FPL mobilize plis pase 6,300 anplwaye ak konpayi endepandan pou retabli kouran an. Li ankouraje kliyan yo prepare pou blakawout ki gendwa rive akoz siklòn Matthew.
- FPL ap voye travayè ak ekipman tout kote nan tout eta a pou yo ka kòmanse retabli kouran an tousuit kou yo ka fè sa san danje.
- Nan 6,300 moun k ap travay pou nou, gen 2,000 anplwaye lòt konpayi ki la pou ede nou retabli kouran an.
- Nou ankouraje kliyan yo fè preparasyon ak pran prekosyon pou sekirite yo.
- FPL depanse plis pase yon demi milya dola nan aktivite jesyon vejetasyon nan 10 ane ki sot pase yo, men li posib pou pyebwa ak debri van an pouse vin lakòz kèk blakawout.
October 4, 2016

JUNO BEACH, FL. – Jodi a, poutèt siklòn Matthew k ap pwoche a, Florida Power & Light Company (FPL) te anonse li kontinye ap fè dènye preparasyon l yo pou retabli kouran an san danje osito sa posib apre tanpèt la fin pase. Tanpèt sa a sipoze danjere anpil e li ka fè anpil dega. FPL ankouraje kliyan l yo pran tan depi kounye a pou prepare pou blakawout ki gendwa rive, sitou sou kòt Lès Florida. Pati siklòn ki plis deyò yo gendwa gaye sou plizyè santèn kilomèt e yo ka rive nan kòt Lwès Florida tou. Mete sou sa, etandone siklòn sa a ka lakòz vejetasyon domaje ekipman FPL yo, kèk kliyan gendwa sibi plizyè blakawout pandan tanpèt la ap pase.

 

Eric Silagy, prezidan ak direktè jeneral FPL, te deklare: “FPL pran tanpèt sa a trèzoserye. Se sa k fè n ap mobilize e n ap voye plis pase 6,300 anplwaye FPL ak anplwaye lòt konpayi k ap travay avèk nou tout kote pou nou ka kòmanse retabli kouran an bay kliyan nou yo osito nou ka fè sa san danje. Kounye a se moman pou chak moun fè preparasyon, espesyalman moun ki bezwen kouran pou ekipman medikal yo. Vrèmanvre, pa gen moun ki konnen egzakteman ki kote tanpèt la prale, men nou mande kliyan nou yo pou yo bay sekirite yo priyorite.”

 

Dènye previzyon Sant Siklòn Nasyonal la (National Hurricane Center) te bay maten an di konsa siklòn Matthew gen anpil chans frape yon gwo pati nan teritwa FPL ap sèvi a, sitou nan kòt Lès Florida. Siklòn sa a, ki mache ak gwo van ak gwo lapli, gendwa dire de jou. Li kapab domaje fil kouran ak ekipman yo, e sa ka lakòz blakawout. Li enpòtan pou nou remake, pandan peryòd sa a, nou gendwa pa kapab kòmanse travay pou retabli kouran an tousuit, paske li ta danjere pou travayè yo fè reparasyon etan yo nan kamyon ki leve yo byen wo si van an soufle nan plis pase 35 mph.

 

Silagy deklare: “Nan dis ane ki sot pase yo, FPL fè gwo envestisman pou devlope youn nan rezo kouran entelijan ki pi avanse nan tout peyi a.” Youn nan priyorite envestisman nou se ranfòse sistèm kouran an. Pou nou rive fè sa, nou renove fil kouran prensipal k ap sèvi enstalasyon kritik ki enpòtan anpil ak lòt kote ki la pou satisfè bezwen kominote yo. Sa prepare sistèm nou an pou l pi byen reziste devan move tan, epi sitou sa pèmèt nou retabli kouran an bay kliyan nou yo pi rapid apre yon gwo tanpèt.” 

 

FPL depanse plis pase yon demi milya dola nan aktivite jesyon vejetasyon nan 10 ane ki sot pase yo. Sepandan, konpayi a atann pou anpil debri tonbe, tankou pyebwa, branch pyebwa ak fèy palmis, e pou yo lakòz blakawout. Si sa ta rive, se ta premye gwo travay netwayaj nou ta fè depi plis pase dizan poutèt nou pa t janm gen gwo siklòn konsa nan tout peryòd sa a.

 

Silagy ajoute: “N ap mete sou pye plan repons pou tanpèt nou yo epi n ap fè anpil preparasyon pou nou ka retabli kouran an bay kliyan nou yo si tanpèt k ap pwoche a afekte yo. Mete sou sa, Gouvènè Rick Scott kore travay nou paske li gentan deklare yon eta ijans pou ede tout moun prepare. Lefètke Gouvènè a pran desizyon sa a, nou nan pi bon pozisyon pou voye fasilman resous ki pi enpòtan nou yo tout kote nan Florida anvan siklòn Matthew a frape nou. Resous sa yo gen ladan yo travayè ki soti nan lòt eta ak ekipman yo.”

