FPL ap siveye siklòn Matthew e l ap prepare pou move tan, tankou gwo lapli ak van tanpèt, nan Lès teritwa l ap sèvi a.
- FPL fèk aktive plan repons ijans li an e li ankouraje kliyan l yo fè menm bagay la.
- Anplwaye FPL yo ak konpayi k ap travay pou li yo pare pou yo reponn tousuit lè kliyan yo afekte sou kòt Lès Florida a.
- FPL depanse plis pase yon demi milya dola nan aktivite jesyon vejetasyon nan 10 ane ki sot pase yo, men li posib pou pyebwa ak debri van an pouse vin lakòz kèk blakawout.
October 4, 2016

JUNO BEACH, FL. – Jodi a, akoz itinerè siklòn Matthew sanble ap suiv la, Florida Power & Light Company (FPL) te anonse l ap prepare pou move tan e pou blakawout ki gendwa rive, epi li ankouraje kliyan l yo fè menm bagay la.

Eric Silagy, prezidan ak direktè jeneral FPL, te deklare: “FPL fèk aktive plan repons ijans li an pou prepare pou move tan. Tanpèt k ap pwoche a gen anpil fòs epi li mache ak yon seri gwo van twopikal ki ka rive nan yon distans 185 mil depi sant li. Tanpèt sa a trè pwisan e li trè danjere, epi nou atann pou anpil debri tonbe, tankou pyebwa, branch pyebwa ak fèy palmis. Debri sa yo ka lakòz blakawout nan Lès zòn n ap sèvi a. Sepoutèt sa nou gen anviwon 4,000 moun, kit yo se anplwaye FPL, kit yo se anplwaye konpayi nou angaje yo, k ap prepare pou retabli kouran an. Nou ankouraje kliyan nou yo pran tan pou fè preparasyon yo depi kounye a.”

Vrèmanvre, pa gen moun ki konnen egzakteman ki kote tanpèt la prale, men dènye previzyon National Hurricane Center la montre gen anpil chans gwo van ki nan 25-40 mph e ki ka menm rive nan 55 mph ka vin frape kòt Lès Florida, paske siklòn Matthew gen anpil fòs epi li gwo anpil. Se sa k fè pifò zòn nan Lès Florida ap tann gwo lapli ak gwo van apati mèkredi swa.

Silagy deklare: “Nou fè anpil gwo envestisman, nou depanse $2 milya nan dis ane ki sot pase yo, e sa gen ladan l aktivite jesyon vejetasyon”. Mete sou sa, menm si chak tanpèt diferan, envestisman nou fè nan rezo kouran nou an ap pote anpil avantaj. Se pou rezon sa a nou te kapab retabli kouran an byen rapid pou kliyan nou yo ki te afekte nan siklòn Hermine nan mwa Septanm lan.”

 

Nou envesti pou nou gen yon rezo elektrik ki pi solid e ki pi entelijan

FPl pi byen pare pou l reponn ak move tan an. Konpayi a envesti plis pase $2 milya depi 2006 pou l bati yon rezo kouran ki pi solid, ki pi entelijan e ki pi byen reziste ak tanpèt yo. Konsa n ap kapab retabli kouran an pi rapid toujou. Men kèk amelyorasyon nou pote nan rezo kouran an:

  • nou te ranfòse plis pase 600 fil kouran prensipal yo, ki gen ladan l sa k ap sèvi plis pase 700 enstalasyon kritik e ki enpòtan anpil nan kominote yo;
  • nou te enstale plis pase 450 fil kouran anba tè;
  • nou te retire anpil pyebwa ki t ap antrave plis pase 135,000 liy kouran, poutèt yo lakòz anpil blakawout;
  • nou te enspekte plis pase 1.4 milya poto elektrik epi nou te renove oswa nou te ranplase sa ki pa t solid ase; epi
  • nou te enstale 4.8 milyon kontè entelijan ak 36,000 aparèy entelijan nan rezo kouran an grasa teknoloji avanse nou an ki la pou ede nou detekte pwoblèm yo e pou ede nou retabli kouran an rapid lè gen blakawout.

