FPL panse prèske tout kliyan ki nan blakawout akoz siklòn Matthew pral rejwenn kouran yo ankò anvan jou dimanch lan fini. Poutèt kèk zòn inonde oswa yo sibi anpil dega, gen kèk kliyan ki ka rete san kouran jiskaske lendi
- FPL estime li pral retabli kouran an pou tout kliyan nan konte Miami-Dade ak Broward, e pou pifò kliyan nan konte Palm Beach, anvan jounen jodi a fini.
- FPL estime li pral retabli kouran an pou tout kliyan ki nan zòn ki nò a konte Palm Beach anvan jounen dimanch lan fini. Gen kèk kliyan ki ka rete san kouran jiska lendi akoz ka gen kèk zòn sibi anpil dega.
- FPL gen prèske 15,000 travayè k ap patisipe nan efò pou retabli kouran an e li deplwaye ekip li yo nan zòn Sant ak Nò Florida.
- FPL ankouraje kliyan yo pou yo evite fil kouran ki tonbe yo ak zòn ki inonde ak dlo, e pou yo pridan lè y ap kondui machin oswa lè yo sèvi ak dèlko.
October 7, 2016

JUNO BEACH, Fla. – Jodi a, Florida Power & Light Company (FPL) te anonse ke apati a 4:10 nan aprèmidi a, li gentan retabli kouran an pou preske 650,000 kliyan depi siklòn Matthew kòmanse frape eta Florida.

Eric Silagy, prezidan ak direktè jeneral FPL, te deklare: “Jan nou te wè sa ak tanpèt sa a, lanati se yon fòs moun pa ka konprann tout sa l pral fè. Nou gen chans Matthew pa t touche tè nan Florida, men tanpèt sa a te danjere e li te mòtèl, e li afekte anviwon 1.2 milyon kliyan FPL kanmenm. Nou fè anpil pwogrè pou n retabli kouran an bay kliyan nou yo nan zòn Sid ak Lwès eta a, e nou pap kanpe travay san rete jiskaske chak grenn moun gen kouran ankò.”

FPL te voye plis pase 15,000 travayè pou retabli kouran an. Yo gen ladan yo anplwaye FPL ansanm avèk anplwaye lòt konpayi sèvis elektrik ak konpayi distribisyon kouran ki patnè nou ki soti tout kote nan peyi a. Yo te retabli kouran an bay preske 650,000 kliyan chak lè move tan te fè yon ti kanpe e pandan jounen an.

FPl envesti plis pase $2 milya depi 2006 pou l bati yon rezo kouran ki pi solid, ki pi entelijan e ki pi byen reziste ak tanpèt yo. Konsa li kapab retabli kouran an pi rapid toujou.

Silagy te deklare: “Envestisman FPL te fè nan rezo kouran an nan dis ane ki sot pase yo vrèman bay bon rezilta pou kliyan nou yo. Dapre sa nou remake nan pèfòmans rezo nou an jiska prezan, gen mwens blakawout e nou rive retabli kouran an pi rapid. Epi, pou kliyan yo ki rete san kouran aswè a, nou kontinye ap fè anpil efò pou retabli kouran an bay yo.”

Selon analiz sitiyasyon an ak kantite resous k ap travay pou retabli kouran an, FPL panse l ap ka retabli kouran an bay tout kliyan anvan jou dimanch lan fini. Sepandan, poutèt kèk zòn inonde oswa yo sibi anpil dega, gen kèk kliyan ki ka rete san kouran jis nan fen jounen lendi a.

FPL kontinye ap fè kliyan l yo sonje yo bezwen pridan anvan, pandan ak apre yon tanpèt. Rete lwen nenpòt kote ki inonde ak dlo ak debri, epi fè atansyon pou rete lwen nenpòt fil kouran ki tonbe, paske yo gendwa gen kouran ladan yo e yo ka danjere. Lè w rive nan kafou, si limyè sikilasyon yo pa travay akoz yon blakawout, li enpòtan pou w kanpe menm jan ou ta fè sa nan kafou kote gen kat siy stòp.

Tousuit apre yon tanpèt, nou konnen si fil kouran prensipal yo domaje. Si kliyan yo panse se pou rezon sa a yo pa gen kouran, yo pa bezwen kontakte nou. Kliyan yo ta dwe rele 911 oswa 1-800-4-OUTAGE (1-800-468-8243) sèlman pou fè nou konnen yon sitiyasyon ki danjere, tankou si yon fil kouran tonbe oswa si ekipman ekektrik yo ap bay etensèl. Kliyan yo ka rapòte yon blakawout nan FPL.com.

