FPL ap fè tout efò l pou retabli kouran an pou 10 pousan moun ki rete sou 1.2 milyon kliyan ki te sibi blakawout nan mwens pase 48 èdtan apre siklòn Matthew soti nan teritwa konpayi a ap sèvi a
- FPL retabli kouran an pou plis pase 1 milyon kliyan ki te sibi blakawout nan Florida epi li panse li pral fin bay prèske tout kliyan yo kouran anvan jounen jodi a fini.
- Pandan pwosesis retablisman kouran an, ekip yo te idantifye yon seri fil kouran ki te sibi plis domaj nan kèk katye ki sibi anpil dega ak nan kèk zòn ki inonde. Se pou rezon sa a kèk kliyan ap gen pou yo tann jis nan fen jounen lendi a pou rejwenn kouran yo.
- FPL retabli kouran an pou preske tout enfrastriki ki pi enpòtan yo, tankou lopital, stasyon polis ak stasyon ponpye, epi rès yo pral rejwenn kouran yo anvan jounen an fini.
- Tout lekòl piblik ki sipoze ouvri demen ap rejwenn kouran yo anvan jounen jodi a fini.
- FPL ankouraje kliyan yo rete an sekirite epi pran prekosyon lè y ap itilize dèlko.
- Pandan travay FPL la prèske fini, konpayi a ap ofri lòt konpayi distribisyon kouran nan Florida ak nan rejyon Sidès sipò li. Se sa k fè konpayi a voye anviwon 150 moun k ap jere distribisyon kouran ak travay vejetasyon bay Jacksonville Electric Authority.
October 9, 2016

JUNO BEACH, FL. – Jodi a, Florida Power & Light Company (FPL) te anonse, nan lè 7 è nan aprèmidi, l ap travay pou l retabli kouran an bay rès10 pousan kliyan ki sibi blakawout nan zòn siklòn Matthew plis frape yo.

Eric Silagy, prezidan ak direktè jeneral FPL, te deklare: “Ekip nou an, ki gen anviwon 15,000 travayè ladan li, fè anpil anpil pwogrè e li retabli kouran an bay plis pase 1 milyon kliyan ki sibi blakawout nan mwens pase 48 èdtan apre Matthew kite teritwa n ap sèvi a. Men sa pa vle di nou fini deja. Ekip nou yo ap konsantre efò yo sou kèk kliyan ki poko gen kouran nan zòn Nò ak Sant Florida ki plis frape yo, e nou pap kanpe jiskaske chak grenn kliyan rejwenn kouran li ankò.”

FPL gen plizyè gwo sit preparasyon ak sit sipò nan zòn Nò ak Sant, tankou nan konte St. Lucie, Indian River, Brevard, Volusia, Flagler, St. Johns ak Putnam.

Silagy te deklare: “Nou konnen kouran se yon bagay ki enpòtan anpil pou kliyan nou yo e nou konprann jan sa kapab fristre yo lè yo nan fènwa. Se pou rezon sa a nou deplwaye plis resous anvan tanpèt sa a pase nan nenpòt lòt moman anvan sa. Nou mèt konnen nou pran angajman pou nou kontinye travay 24 sou 24 pou ede kominote nou yo repran tout aktivite nòmal yo.”

Mete sou sa, konpayi a te mobilize veyikil repons kominotè nan konte St. Johns ak Brevard pou bay moun ki fè pati kominote ki nan zòn sa yo posibilite pou yo chaje aparèy elektwonik yo. FPL mete sou pye sant komann mobil li a nan youn nan zòn ki plis afekte yo, setadi St. Augustine. Konsa nou kapab kowòdone ak akselere travay ekip yo ap fè pou retabli kouran an nan zòn sa a.

Silagy te di: “Nou ta renmen di konpayi distribisyon kouran ak lòt konpayi ki patnè nou mèsi poutèt yo te ede nou retabli kouran an, san nou pa bliye tou ofisyèl lokal ak ofisyèl eta yo k ap ede nou jwenn tout resous nou bezwen pou retabli kouran an bay tout kliyan nou yo. Etandone travay retablisman nou an prèske fini, n ap ofri lòt konpayi distribisyon kouran nan eta Florida e nan rejyon Sidès sipò nou pou ede yo retabli kouran an pou kliyan pa yo. Nou swete ede vwazen nou yo paske yo menm tou, yo te ede nou leve kanpe apre tanpèt la.”