Lefètke nou te amelyore sistèm nou an, gen mwens blakawout, nou ka retabli kouran an pi rapid apre yon tanpèt epi kliyan nou yo resevwa yon sèvis yo ka fè konfyans pi plis chak jou..  Nan senk ane ki sot pase yo, FPL pote yon amelyorasyon 25 pousan nan disponibilite sèvis la chak jou.

Youn nan priyorite travay nou se ranfòse sistèm kouran an. Pou nou rive fè sa, nou renove fil kouran prensipal k ap sèvi enstalasyon kritik ki enpòtan anpil nan kominote yo. Sa prepare sistèm nou an pou l pi byen reziste devan move tan e sa pèmèt nou retabli kouran an bay kliyan nou yo pi rapid apre yon gwo tanpèt. 
 

  • Gen kèk nan renovasyon sa yo ki fèt nan enstalasyon lokal, tankou nan gwo lopital, ak nan prèske tout sant 911 ak sant operasyon ijans ki nan 35 konte nou sèvi nan eta Florida.
  • Mete sou sa, nou renove fil kouran ki sèvi enstalasyon ki la pou satisfè lòt bezwen kominote yo, tankou famasi, makèt ak stasyon gazolin.
  • Anvan ane 2016 la fini, FPL ap gentan fin ranfòse tout fil kouran prensipal k ap sèvi enstalasyon kritik ki enpòtan anpil yo.

Kòm yon leson ki te aprann aprè gwo tanpèt Sandy ki te frape an 2012, FPL enstale yon seri monitè inondasyon k ap mache an tan reyèl nan 223 izin kouran ki plis vilnerab devan tanpèt yo nan konte Miami-Dade, Broward, Collier ak Lee. Izin kouran yo jwe yon wòl kritik pou sèvi kliyan yo paske yo bese kouran wo tansyon an ki nan fil transmisyon kouran yo jiskaske li desann nan yon nivo nou ka distribiye nan tout zòn FPL ap sèvi yo.

 

Nòmalman, monitè yo pa ka anpeche yon inondasyon, men yo avèti nou alavans si gen yon danje inondasyon e yo pèmèt nou fèmen yon izin kouran pi bonè si sa nesesè. Sa ka kontwole domaj ki fèt nan sistèm nou an e sa pèmèt nou remete izin kouran an nan sèvis apre tanpèt la fin pase.

 

FPL ankouraje kliyan yo revize plan ijans fanmi yo oswa biznis yo, byen siveye jan tanpèt la ap vanse epi suiv konsèy otorite lokal yo. https://www.fpl.com/storm/preparasyon.html?cid=HMA2016CR gen yon seri konsèy pou preparasyon ak sekirite.

 

Ki jan nou prepare pou sezon tanpèt yo

 

  • Anvan sezon tanpèt yo kòmanse, nou bay anplwaye nou yo anpil fòmasyon pou yo pare pou yo reponn yon fason ki rapid e ki san danje lè yon tanpèt gen pou l frape teritwa n ap sèvi a.
  • Nou pase yon seri kontra ak konpayi kouran ak konpayi sèvis elektrik ki nan lòt eta pou si nou ta bezwen plis moun pou retabli kouran an. Mete sou sa, nou kòmande plis founiti ak ekipman sekou epi nou planifye plizyè sit preparasyon nan 35 konte n ap sèvi yo.
  • Nou travay tèt ansanm ak ofisyèl operasyon ijans lokal yo pou nou mete ajou lis enstalasyon ki enpòtan anpil pou kominote yo, tankou lopital, stasyon polis ak stasyon ponpye, enstalasyon kominikasyon, izin tretman dlo ak enstalasyon konpayi transpò.
  • Nou prepare e nou ranfòse enfrastrikti nou an pandan tout ane a nan fason sa yo:
    • nou retire moso pyebwa ak branch ki nan fil kouran yo;
    • nou enspekte poto elektrik yo pou verifye si yo solid;
    • nou ranplase poto elektrik ki an bwa yo ak poto ki fèt ak beton oswa ak asye; epi
    • nou enspekte fil kouran ak ekipman yo ak yon teknoloji enfrawouj pou deteke nenpòt pwoblèm nou pa ka wè ak je nou, epi nou repare sa ki nesesè.

