FPl ap fè dènye preparasyon l yo pou tanpèt la e li ankouraje kliyan yo prepare pou gwo blakawout paske siklòn Matthew k ap pwoche kòt lès Florida gen anpil fòs.
- FPL panse jiska 1.2 milyon kliyan gendwa pèdi kouran.
- FPL gen plis pase 12,000 travayè ki pare pou reponn ak tanpèt sa a. Yo gen ladan yo anplwaye FPL ak anplwaye lòt konpayi kouran ak konpayi sèvis elektrik.
- FPL kontinye ap voye alavans resous ak ekipman tout kote pou yo ka sèvi kliyan yo osito yo ka fè sa san danje.
- FPL ap fè yon bagay li poko janm fè anvan: l ap voye mesaj otomatik nan telefòn prèske 3 milyon kliyan ki sou wout tanpèt la pou ankouraje yo pran prekosyon e prepare tèt yo pou blakawout.
October 5, 2016

JUNO BEACH, FL. – Jodi a,  poutèt siklòn Matthew ki kontinye ap pwoche a, Florida Power & Light Company (FPL) te ankouraje kliyan yo pran prekosyon pou sekirite yo ak fin fè dènye preparasyon yo pou sizoka ta gen blakawout. Mete sou sa, konpayi a fè yon bagay li potko janm fè anvan: li voye mesaj otomatik sou telefòn prèske 3 milyon kliyan ki anba alèt siklòn oswa anba yon avètisman pi serye toujou, pou ankouraje yo pran tan depi kounye a pou prepare pou blakawout ki gendwa rive (https://youtu.be/Ps4LpGzs2j8).

Selon previzyon ki fèt sou wout siklòn sipoze suiv la, fòs li sipoze genyen an ak modelizasyon istorik FPL la, konpayi a panse anviwon 1.2 milyon kliyan gendwa sibi blakawout akoz tanpèt sa a, ki danjere e ki ka fè anpil dega. Anplis, FPL panse kèk kliyan gendwa sibi plizyè blakawout pandan tanpèt la ap pase.

Eric Silagy, prezidan ak direktè jeneral FPL, te deklare: “Nou konprann kè sote anpil nan kliyan nou yo genyen nan moman sa a. Nou ta renmen rasire yo e fè yo konnen nou pare pou nou reponn. Nou deploye plis resous anvan tanpèt sa a pase pou nenpòt lòt tanpèt ki pase deja. Nan 24 èdtan ki sot pase yo, nou mete plis moun toujou nan ekip nou an ki la pou retabli kouran an. Nou mande ranfò nan lòt eta e gen travayè ki soti jis Teksas, nan Lwès, ak Massachusetts, nan Nò, pou yo ede nou. Kounye a, nou gen plis pase 12,000 travayè ki la pou retabli kouran an e nou gentan voye 9,000 nan travayè sa yo sou teren an pou yo retabli kouran bay kliyan nou yo. Depi pa gen danje, nou pral travay pou retabli kouran an kou move tan an kòmanse epi nou pral kontinye travay apre tanpèt la fin pase jiskaske tout kliyan yo vin gen kouran ankò.”

 

Depi 2006, FPL fè anpil envestisman pou mete sou pye youn nan rezo kouran entelijan ki pi avanse nan tout peyi a. Youn nan priyorite envestisman nou se ranfòse sistèm kouran an. Pou nou rive fè sa, nou renove fil kouran prensipal k ap sèvi enstalasyon kritik e ki enpòtan anpil ak lòt kote ki la pou satisfè bezwen kominote yo. Sa prepare sistèm FPL la pou l pi byen reziste devan move tan, epi sitou sa pèmèt konpayi a retabli kouran an bay kliyan l yo pi rapid apre yon gwo tanpèt.

 

Silagy deklare: “Yon siklòn kategori 4 se yon gwo fòs lanati li ye e se pou rezon sa a nou wè li enpòtan pou nou voye mesaj otomatik sou telefòn prèske 3 milyon nan kliyan nou yo pou akouraje yo prepare pou blakawout ki gendwa rive. Nou ankouraje kliyan yo fè dènye preparasyon yo kounye a epi nou mande yo bay sekirite priyorite. Nou di yo mèsi davans pou pasyans yo paske nou konnen pwochen jou k ap vini yo pral difisil. Tanpri sonje n ap gen anpil moun deyò a kou nou ka travay san danje.”

 

Selon wout Matthew ap suiv la ak fòs li, dega enfrastrikti elektrik la sibi gendwa anpil. Inondasyon, estrikti ti tonbe, debri ak lòt obstak gendwa ralanti travay nou an pou retabli kouran an. Lèfini, gwo kantite vejetasyon ak debri k ap la ka rann travay sa a difisil tou. Apre move tan, ekip FPL yo konn oblije koupe pyebwa yo ak lòt vejetasyon ki tonbe sou fil kouran yo oswa ki antrave yo pou yo ka rive kote ki domaje yo e pou yo repare dega yo rapid san danje. Travayè yo ap fè reparasyon etan yo nan kamyon ki leve yo byen wo chak lè move tan an fè yon ti kanpe, depi van an pa rive nan 35 mph e depi pa gen danje pou yo travay.