 

Sa n ap fè

FPL gentan aktive plan repons ijans li an. Sa vle di:

  • nou gentan voye ekip ak ekipman yo tout kote pou yo ka retabli kouran an rapid;
  • nou jwenn plis travayè ki anplwaye konpayi kouran ak konpayi sèvis elektrik ki soti nan lòt eta;
  • nou fè preparasyon lojistik nan sit preparasyon ki nan zòn ki gen anpil chans afekte; epi
  • nou kowòdone repons nou an ak sant operayon ijans ki nan konte yo.

Sa w kapab fè

Sekirite se toujou pi gwo priyorite FPL. Nou ankouraje kliyan nou yo pou yo konsidere l kòm pi gwo priyorite pa yo tou.
 

  • Kenbe yon radyo ki mache ak pil yon kote w ka jwenn li fasil epi kenbe pil tounèf an rezèv, ansanm ak lòt bagay ki esansyèl.
  • Ekri nimewo kont FPL ou a yon kote w ap ka jwenn fasil. Si w konnen nimewo kont ou an, w ap kapab konsilte l byen rapid sou Entènèt nan adrès FPL.com. Mete sou sa, ekri nimewo telefòn nou (1-800-4OUTAGE oswa 1-800-468-8243) yon kote ki fasil pou jwenn pou si w ta bezwen rele nou pou jwenn enfòmasyon atravè sistèm otomatik nou an.
  • Si gen yon moun nan kay la ki bezwen sèvi ak ekipman medikal elektrik ki esansyèl pou sante yo, revize plan ijans fanmi w lan pou jwenn yon sous kouran ijans oswa pran dispozisyon pou deplase lè yo anonse yon tanpèt.
  • Si w gen entansyon sèvi ak yon nechèl pou prepare kay ou anvan tanpèt la, note kote liy elektrik yo ye anvan w kòmanse. Asire w nechèl la oswa chafoday kote w kanpe a nan yon distans omwen 10 pye ak yon fil kouran pou ni ou menm ni pwent zouti w yo pa gen posiblite gen kontak ak fil kouran an Anvan w desann antèn televizyon w lan oswa satelit ou a, etenn epi deploge televizyon an.
  • Majorite konte yo kanpe sèvis kamyon fatra ak debri anvan yon tanpèt. Tanpri pa taye pyebwa yo kounye a paske gwo van gendwa fè branch yo tounen debri k ap vole e ki danjere. Sepandan, si w gentan taye pyebwa w yo deja, tanpri tache yo oswa sere yo yon kote ki pa gen danje pou yo pa lakòz blakawout.
  • Regle frijidè w la ak frizè w la nan tanperati ki pi ba a alavans pou manje a ka rete fre pi lontan sizoka ta gen yon blakawout.
  • Pa soti nan fènwa poutèt ou gendwa pa kapab wè yon fil kouran ki tonbe e sa ka danjere si l gen kouran ladan l. Evite nenpòt dlo ak debri ki atè a.
  • Si w ta wè yon fil kouran ki tonbe, rele 911 ak 1-800-4OUTAGE (1-800-468-8243). Rete lwen tout liy elektrik.
  • Ale sou FPL.com pou jwenn plis konsèy sou preparasyon ak sekirite.


Nou envesti pou nou gen yon rezo kouran ki pi solid e ki pi entelijan

FPl pi byen pare pou l reponn ak move tan an. Konpayi a envesti plis pase $2 milya depi 2006 pou l bati yon rezo kouran ki pi solid, ki pi entelijan e ki pi byen reziste ak tanpèt yo. Konsa n ap kapab retabli kouran an pi rapid toujou. Men kèk amelyorasyon nou pote nan rezo kouran an:

  • nou te ranfòse plis pase 600 fil kouran prensipal yo ki gen ladan l sa k ap sèvi plis pase 700 enstalasyon kritik e ki enpòtan anpil nan kominote yo;
  • nou te enstale plis pase 450 fil kouran prensipal anba tè;
  • nou te retire anpil pyebwa ki t ap antrave plis pase 135,000 fil kouran, poutèt yo lakòz anpil blakawout;
  • nou te enspekte plis pase 1.4 milya poto elektrik epi nou te renove oswa nou te ranplase sa ki pa t solid ase; epi
  • nou te enstale 4.8 milyon kontè entelijan ak 36,000 aparèy entelijan nan rezo kouran an grasa teknoloji avanse nou an ki la pou ede nou detekte pwoblèm yo e pou ede nou retabli kouran an rapid lè gen yon blakawout.

