FPL ankouraje kliyan yo, espesyalman si yo nan zòn Sant ak Nò Florida, pou yo prepare pou gwo blakawout poutèt siklòn Matthew ap vanse nan direksyon Cape Canaveral.
- FPL panse jiska 2.5 milyon kliyan gendwa pèdi kouran epi kèk kote gendwa rete san kouran pandan anpil tan.
- FPL prevwa travay ki pral fèt pou retabli kouran an pral anpil ak difisil nan kèk zòn ki sou kòt Lès Florida paske FPL ka oblije rebati plizyè pati nan sistèm kouran li a.
- FPL gen plis pase 15,000 travayè ki pare pou reponn. Yo gen ladan yo anplwaye FPL ak anplwaye lòt konpayi kouran ak konpayi sèvis elektrik.
- FPL ankouraje kliyan yo bay sekirite priyorite epi rete lwen fil kouran ki tonbe yo, rete lwen zòn ki inonde ak dlo, e rete lwen tout debri, paske fil yo gendwa gen kouran ladan yo e yo ka yon menas pou lavi moun yo.
- Kliyan yo ta dwe ale sou FPL.com pou jwenn enfòmasyon kritik e ki enpòtan anpil epi yo ta dwe ale sou FPL.com/outage pou fè nou konnen si gen blakawout.
October 6, 2016

JUNO BEACH, Florida, 6 okt. 2016 /PRNewswire/ -- Jodi a, Florida Power & Light Company (FPL) te ankouraje kliyan yo pran prekosyon ak fè dènye preparasyon yo pou gwo blakawout. Si siklòn Matthew touche tè a bò zòn Cape Canaveral jan previzyon yo di sa, li ka yon tanpèt kategori 4 ki lakòz anpil dega e ki mòtèl.

Logo - http://photos.prnewswire.com/prnh/20120301/FL62738LOGO

Eric Silagy, prezidan ak direktè jeneral FPL, te deklare: “Anplwaye FPL yo, gason kou fi, ap travay di ansanm avèk anplwaye lòt konpayi sèvis elektrik ak lòt konpayi kouran ki patnè nou ki soti tout kote nan peyi a. Yo pare pou yo reponn ak siklòn Matthew osito yo ka fè sa san danje. Kounye a, nou gen plis pase 15,000 travayè ki la pou retabli kouran an e nou gentan voye 12,000 nan travayè sa yo sou teren an pou yo retabli kouran bay kliyan nou yo. Depi pa gen danje, ekip nou yo pral soti nan lari pa pakèt pou retabli kouran an kou move tan an kòmanse epi nou pral kontinye travay apre tanpèt la fin pase jiskaske tout kliyan yo vin gen kouran ankò.”

Gwo tanpèt sa a pral frape anpil kote nan kòt Lès Florida. Selon previzyon ki fèt sou wout siklòn sipoze suiv la, fòs li genyen an ak modelizasyon istorik FPL la, kounye a, konpayi a panse jiska 2.5 milyon kliyan pral sibi blakawout ak dega.

Silagy te deklare: “Selon wout Matthew ap suiv la ak fòs li, dega enfrastrikti kouran nou an pral sibi gendwa anpil. Enpak tanpèt sa ap depase non sèlman sa sistèm FPL la ka sipòte, men tou l ap depase sa majorite kay ak bilding ki nan rejyon an ka sipòte. Gen kèk zòn nan teritwa n ap sèvi a ki ka sibi blakawout pandan anpil tan oswa plizyè blakawout, epi gen lòt kote ki ka bezwen tout enfrastrikti kouran yo a rebati. Bagay ki pi enpòtan kounye a se asire nou kliyan nou yo fin fè dènye preparasyon yo pou tanpèt la pou yo ka sipòte l an sekirite.”

FPL kontinye ap fè kliyan l yo sonje yo bezwen pridan anvan, pandan ak apre tanpèt la. Rete lwen nenpòt kote ki inonde ak dlo ak debri, epi fè atansyon pou rete lwen nenpòt fil kouran ki tonbe, paske yo gendwa gen kouran ladan yo e yo ka danjere. Lè w rive nan kafou, si limyè sikilasyon yo pa travay akoz yon blakawout, li enpòtan pou w kanpe menm jan ou ta fè sa nan kafou kote gen kat siy stòp.

Silagy te deklare: “Nou di kliyan nou yo mèsi davans pou pasyans yo paske nou gentan konnen peryòd sa a pral difisil. Tanpri, se pou w konnen ekip nou yo pral soti pa pakèt e yo pral travay san rete jiskaske chak grenn kliyan vin gen kouran ankò.”

