san danje, epi y ap travay pou fè sa menm lè w pa ta wè yo.

  • Poutèt jan kouran an distribye, plizyè ekip gendwa ap travay sou menm fil kouran an apati plizyè kote, epi nou gendwa mande yon ekip fè yon ti kanpe pandan yon lòt ekip ap fè yon travay. Travayè yo gendwa nan yon lòt ri oswa yo gendwa ap travay nan yon pòs elektrik pou retabli kouran w lan.
  • Si w ta wè yon ekip FPL k ap pase devan w lan san l pa kanpe, se petèt paske li bezwen fè yon travay nan yon zòn toupre w anvan li ka retabli kouran an lakay ou. Sa rive souvan pou de fil kouran diferan, oswa menm diferan pòs elektrik, ap sèvi menm ri a. Nan kèk ka, vwazen w gendwa gen kouran paske se yon fil kouran oswa yon pòs elektrik ki pa afekte k ap sèvi lakay li, alòske fil kouran oswa pòs elektrik k ap sèvi lakay ou domaje.
  • FPL pase yon seri kontra ak konpayi distribisyon kouran ak konpayi sèvis elektrik ki nan lòt eta pou si nou ta bezwen plis travayè pou retabli kouran an. Kidonk, menm si w pa ta wè yon kamyon FPL nan ri w oswa nan katye w pandan yon blakawout, ou gendwa wè konpayi sèvis elektrik ak konpayi distribisyon kouran ki patnè nou k ap ede nou retabli kouran an.

N ap soutni vwazen nou yo ki nan bezwen

Pifò nan kliyan nou yo gentan rejwenn kouran epi travayè nou yo ap fè tout efò yo pou bay kèk kliyan ki rete yo kouran yo. Sepandan, nou mande anviwon 1,000 travayè ki anplwaye lòt konpayi sèvis elektrik ak konpayi distribisyon kouran retounen nan eta kote yo soti yo pou yo ka bay travay retablisman k ap fèt lakay yo jarèt. FPL vle kliyan l yo konnen li gen tout resous ki nesesè yo, ak prèske 14,000 travayè, pou fin retabli kouran an nan zòn ki afekte yo.

Silagy te di: “Se pa ti apresye nou apresye èd tout ekip sa yo te ban nou pandan moman difisil sa a. Nou vle di yo mèsi pandan y ap retounen lakay yo pou ede pwòp kliyan ak kominote pa yo, paske tanpèt sa a te afekte yo tou. Nou vle ede moun ki te ede nou yo, epi kou travay retablisman nou an fin fèt, nou pral chèche voye anplwaye FPL bò kote yo pou ede yo.”

 

Tanpri rete an sekirite

Menm si Matthew soti nan teritwa n ap sèvi a, ou ka toujou rankontre kèk kondisyon ki danjere. Nou ankouraje kliyan yo pran prekosyon sa yo pou sekirite yo:

  • Rete lwen nenpòt fil kouran ki tonbe ak tout debri, paske liy yo ka gen kouran ladan yo e yo ka danjere.
  • Lè w ap travay sou yon nechèl, gade kote fil kouran yo ye anvan w kòmanse travay. Asire w nechèl la oswa chafoday kote w kanpe a nan yon distans omwen 10 pye ak yon fil kouran pou ni ou menm ni pwent zouti w yo pa gen posiblite gen kontak ak fil kouran an.
  • Tanpri suiv tout enstriksyon fabrikan an pou sèvi avèk dèlko yo kòmsadwa. Pa janm sèvi ak yon dèlko anndan kay la oswa anndan garaj la, epi mete dèlko a lwen fenèt ki ouvri yo pou fim ki danjere yo pa antre anndan kay la oswa anndan kay yon vwazen.
  • Si kay la sibi dega akoz dlo ki koule anndan oswa akoz inondasyon, dlo sa a gendwa antre an kontak ak fil kouran yo:
  • Pran prekosyon lè w ap deploge aparèy elektrik ki toujou ploge yo. Pa kanpe nan dlo lè w peze yon bouton, lè w ploge oswa lè w deploge yon fil elektrik.
  • Lè w remete fizib yo nan plas yo, se pou w gen soulye ki sèk ak semèl an kawoutchou nan pye w e se pou w kanpe sou yon bagay ki sèk e ki pa kondui kouran, tankou yon moso bwa sèk oswa yon mèb ki fèt an bwa.
  • Si w gen dout konsènan sistèm elektrik lakay ou oswa si w pa fin konnen sa w ta dwe fè, rele yon elektrisyen pwofesyonèl ki gen lisans pou l travay ak kouran.
  • Si kay la inonde, yon limyè ki mache ak pil se pi bon kalite limyè ou ka itilize. Sèvi ak yon flach pou enspekte yon kay pou konnen si l domaje.

Ale sou FPL.com pou jwenn lòt konsèy sou sekirite.

Nou pran angajman kenbe w ajou

FPL konn kominike ak kliyan l yo pou ba yo enfòmasyon grasa medya yo ak lòt resous sa yo moun ka jwenn fasil sou aparèy mobil yo:

 

 

Florida Power & Light Company

Florida Power & Light Company se twazyèm pi gwo konpayi kouran Ozetazini. Li sèvi plis pase 4.8 milyon kont kliyan, sa vle di plis pase 10 milyon moun nan prèske mwatye eta Florida. Anjeneral, yon bòdwo rezidansyèl FPL ki gen yon konsomasyon 1,000 kWh sou li koute 30 pousan mwens kòb pase mwayèn lòt bòdwo yo nan peyi a. Lèfini, an 2015, depi sis ane ki sot pase yo, bòdwo FPL yo pi bon mache pase bòdwo tout lòt konpayi kouran nan eta Florida. Disponibilite sèvis FPL la plis pase 99.98 pousan, epi santral elektrik li yo efikas anpil, yo konsome mwens konbistib e yo fè pati santral ki pi pwòp nan tout peyi a. Daprè etid J.D. Power 2016 Electric Utility Residential Customer Satisfaction StudySM, konpayi a jwenn pi bon nòt pami tout gwo konpayi kouran nan pati Sid Etazini, epi an 2016, Market Strategies International rekonèt li kòm youn nan konpayi kouran plis moun fè konfyans Ozetazini. FPL gen anviwon 8,800 anplwaye. Se youn nan konpayi ki anplwaye plis moun nan eta Florida e se yon filyal NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE), yon konpayi enèji pwòp ki rete Juno Beach, FL. Yo rekonèt konpayi sa a tout kote pou travay li nan domèn devlòpman dirab, etik ak divèsite. Yo klase li nan pozisyon n° 1 nan sektè distribisyon kouran ak gaz nan lis "Konpayi plis mou admire nan lemonnantye" pou 2016 ki parèt nan magazin Fortune. NextEra Energy se konpayi manman NextEra Energy Resources, LLC, epi ansanm avèk konpayi ki afilye avè l yo, li se pi gwo pwodiktè enèji renouvlab ki soti nan van ak nan solèy nan monn nan. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou konpayi NextEra Energy yo, ale sou sit Entènèt sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.NextEraEnergyResources.com.

 

###