Ekip restorasyon FPL la te retabli prèske 70,000 blakawout kòm rezilta vag move tan siklòn Dorian.
- Nou atann van fòs tanpèt twopikal ak potansyèl vag tanpèt ak inondasyon pral kontinye afekte kliyan nan zòn sèvis FPL yo.
- FPL ankouraje kliyan yo rete vijilan ak prepare yo pou yon potansyèl ogmantasyon nan blakawout jodi ya ak demen pandan tanpèt la apdeplase dousman nan nò sou kòt la.
- FPL remèsye kliyan yo pou pasyans yo; Ekip yo ap kontinye restore kouran depi ke li pa danjere
- Kliyan yo ta dwe kontinye swiv prekosyon sekirite; evite liy kouran ki tonbe yo ak dlo atè a; telechaje (download) app FPL pou dènye nouvèl
September 3, 2019

JUNO BEACH, Fla. – Konpayi Florida Power & Light deja retabli prèske 70,000 blakawout depi 4:00 p.m., pandan vag siklòn Dorian an afekte kòt lès Florid la. Plis nan pàn yo se te rezilta pye bwa ak vejetasyon ki tonbe sou ekipman ak liy kouran.

“Pandan n-ap restore kouran bay kliyan nou yo epi Dorian ap fè wout pou li rive pi pre Florid, kè nou ap rache pou vwazen nou yo nan Bahamas ke Siklòn Dorian devaste. Eric Silagy, prezidan ak Direktè Jeneral FPL di konsa, pandan ke li twò bonè pou nou konnen limit tout domaj yo, nou pare pou sipòte Bahamas nan moman bezwen-l yo.

"Dorian rete yon siklòn danjere ki sou kòt lès nan Florid," Silagy te ajoute "Travayè di gason ak fanm nou yo kontinye reponn ak blakawout  ki soti nan vag move tan Dorian. Depi ke li pa danjere, ekip nou yo ap kontinye retabli kliyan yo epi yo p-ap sispann jiskaske tout kliyan retabli. Pandan ke enpak Dorian pa te grav tankou ke nou te pè nan Sid Florid la, nou pa ka jwe ak siklòn fò sa a. Nou ankouraje kliyan nou yo pou yo rete vijilan premye bagay pou nou  kenbe nan tèt nou se sekirite nou epi koute avètisman ki soti nan eta a, lokal yo ak ofisyèl federal."

FPL ap kontinye kontwole seryezman chemen tanpèt la. Pandan l-ap deplase nò, konpayi an ap kontinye kowòdone ak endistri patnè asistans mityèl li yo pou li relokalize resous pou-l ede moun ki nan chemen Dorian yo.

Kliyan ki nan zòn ki ba yo ak zòn ki afekte nan inondasyon ak vag tanpèt pa dwe rete nan lari rete andedan kay. entèwonpsyon kouran ka lakòz siyal trafik yo sispann travay san avètisman. Daprè lwa Florid la, Si ou rive nan yon entèseksyon kote siyal trafik la pa travay, trete li kòm yon arè kat-kanpe. Asire ou fè atansyon a mouvman lalwa a, e deplase ak ralanti nenpòt kote ki gen yon travayè sèvis piblik, ofisye lapolis oswa yon premye sekouris sou bò wout la.

Pandan restorasyon ap kontinye, gen kèk fason kliyan yo ka ede:

  • Evite kanpe ekip nou yo pou nou mande yo ki lè kouran an a pral retabli. Mande travayè restorasyon FPL yo kesyon ap ralanti yo sou travay yo e, sa ki pi enpòtan, sa kapab konpwomet sekirite yo. Tipikman, travayè restorasyon yo pa konnen tan restorasyon yo. Yo asiyen nan segman yon sèl  liy ki afekte. FPL ap bay estime tan restorasyon nan medya yo, app  FPL la, Facebook, Twitter ak FPL.com.
  • Lè wap kondwi, kite chemen an klè pou kamyon FPL yo pou ekip yo ka ale nan pwochen lokal travay yo pi vit. Travayè restorasyon yo vrèman apresye koutwazi sa a, pandan y-ap travay yon pakèt èdtan pouyo ka mete kouran pou tout kliyan ki afekte yo.
  • Lè wap ranmase debri apre siklòn nan, kite poto ak  transfòmatè sèvis piblik yo klè pou travayè restorasyon yo ka gen aksè a yo.

Resous adisyonèl

Konpayi Florida Power & Light
Konpayi Florida Power & Light se pi gwo konpayi enèji Ozetazini dapre elektrisite Yo Vann an Detay pwodwi ak vann, k ap sèvi plis pase 5 milyon dola kont kliyan oswa yon estime 10 milyon dola + moun atravè eta a nan Florid. Nòmal bòdwo kliyan rezidansyèl FPL nan 1,000-kWh se apeprè 30 pousan pi ba pase dènye mwayèn nasyonal la ak nan mitan ki pi ba a nan sèvis fyèv ameriken an FPL se pi bon pase 99,98 pousan, ak flòt trè pisan li yo efikas plant se youn nan pi pwòp la nan mitan tout. konpayi elektrik nan tout peyi a. Konpayi an te rekonèt nan 2018 kòm youn nan sèvis piblik elektrik ki pi konfyans ke Market Strategies International la pou senkyèm ane youn apre lòt. Yon anplwayè kap dirije nan Florid avèk apeprè 8,700 anplwaye, FPL se yon sipòtè de Juno Beach, Florid ki baze NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE), yon konpayi enèji pwòp lajman rekonèt pou efò li nan dirab, etik ak divèsite, e li te ... klase nan nimewo 1 nan endistri sèvis piblik elektrik ak gaz yo nan lis 2019 Fortune nan "Konpayi ki pi admire nan mond lan". NextEra Enèji se tou konpayi an paran nan Gòlf pouvwa Konpayi, ki sèvi plis pase 460,000 kliyan nan uit konte nan tout Nòdwès Florid, ak NextEra Resous Enèji, LLC, ki, ansanm ak antite afilye li yo, se pi gwo dèlko mond lan nan enèji renouvlab soti nan van ak solèy ak yon lidè mond nan depo batri. Pou plis enfòmasyon sou konpayi enèji NextEra, vizite sit entènèt sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.GulfPower.com, www.NextEraEnergyResources.com.