Inondasyon, estrikti ti tonbe, debri ak lòt obstak gendwa ralanti travay nou an pou retabli kouran an. Lèfini, gwo kantite vejetasyon ak debri k ap la ka rann travay sa a difisil anpil tou. Apre move tan, ekip FPL yo konn oblije koupe pyebwa yo ak lòt vejetasyon ki tonbe sou fil kouran yo oswa ki antrave yo pou yo ka jwenn kote ki domaje yo e pou yo repare dega yo rapid san danje. Travayè yo ap fè reparasyon etan yo nan kamyon ki leve yo byen wo chak lè move tan an fè yon ti kanpe, depi van an pa rive nan 35 mph e depi pa gen danje pou yo travay.

FPL pi byen pare pou l reponn ak move tan an. Konpayi a envesti plis pase $2 milya depi 2006 pou l bati yon rezo kouran ki pi solid, ki pi entelijan e ki pi byen reziste ak tanpèt yo. Konsa n ap kapab retabli kouran an pi rapid toujou. Sepandan, pral gen blakawout san mank, paske pa gen okenn konpayi kouran ki ekipe pou jwenn pwoteksyon kont tout kalite siklòn, sitou si se yon gwo tanpèt tankou Matthew.

Grasa leson nou te tire nan gwo tanpèt Sandy ki te frape an 2012, FPL enstale yon seri monitè inondasyon k ap mache an tan reyèl nan 223 pòs elektrik ki plis vilnerab devan tanpèt yo nan konte Miami-Dade, Broward, Collier ak Lee. Pòs elektrik yo jwe yon konnen wòl pou sèvi kliyan yo paske yo bese kouran wo tansyon an ki nan fil kouran transmisyon yo jiskaske li desann nan yon nivo nou ka distribiye nan tout zòn FPL ap sèvi yo.

Nòmalman, monitè yo pa ka anpeche yon inondasyon, men yo avèti FPL alavans si gen yon danje inondasyon e yo pèmèt nou fèmen yon pòs elektrik pi bonè si sa nesesè. Sa ka kontwole domaj ki fèt nan sistèm nou an e sa pèmèt nou remete pòs elektrik la an sèvis apre tanpèt la fin pase.

Tanpri rete an sekirite

Sekirite se toujou pi gwo priyorite FPL. Nou ankouraje kliyan nou yo pou yo konsidere l kòm pi gwo priyorite pa yo tou. Men sa kliyan yo ta dwe fè:

  • Rete lwen nenpòt fil kouran ki tonbe, tout kote ki inonde ak dlo ak tout debri, paske fil yo ka gen kouran ladan yo e yo ka danjere. Rele 911 ak 1-800-4OUTAGE (1-800-468-8243) si w ta wè yon fil kouran ki tonbe.
  • Se pou w pridan anpil si w ap kondui machin. Lè gen blakawout, limyè sikilasyon yo gendwa sispann fonksyone bridsoukou. Si w rive nan yon kafou kote limyè sikilasyon yo pa fonksyone, lalwa leta Florid mande pou w kanpe menm jan ou konn fè sa nan yon kafou kote gen kat siy stòp. Evite kondui sou wout ki inonde ak dlo.
  • Si w ap itilize yon dèlko pòtab:
    • suiv tout enstriksyon fabrikan an pou sèvi avè l kòmsadwa;
    • ploge aparèy elektrik ou yo dirèkteman nan dèlko a, pa fè sa nan pano brekè prensipal la, paske kouran an gendwa retounen nan fil kouran piblik yo e li ka blese lòt moun;
    • se sèlman yon elektrisyen ki gen lisans ki ta dwe konekte yon dèlko nan yon pano brekè prensipal;
    • pa janm itilize yon dèlko anndan kay la oswa anndan garaj la; epi
    • mete dèlko a lwen fenèt ki ouvri yo pou fim ki danjere yo pa antre anndan kay la oswa anndan kay yon vwazen.
  • Veye pou w etenn tout aparèy elektrik yo, espesyalman fou ak recho, pou dife pa pran nan kay la.
  • Ale sou FPL.com pou jwenn plis konsèy sou preparasyon ak sekirite.

Sa n ap fè

FPL pare pou reponn ak siklòn Matthew:

  • Nou gen plis pase 15,000 travayè ki pare pou reponn ak tanpèt sa a. Yo gen ladan yo anplwaye FPL ak anplwaye lòt konpayi kouran ak konpayi sèvis elektrik.
  • Sant komann nou an, ki Riviera Beach, ouvri depi plizyè jou. N ap siveye tanpèt sa a ak anpil atansyon e n ap prepare pou li depi plis pase yon semèn.
  • Nou gentan mobilize ak voye travayè nou yo pou yo ka kòmanse retabli kouran an osito yo ka fè sa san danje.
  • Nou gentan mete sou pye 17 sit preparason prensipal ak 12 sit sipò pou reparasyon yo ka fèt pi rapid.
  • Nou mande kliyan yo bay sekirite priyorite paske se premye gwo siklòn k ap frape Florida depi 2005.