 

Tanpri rete an sekirite

 

Sekirite se toujou pi gwo priyorite FPL. Nou ankouraje kliyan nou yo pou yo konsidere l kòm pi gwo priyorite pa yo tou.

  • Ekri nimewo kont FPL ou a yon kote w ap ka jwenn fasil. Si w konnen nimewo kont ou an, w ap kapab konsilte l byen rapid sou FPL.com. Mete sou sa, ekri nimewo telefòn nou (1-800-4OUTAGE oswa 1-800-468-8243) yon kote ki fasil pou jwenn pou si w ta bezwen rele nou pou jwenn enfòmasyon atravè sistèm otomatik nou an.
  • Si gen yon moun nan kay la ki bezwen sèvi ak ekipman medikal elektrik ki esansyèl pou sante yo, revize plan ijans fanmi w lan pou jwenn yon sous elektrisite ijans oswa pran dispozisyon pou deplase lè yo anonse yon tanpèt.  
  • Si w gen entansyon sèvi ak yon nechèl pou prepare kay ou anvan tanpèt la, note kote liy elektrik yo ye anvan w kòmanse. Asire w nechèl la oswa chafoday kote w kanpe a nan yon distans omwen 10 pye ak yon liy elektrik pou ni ou menm ni pwent zouti w yo pa gen posiblite gen kontak ak liy elektrik la. Anvan w desann antèn televizyon w lan oswa satelit ou a, etenn epi deploge televizyon an.
  • Majorite konte yo kanpe sèvis kamyon fatra ak debri anvan yon tanpèt. Tanpri pa taye pyebwa yo kounye a paske gwo van gendwa fè branch yo tounen debri k ap vole e ki danjere. Sepandan, si w gentan taye pyebwa w yo deja, tanpri tache yo oswa sere yo yon kote ki pa gen danje pou yo pa lakòz blakawout.

Florida Power & Light Company

Florida Power & Light Company se twazyèm pi gwo konpayi kouran Ozetazini. Li sèvi plis pase 4.8 milyon kont kliyan, sa vle di plis pase 10 milyon moun nan prèske mwatye eta Florida. Anjeneral, yon bòdwo rezidansyèl FPL ki gen yon konsomasyon 1,000 kWh sou li koute 30 pousan mwens kòb pase mwayèn lòt bòdwo yo nan peyi a. Lèfini, an 2015, depi sis ane ki sot pase yo, bòdwo FPL yo pi bon mache pase bòdwo tout lòt konpayi kouran nan eta Florida. Disponibilite sèvis FPL la plis pase 99.98 pousan, epi santral elektrik li yo efikas anpil, yo konsome mwens konbistib e yo fè pati santral ki pi pwòp nan tout peyi a. Daprè etid J.D. Power 2016 Electric Utility Residential Customer Satisfaction StudySM, konpayi a jwenn pi bon nòt pami tout gwo konpayi kouran nan pati Sid Etazini, epi an 2016, Market Strategies International rekonèt li kòm youn nan konpayi kouran plis moun fè konfyans Ozetazini. FPL gen anviwon 8,800 anplwaye. Se youn nan konpayi ki anplwaye plis moun nan eta Florida e se yon filyal NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE), yon konpayi enèji pwòp ki rete Juno Beach, FL. Yo rekonèt konpayi sa a tout kote pou travay li nan domèn devlòpman dirab, etik ak divèsite. Yo klase li nan pozisyon n° 1 nan sektè distribisyon kouran ak gaz nan lis "Konpayi plis mou admire nan lemonnantye" pou 2016 ki parèt nan magazin Fortune. NextEra Energy se konpayi manman NextEra Energy Resources, LLC, epi ansanm avèk konpayi ki afilye avè l yo, li se pi gwo pwodiktè enèji renouvlab ki soti nan van ak nan solèy nan monn nan. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou konpayi NextEra Energy yo, ale sou sit Entènèt sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.NextEraEnergyResources.com.

 

 

###

For further information: Florida Power & Light Company Nimewo telefòn pou medya yo: 561-694-4442 @FPL_Newsroom