Ofiramezi FPL ap antre nan dènye faz travay retablisman an, konpayi a voye anviwon 150 moun bay Jacksonville Electric Authority pou jere distribisyon kouran ak travay vejetasyon. FPL gen ase resous pou retabli kouran an selon tout angajman li pran yo.

Estimasyon pou retabli kouran an

Selon analiz sitiyasyon an ak kantite resous k ap travay pou retabli kouran an, FPL panse li pral retabli kouran an bay tout kliyan ki te sibi blakawout apre Matthew anvan jounen jodi a fini. Sepandan, pandan pwosesis retablisman kouran an, ekip yo te idantifye yon seri fil kouran ki te sibi plis domaj nan kèk katye ki sibi anpil dega ak nan kèk zòn ki inonde. Se pou rezon sa a kèk kliyan ap gen pou yo tann jis nan fen jounen lendi a pou rejwenn kouran yo.

Nan samdi swa, prèske tout kliyan Matthew te afekte nan konte Palm Beach gentan rejwenn kouran. Tout kliyan ki te nan konte Miami-Dade ak Broward te gentan rejwenn kouran yo nan vandredi swa.

FPL retabli kouran an pou enfrastriki ki pi enpòtan yo, tankou lopital, stasyon polis ak stasyon ponpye, epi rès kliyan yo pral rejwenn kouran yo anvan jounen an fini. Tout lekòl piblik ki sipoze ouvri demen ap rejwenn kouran yo anvan jounen jodi a fini.

Ede nou retabli kouran w lan an sekirite

Pou asire sekirite w ak sekirite ekip yo k ap travay pou retabli kouran w, tanpri suiv enstriksyon fabrikan an pou sèvi ak dèlko yo kòmsadwa. Ploge aparèy elektrik ou yo dirèkteman nan dèlko a, pa fè sa nan pano brekè prensipal la, paske kouran an gendwa retounen nan fil kouran piblik yo e li ka blese lòt moun. Pa janm itilize yon dèlko anndan kay la oswa anndan garaj la.

Ki jan nou retabli kouran an

Pou nou retabli kouran an, nou pa pran desizyon selon moun ki fè nou konnen gen blakawout, nou pa konsidere kote kliyan yo rete ni nou pa gade si kliyan an peye oswa si li anreta nan peman l yo. Nou kòmanse travay la plizyè kote epi nou suiv yon plan pou retabli kouran an san danje, osito sa posib, pou plis moun posib.

  • Pou kòmanse, nou repare tout domaj ki fèt nan izin kouran nou yo ak nan fil ki transpòte kouran an soti nan izin nou yo rive nan pòs elektrik lokal yo.
  • Nan travay retabli kouran an, se enstalasyon ki enpòtan anpil yo, tankou lopital, stasyon polis ak stasyon ponpye, enstalasyon kominikasyon, izin tretman dlo ak enstalasyon transpò, nou bay priyorite.
  • Mete sou sa, nou travay pou retabli kouran an pou plis kliyan posib rapid rapid. Sa gen ladan l kote ki pi enpòtan yo, tankou makèt, famasi, stasyon gazolin ak lòt konpayi ki la pou bay sèvis ki nesesè nan kominote yo.
  • Annapre, nou repare enfrastrikti ki la pou ti gwoup ak katye rezidansyèl yo. Nou kòmanse nan zòn kote gen plis domaj jiskaske chak kliyan vin jwenn sèvis kouran ankò.


Ekip yo ki la pou retabli kouran an gendwa ap travay san w pa wè yo

Depi siklòn Matthew fin pase, ekip FPL yo ap travay san rete pou retabli kouran an bay chak kliyan. Moun sa yo, gason kou fi, vrèman anvi retabli kouran an osito yo ka fè sa san danje, epi y ap travay pou fè sa menm lè w pa ta wè yo.