Tousuit apre tanpèt la fin pase, nou pral voye ekip nou yo pou yo analize dega ki fèt yo, konsa n ap kapab estime ki lè reparasyon yo ap fini ak ki lè kouran an ap retounen nan chak zòn ki afekte. Plizyè èdtan apre tanpèt la soti nan yon zòn nan eta a, nou pral kominike estimasyon nou yo pou kliyan yo konnen ki lè kouran an ap retounen pou 50 pousan, 75 pousan ak 90 pousan moun. Yon pati nan estimasyon sa yo pral baze sou done istorik nou genyen konsènan lòt tanpèt ki deja pase yo. Nou gendwa chanje estimasyon sa yo ofiramezi nou jwenn plis enfòmasyon sou dega sistèm nou an sibi.

Ki jan nou retabli kouran an

Pou nou retabli kouran an, nou pa pran desizyon selon moun ki fè nou konnen gen blakawout, nou pa konsidere kote kliyan yo rete ni nou pa gade si kliyan an peye oswa si li anreta nan peman l yo. Nou kòmanse travay la plizyè kote epi nou suiv yon plan pou retabli kouran an san danje, osito sa posib, pou plis moun posib.

  • Pou kòmanse, nou repare tout domaj ki fèt nan izin kouran nou yo ak nan fil ki transpòte kouran an soti nan izin nou yo rive nan pòs elektrik lokal yo.
  • Nan travay retabli kouran an, se enstalasyon kritik e ki enpòtan anpil yo, tankou lopital, stasyon polis ak stasyon ponpye, enstalasyon kominikasyon, izin tretman dlo ak enstalasyon transpò, nou bay priyorite.
  • Mete sou sa, nou travay pou retabli kouran an pou plis kliyan posib rapid rapid. Sa gen ladan l kote ki pi enpòtan yo, tankou makèt, famasi, stasyon gazolin ak lòt konpayi ki la pou bay sèvis ki nesesè nan kominote yo.
  • Annapre, nou repare enfrastrikti ki la pou ti gwoup ak katye rezidansyèl yo. Nou kòmanse nan zòn kote gen plis domaj jiskaske chak kliyan vin jwenn kouran ankò.

Ki jan pou w jwenn enfòmasyon ki ajou

FPL konn kominike ak kliyan l yo pou ba yo enfòmasyon grasa medya yo ak lòt resous sa yo:

 

Florida Power & Light Company

Florida Power & Light Company se twazyèm pi gwo konpayi kouran Ozetazini. Li sèvi plis pase 4.8 milyon kont kliyan, sa vle di plis pase 10 milyon moun nan prèske mwatye eta Florida. Anjeneral, yon bòdwo rezidansyèl FPL ki gen yon konsomasyon 1,000 kWh sou li koute 30 pousan mwens kòb pase mwayèn lòt bòdwo yo nan peyi a. Lèfini, an 2015, depi sis ane ki sot pase yo, bòdwo FPL yo pi bon mache pase bòdwo tout lòt konpayi kouran nan eta Florida. Disponibilite sèvis FPL la plis pase 99.98 pousan, epi santral elektrik li yo efikas anpil, yo konsome mwens konbistib e yo fè pati santral ki pi pwòp nan tout peyi a. Daprè etid J.D. Power 2016 Electric Utility Residential Customer Satisfaction StudySM, konpayi a jwenn pi bon nòt pami tout gwo konpayi kouran nan pati Sid Etazini, epi an 2016, Market Strategies International rekonèt li kòm youn nan konpayi kouran plis moun fè konfyans Ozetazini. FPL gen anviwon 8,800 anplwaye. Se youn nan konpayi ki anplwaye plis moun nan eta Florida e se yon filyal NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE), yon konpayi enèji pwòp ki rete Juno Beach, FL. Yo rekonèt konpayi sa a tout kote pou travay li nan domèn devlòpman dirab, etik ak divèsite. Yo klase li nan pozisyon n° 1 nan sektè distribisyon kouran ak gaz nan lis "Konpayi plis mou admire nan lemonnantye" pou 2016 ki parèt nan magazin Fortune. NextEra Energy se konpayi manman NextEra Energy Resources, LLC, epi ansanm avèk konpayi ki afilye avè l yo, li se pi gwo pwodiktè enèji renouvlab ki soti nan van ak nan solèy nan monn nan. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou konpayi NextEra Energy yo, ale sou sit Entènèt sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.NextEraEnergyResources.com.

 

CONTACT : Florida Power & Light Company, Nimewo telefòn pou medya yo: 561-694-4442, @FPL_Newsroom