 

Sa n ap fè

FPL ap fin fè dènye preparasyon l yo pou siklòn Matthew:

  • N ap mobilize e n ap voye travayè nou yo pou yo ka kòmanse retabli kouran an osito yo ka fè sa san danje.
  • Nou gentan mete sou pye 11 gwo sit preparason ak 12 sit sipò pou reparasyon yo ka fèt pi rapid.
  • Nou mande kliyan yo bay sekirite priyorite paske se premye gwo siklòn k ap frape Florida depi 2005.

Tousuit apre tanpèt la fin pase, nou pral voye ekip nou yo pou yo analize dega ki fèt yo, konsa n ap kapab estime ki lè reparasyon yo ap fini ak ki lè kouran an ap retounen nan chak zòn ki afekte. Grasa teknoloji modelizayon avanse nou an ak done nou jwenn apati tanpèt ki deja pase yo, n ap kapab konnen ki lè kouran an pral retounen pou chak kliyan ki afekte.

Sa w kapab fè

Sekirite se toujou pi gwo priyorite nou. Nou ankouraje kliyan nou yo pou yo konsidere l kòm pi gwo priyorite pa yo tou.

  • Prepare w pou blakawout epi kenbe yon radyo ki mache ak pil yon kote w ka jwenn li fasil. Mete sou sa, kenbe pil tounèf an rezèv.
  • Ekri nimewo kont FPL ou a yon kote w ap ka jwenn fasil. Si w konnen nimewo kont ou an, w ap kapab konsilte l byen rapid sou Entènèt nan adrès FPL.com. Mete sou sa, ekri nimewo telefòn nou (1-800-4OUTAGE oswa 1-800-468-8243) yon kote ki fasil pou jwenn pou si w ta bezwen rele nou pou jwenn enfòmasyon atravè sistèm otomatik nou an.
  • Si gen yon moun nan kay la ki bezwen sèvi ak ekipman medikal elektrik ki esansyèl pou sante yo, revize plan ijans fanmi w lan pou jwenn yon sous elektrisite ijans oswa pran dispozisyon pou deplase lè yo anonse yon tanpèt.
  • Si w gen entansyon sèvi ak yon nechèl pou prepare kay ou anvan tanpèt la, note kote fil kouran yo ye anvan w kòmanse. Asire w nechèl la oswa chafoday kote w kanpe a nan yon distans omwen 10 pye ak yon fil kouran pou ni ou menm ni pwent zouti w yo pa gen posiblite gen kontak ak fil kouran an. Anvan w desann antèn televizyon w lan oswa satelit ou a, etenn epi deploge televizyon an.
  • Majorite konte yo kanpe sèvis kamyon fatra ak debri anvan yon tanpèt. Tanpri pa taye pyebwa yo kounye a paske gwo van gendwa fè branch yo tounen debri k ap vole e ki danjere. Sepandan, si w gentan taye pyebwa w yo deja, tanpri tache yo oswa sere yo yon kote ki pa gen danje pou yo pa lakòz blakawout.
  • Regle frijidè w la ak frizè w la nan tanperati ki pi ba a alavans pou manje a ka rete fre pi lontan sizoka ta gen yon blakawout.
  • Pa soti nan fènwa poutèt ou gendwa pa kapab wè yon fil kouran ki tonbe e sa ka danjere si l gen kouran ladan l. Evite nenpòt dlo ak debri ki atè a.
  • Si w ta wè yon fil kouran ki tonbe, rele 911 ak 1-800-4OUTAGE (1-800-468-8243). Rete lwen tout fil kouran.
  • Ale sou FPL.com pou jwenn plis konsèy sou preparasyon ak sekirite.
     

Nou envesti pou nou gen yon rezo kouran ki pi solid e ki pi entelijan

FPl pi byen pare pou l reponn ak move tan an. Konpayi a envesti plis pase $2 milya depi 2006 pou l bati yon rezo kouran ki pi solid, ki pi entelijan e ki pi byen reziste ak tanpèt yo. Konsa n ap kapab retabli kouran an pi rapid toujou. Men kèk amelyorasyon nou pote nan rezo kouran an:

  • nou te ranfòse plis pase 600 fil kouran prensipal yo ki gen ladan l sa k ap sèvi plis pase 700 enstalasyon kritik e ki enpòtan anpil nan kominote yo;
  • nou te enstale plis pase 450 fil kouran prensipal anba tè;
  • nou te retire anpil pyebwa ki t ap antrave plis pase 135,000 fil kouran, poutèt yo lakòz anpil blakawout;
  • nou te enspekte plis pase 1.4 milya poto elektrik epi nou te renove oswa nou te ranplase sa ki pa t solid ase; epi
  • nou te enstale 4.8 milyon kontè entelijan ak 36,000 aparèy entelijan nan rezo kouran an grasa teknoloji avanse nou an ki la pou ede nou detekte pwoblèm yo e pou ede nou retabli kouran an rapid lè gen blakawout.