  • Poutèt jan kouran an distribye, plizyè ekip gendwa ap travay sou menm fil kouran an apati plizyè kote, epi nou gendwa mande yon ekip fè yon ti kanpe pandan yon lòt ekip ap fè yon travay. Travayè yo gendwa nan yon lòt ri oswa yo gendwa ap travay nan yon pòs elektrik pou retabli kouran w lan.
  • Si w ta wè yon ekip FPL k ap pase devan w lan san l pa kanpe, se petèt paske li bezwen fè yon travay nan yon zòn toupre w anvan li ka retabli kouran an lakay ou. Sa rive souvan pou de fil kouran diferan, oswa menm diferan pòs elektrik, ap sèvi menm ri a. Nan kèk ka, vwazen w gendwa gen kouran paske se yon fil kouran oswa yon pòs elektrik ki pa afekte k ap sèvi lakay li, alòske fil kouran oswa pòs elektrik k ap sèvi lakay ou domaje.
  • FPL pase yon seri kontra ak konpayi distribisyon kouran ak konpayi sèvis elektrik ki nan lòt eta pou si nou ta bezwen plis travayè pou retabli kouran an. Kidonk, menm si w pa ta wè yon kamyon FPL nan ri w oswa nan katye w pandan yon blakawout, ou gendwa wè konpayi sèvis elektrik ak konpayi distribisyon kouran ki patnè nou k ap ede nou retabli kouran an.


Envestisman nan rezo a

FPl envesti plis pase $2 milya depi 2006 pou l bati yon rezo kouran ki pi solid, ki pi entelijan e ki pi byen reziste ak tanpèt yo. Konsa li kapab retabli kouran an pi rapid toujou. Selon jan FPL analize sitiyasyon an pandan tanpèt sa a, envestisman konpayi a te fè vrèman ap bay bon rezilta pou kliyan yo, paske gen mwens blakawout epi nou retabli kouran an pi rapid. Men kèk prèv ki montre envestisman sa yo te bay bon rezilta pandan siklòn Matthew te pase:

  • Komitatè otomatik ki sou poto ak fil kouran yo la pou limite kantite kliyan ki afekte lè gen yon blakawout. Konsa, pou kounye a, nou gen plis pase 55,000 blakawout nou te evite e nou panse ap gen plis toujou apre nou fin verifye plis enfòmasyon nou jwenn sou blakawout yo.
  • Liy alimantasyon elektrik ki ranfòse yo sipoze pi byen reziste ak move tan. Yo bay 1.5 fwa pi bon rezilta pase liy ki pa ranfòse yo. Pa gen okenn poto ki gen liy alimantasyon elektrik ki sibi dega akoz Matthew.
  • Teknoloji kontè entelijan an te ede nou retabli kouran an yon fason ki pi efikas apre Matthew fin pase. Kontè entelijan yo fè nou konnen ki kliyan ki pa gen kouran, konsa kliyan yo pa oblije rele pou di nou sa. Se sa k fè nou konnen ki lè blakawout yo rive nan lè yo rive a e FPL ka trete enfòmasyon sa yo yon fason ki otomatik pou retabli kouran an pi rapid. Konsa ekip yo pa oblije plede retounen nan chak zòn e yo ka konsantre efò yo nan rès travay retablisman kouran an. FPL te enstale 4.8 milyon kontè entelijan nan rezo entelijan l lan.
  • Poto elektrik nou te renove oswa nou te ranplase yo bay bon rezilta e yo te pèmèt nou evite yon seri blakawout ki te ka pi grav. Depi 2006, FPL te enspekte plis pase 1.4 milya poto elektrik epi li te renove oswa ranplase sa ki pa t solid ase yo.