Lefètke nou te amelyore sistèm nou an, gen mwens blakawout, nou ka retabli kouran an pi rapid apre yon tanpèt epi kliyan nou yo resevwa yon sèvis yo ka fè konfyans pi plis chak jou. Nan senk ane ki sot pase yo, FPL pote yon amelyorasyon 25 pousan nan disponibilite sèvis la chak jou.

Youn nan priyorite travay nou se ranfòse sistèm kouran an. Pou nou rive fè sa, nou renove fil kouran prensipal k ap sèvi enstalasyon kritik e ki enpòtan anpil nan kominote yo. Sa prepare sistèm nou an pou l pi byen reziste devan move tan e sa pèmèt nou retabli kouran an bay kliyan nou yo pi rapid apre yon gwo tanpèt. 
 

  • Gen kèk nan renovasyon sa yo ki fèt nan enstalasyon lokal, tankou nan gwo lopital, ak nan prèske tout sant 911 ak sant operasyon ijans ki nan 35 konte nou sèvi nan eta Florida.
  • Mete sou sa, nou renove fil kouran ki sèvi enstalasyon ki la pou satisfè lòt bezwen kominote yo, tankou famasi, makèt ak stasyon gazolin.
  • Anvan ane 2016 la fini, FPL ap gentan fin ranfòse tout fil kouran prensipal k ap sèvi enstalasyon kritik e ki enpòtan anpil yo.

Kòm yon leson ki te aprann aprè gwo tanpèt Sandy ki te frape an 2012, FPL enstale yon seri monitè inondasyon k ap mache an tan reyèl nan 223 izin kouran ki plis vilnerab devan tanpèt yo nan konte Miami-Dade, Broward, Collier ak Lee. Izin kouran yo jwe yon wòl pou sèvi kliyan yo paske yo bese kouran wo tansyon an ki nan fil transmisyon kouran yo jiskaske li desann nan yon nivo nou ka distribiye nan tout zòn FPL ap sèvi yo.

Nòmalman, monitè yo pa ka anpeche yon inondasyon, men yo avèti nou alavans si gen yon danje inondasyon e yo pèmèt nou fèmen yon izin kouran pi bonè si sa nesesè. Sa ka kontwole domaj ki fèt nan sistèm nou an e sa pèmèt nou remete izin kouran an nan sèvis apre tanpèt la fin pase.

FPL ankouraje kliyan yo revize plan ijans fanmi yo oswa biznis yo, byen siveye jan tanpèt la ap vanse epi suiv konsèy otorite lokal yo. FPL.com gen yon seri konsèy pou preparasyon ak sekirite.

Ki jan pou w jwenn enfòmasyon ki ajou

FPL konn kominike ak kliyan l yo pou ba yo enfòmasyon grasa medya yo ak lòt resous sa yo:

 

Florida Power & Light Company

Florida Power & Light Company se twazyèm pi gwo konpayi kouran Ozetazini. Li sèvi plis pase 4.8 milyon kont kliyan, sa vle di plis pase 10 milyon moun nan prèske mwatye eta Florida. Anjeneral, yon bòdwo rezidansyèl FPL ki gen yon konsomasyon 1,000 kWh sou li koute 30 pousan mwens kòb pase mwayèn lòt bòdwo yo nan peyi a. Lèfini, an 2015, depi sis ane ki sot pase yo, bòdwo FPL yo pi bon mache pase bòdwo tout lòt konpayi kouran nan eta Florida. Disponibilite sèvis FPL la plis pase 99.98 pousan, epi santral elektrik li yo efikas anpil, yo konsome mwens konbistib e yo fè pati santral ki pi pwòp nan tout peyi a. Daprè etid J.D. Power 2016 Electric Utility Residential Customer Satisfaction StudySM, konpayi a jwenn pi bon nòt pami tout gwo konpayi kouran nan pati Sid Etazini, epi an 2016, Market Strategies International rekonèt li kòm youn nan konpayi kouran plis moun fè konfyans Ozetazini. FPL gen anviwon 8,800 anplwaye. Se youn nan konpayi ki anplwaye plis moun nan eta Florida e se yon filyal NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE), yon konpayi enèji pwòp ki rete Juno Beach, FL. Yo rekonèt konpayi sa a tout kote pou travay li nan domèn devlòpman dirab, etik ak divèsite. Yo klase li nan pozisyon n° 1 nan sektè distribisyon kouran ak gaz nan lis "Konpayi plis mou admire nan lemonnantye" pou 2016 ki parèt nan magazin Fortune. NextEra Energy se konpayi manman NextEra Energy Resources, LLC, epi ansanm avèk konpayi ki afilye avè l yo, li se pi gwo pwodiktè enèji renouvlab ki soti nan van ak nan solèy nan monn nan. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou konpayi NextEra Energy yo, ale sou sit Entènèt sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.NextEraEnergyResources.com.

 

 

# # #

For further information: Florida Power & Light Company Nimewo telefòn pou medya yo: 561-694-4442 @FPL_Newsroom