Lefètke nou te amelyore sistèm nou an, gen mwens blakawout, nou ka retabli kouran an pi rapid apre yon tanpèt epi kliyan nou yo resevwa yon sèvis yo ka fè konfyans pi plis chak jou. Nan senk ane ki sot pase yo, FPL pote yon amelyorasyon 25 pousan nan disponibilite sèvis la chak jou.

Youn nan priyorite travay nou se ranfòse sistèm kouran an. Pou nou rive fè sa, nou renove fil kouran prensipal k ap sèvi enstalasyon kritik e ki enpòtan anpil nan kominote yo. Sa prepare sistèm nou an pou l pi byen reziste devan move tan e sa pèmèt nou retabli kouran an bay kliyan nou yo pi rapid apre yon gwo tanpèt. 
 

  • Gen kèk nan renovasyon sa yo ki fèt nan enstalasyon lokal, tankou nan gwo lopital, ak nan prèske tout sant 911 ak sant operasyon ijans ki nan 35 konte nou sèvi nan eta Florida.
  • Mete sou sa, nou renove fil kouran ki sèvi enstalasyon ki la pou satisfè lòt bezwen kominote yo, tankou famasi, makèt ak stasyon gazolin.
  • Anvan ane 2016 la fini, FPL ap gentan fin ranfòse tout gwo liy eletrik k ap sèvi enstalasyon ki enpòtan anpil yo.

Kòm yon leson ki te aprann aprè gwo tanpèt Sandy ki te frape an 2012, FPL enstale yon seri monitè inondasyon k ap mache an tan reyèl nan 223 izin kouran ki plis vilnerab devan tanpèt yo nan konte Miami-Dade, Broward, Collier ak Lee. Izin kouran yo jwe yon konnen wòl pou sèvi kliyan yo paske yo bese kouran wo tansyon an ki nan fil kouran transmisyon yo jiskaske li desann nan yon nivo nou ka distribiye nan tout zòn FPL ap sèvi yo.

Nòmalman, monitè yo pa ka anpeche yon inondasyon, men yo avèti nou alavans si gen yon danje inondasyon e yo pèmèt nou fèmen yon izin kouran pi bonè si sa nesesè. Sa ka kontwole domaj ki fèt nan sistèm nou an e sa pèmèt nou remete izin kouran an nan sèvis apre tanpèt la fin pase.

FPL ankouraje kliyan yo revize plan ijans fanmi yo oswa biznis yo, byen siveye jan tanpèt la ap vanse epi suiv konsèy otorite lokal yo. FPL.com gen yon seri konsèy pou preparasyon ak sekirite.

Ki jan pou w jwenn enfòmasyon ki ajou

FPL konn kominike ak kliyan l yo pou ba yo enfòmasyon grasa medya yo ak lòt resous sa yo:

 

 

Florida Power & Light Company

Florida Power & Light Company se twazyèm pi gwo konpayi kouran Ozetazini. Li sèvi plis pase 4.8 milyon kont kliyan, sa vle di plis pase 10 milyon moun nan prèske mwatye eta Florida. Anjeneral, yon bòdwo rezidansyèl FPL ki gen yon konsomasyon 1,000 kWh sou li koute 30 pousan mwens kòb pase mwayèn lòt bòdwo yo nan peyi a. Lèfini, an 2015, depi sis ane ki sot pase yo, bòdwo FPL yo pi bon mache pase bòdwo tout lòt konpayi kouran nan eta Florida. Disponibilite sèvis FPL la plis pase 99.98 pousan, epi santral elektrik li yo efikas anpil, yo konsome mwens konbistib e yo fè pati santral ki pi pwòp nan tout peyi a. Daprè etid J.D. Power 2016 Electric Utility Residential Customer Satisfaction StudySM, konpayi a jwenn pi bon nòt pami tout gwo konpayi kouran nan pati Sid Etazini, epi an 2016, Market Strategies International rekonèt li kòm youn nan konpayi kouran plis moun fè konfyans Ozetazini. FPL gen anviwon 8,800 anplwaye. Se youn nan konpayi ki anplwaye plis moun nan eta Florida e se yon filyal NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE), yon konpayi enèji pwòp ki rete Juno Beach, FL. Yo rekonèt konpayi sa a tout kote pou travay li nan domèn devlòpman dirab, etik ak divèsite. Yo klase li nan pozisyon n° 1 nan sektè distribisyon kouran ak gaz nan lis "Konpayi plis mou admire nan lemonnantye" pou 2016 ki parèt nan magazin Fortune. NextEra Energy se konpayi manman NextEra Energy Resources, LLC, epi ansanm avèk konpayi ki afilye avè l yo, li se pi gwo pwodiktè enèji renouvlab ki soti nan van ak nan solèy nan monn nan. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou konpayi NextEra Energy yo, ale sou sit Entènèt sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.NextEraEnergyResources.com.

 

# # #

For further information: Florida Power & Light Company Nimewo telefòn pou medya yo: 561-694-4442 @FPL_Newsroom