Tanpri rete an sekirite

Menm si Matthew soti nan teritwa n ap sèvi a, ou ka toujou rankontre kèk kondisyon ki danjere. Nou ankouraje kliyan ki nan zòn ki inonde ak dlo pran prekosyon sa yo pou sekirite yo:

  • Rete lwen nenpòt fil kouran ki tonbe, tout kote ki inonde ak dlo ak tout debri, paske liy yo ka gen kouran ladan yo e yo ka danjere.
  • Se pou w pridan si w ap kondui machin. Lè gen blakawout, limyè sikilasyon yo gendwa sispann fonksyone bridsoukou. Si w rive nan yon kafou kote limyè sikilasyon yo pa fonksyone, lalwa eta Florida a mande pou w kanpe menm jan ou konn fè sa nan yon kafou kote gen kat siy stòp.
  • Si w ap itilize yon dèlko pòtab:
    • suiv tout enstriksyon fabrikan an pou sèvi avè l kòmsadwa;
    • ploge aparèy elektrik ou yo dirèkteman nan dèlko a, pa fè sa nan pano brekè prensipal la, paske kouran an gendwa retounen nan fil kouran piblik yo e li ka blese lòt moun;
    • se sèlman yon elektrisyen ki gen lisans ki ta dwe konekte yon dèlko nan yon pano brekè;
    • pa janm itilize yon dèlko anndan kay la oswa anndan garaj la; epi
    • mete dèlko a lwen fenèt ki ouvri yo pou fim ki danjere yo pa antre anndan kay la oswa anndan kay yon vwazen.
  • Veye pou w etenn tout aparèy elektrik yo, espesyalman fou ak recho, pou dife pa pran nan kay la.
  • Lè w ap travay sou yon nechèl, gade kote fil kouran yo ye anvan w kòmanse travay. Asire w nechèl la oswa chafoday kote w kanpe a nan yon distans omwen 10 pye ak yon fil kouran pou ni ou menm ni pwent zouti w yo pa gen posiblite gen kontak ak fil kouran an. Anvan w desann antèn televizyon w lan oswa satelit ou a, veye pou etenn epi deploge televizyon an.

Ale sou FPL.com pou jwenn lòt konsèy sou sekirite.

Nou pran angajman kenbe w ajou

FPL konn kominike ak kliyan l yo pou ba yo enfòmasyon grasa medya yo ak lòt resous sa yo moun ka jwenn fasil sou aparèy mobil yo:

 

Florida Power & Light Company

Florida Power & Light Company se twazyèm pi gwo konpayi kouran Ozetazini. Li sèvi plis pase 4.8 milyon kont kliyan, sa vle di plis pase 10 milyon moun nan prèske mwatye eta Florida. Anjeneral, yon bòdwo rezidansyèl FPL ki gen yon konsomasyon 1,000 kWh sou li koute 30 pousan mwens kòb pase mwayèn lòt bòdwo yo nan peyi a. Lèfini, an 2015, depi sis ane ki sot pase yo, bòdwo FPL yo pi bon mache pase bòdwo tout lòt konpayi kouran nan eta Florida. Disponibilite sèvis FPL la plis pase 99.98 pousan, epi santral elektrik li yo efikas anpil, yo konsome mwens konbistib e yo fè pati santral ki pi pwòp nan tout peyi a. Daprè etid J.D. Power 2016 Electric Utility Residential Customer Satisfaction StudySM, konpayi a jwenn pi bon nòt pami tout gwo konpayi kouran nan pati Sid Etazini, epi an 2016, Market Strategies International rekonèt li kòm youn nan konpayi kouran plis moun fè konfyans Ozetazini. FPL gen anviwon 8,800 anplwaye. Se youn nan konpayi ki anplwaye plis moun nan eta Florida e se yon filyal NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE), yon konpayi enèji pwòp ki rete Juno Beach, FL. Yo rekonèt konpayi sa a tout kote pou travay li nan domèn devlòpman dirab, etik ak divèsite. Yo klase li nan pozisyon n° 1 nan sektè distribisyon kouran ak gaz nan lis "Konpayi plis mou admire nan lemonnantye" pou 2016 ki parèt nan magazin Fortune. NextEra Energy se konpayi manman NextEra Energy Resources, LLC, epi ansanm avèk konpayi ki afilye avè l yo, li se pi gwo pwodiktè enèji renouvlab ki soti nan van ak nan solèy nan monn nan. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou konpayi NextEra Energy yo, ale sou sit Entènèt sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.NextEraEnergyResources.com.

 

###

For further information: Florida Power & Light Company Nimewo telefòn pou medya yo: 561-694-4442 @FPL_Newsroom