Tanpri rete an sekirite
Menm lè van an pa anpil, ou gendwa rankontre kondisyon ki danjere toujou. Nou ankouraje kliyan ki nan zòn kote gen loray oswa nan zòn ki inonde ak dlo pran prekosyon sa yo pou sekirite yo:

  • Rete lwen nenpòt fil kouran ki tonbe, tout kote ki inonde ak dlo ak tout debri, paske liy yo ka gen kouran ladan yo e yo ka danjere.
  • Se pou w pridan si w ap kondui machin. Lè gen blakawout, limyè sikilasyon yo gendwa sispann fonksyone bridsoukou. Si w rive nan yon kafou kote limyè sikilasyon yo pa fonksyone, lalwa eta Florida a mande pou w kanpe menm jan ou konn fè sa nan yon kafou kote gen kat siy stòp.
  • Si w ap itilize yon dèlko pòtab:
    • suiv tout enstriksyon fabrikan an pou sèvi avè l kòmsadwa;
    • ploge aparèy elektrik ou yo dirèkteman nan dèlko a, pa fè sa nan pano brekè prensipal la, paske kouran an gendwa retounen nan fil kouran piblik yo e li ka blese lòt moun;
    • se sèlman yon elektrisyen ki gen lisans ki ta dwe konekte yon dèlko nan yon pano brekè;
    • pa janm itilize yon dèlko anndan kay la oswa anndan garaj la; epi
    • mete jeneratè a lwen fenèt ki ouvri yo pou fim ki danjere yo pa antre anndan kay la oswa anndan kay yon vwazen.
  • Veye pou w etenn tout aparèy elektrik yo, espesyalman fou ak recho, pou dife pa pran nan kay la.
  • Lè w ap travay sou yon nechèl, gade kote fil kouran yo ye anvan w kòmanse travay. Asire w nechèl la oswa chafoday kote w kanpe a nan yon distans omwen 10 pye ak yon fil kouran pou ni ou menm ni pwent zouti w yo pa gen posiblite gen kontak ak fil kouran an. Anvan w desann antèn televizyon w lan oswa satelit ou a, veye pou etenn epi deploge televizyon an.

Ale sou FPL.com pou jwenn lòt konsèy sou sekirite.

Ki jan nou retabli kouran an
Pou nou retabli kouran an, nou pa pran desizyon selon moun ki fè nou konnen gen blakawout, nou pa konsidere kote kliyan yo rete ni nou pa gade si kliyan an peye oswa si li anreta nan peman l yo. Nou kòmanse travay la plizyè kote epi nou suiv yon plan pou retabli kouran an san danje, osito sa posib, pou plis moun posib.

  • Pou kòmanse, nou repare tout domaj ki fèt nan izin kouran nou yo ak nan fil ki transpòte kouran an soti nan izin nou yo rive nan pòs elektrik lokal yo.
  • Nan travay retabli kouran an, se enstalasyon ki enpòtan anpil yo, tankou lopital, stasyon polis ak stasyon ponpye, enstalasyon kominikasyon, izin tretman dlo ak enstalasyon transpò, nou bay priyorite.
  • Mete sou sa, nou travay pou retabli kouran an pou plis kliyan posib rapid rapid. Sa gen ladan l kote ki pi enpòtan yo, tankou makèt, famasi, stasyon gazolin ak lòt konpayi ki la pou bay sèvis ki nesesè nan kominote yo.
  • Annapre, nou repare enfrastrikti ki la pou ti gwoup ak katye rezidansyèl yo. Nou kòmanse nan zòn kote gen plis domaj jiskaske chak kliyan vin jwenn kouran ankò.

Nou pran angajman kenbe w ajou
FPL konn kominike ak kliyan l yo pou ba yo enfòmasyon grasa medya yo ak lòt resous sa yo:

 

Florida Power & Light Company

Florida Power & Light Company se twazyèm pi gwo konpayi kouran Ozetazini. Li sèvi plis pase 4.8 milyon kont kliyan, sa vle di plis pase 10 milyon moun nan prèske mwatye eta Florida. Anjeneral, yon bòdwo rezidansyèl FPL ki gen yon konsomasyon 1,000 kWh sou li koute 30 pousan mwens kòb pase mwayèn lòt bòdwo yo nan peyi a. Lèfini, an 2015, depi sis ane ki sot pase yo, bòdwo FPL yo pi bon mache pase bòdwo tout lòt konpayi kouran nan eta Florida. Disponibilite sèvis FPL la plis pase 99.98 pousan, epi santral elektrik li yo efikas anpil, yo konsome mwens konbistib e yo fè pati santral ki pi pwòp nan tout peyi a. Daprè etid J.D. Power 2016 Electric Utility Residential Customer Satisfaction StudySM, konpayi a jwenn pi bon nòt pami tout gwo konpayi kouran nan pati Sid Etazini, epi an 2016, Market Strategies International rekonèt li kòm youn nan konpayi kouran plis moun fè konfyans Ozetazini. FPL gen anviwon 8,800 anplwaye. Se youn nan konpayi ki anplwaye plis moun nan eta Florida e se yon filyal NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE), yon konpayi enèji pwòp ki rete Juno Beach, FL. Yo rekonèt konpayi sa a tout kote pou travay li nan domèn devlòpman dirab, etik ak divèsite. Yo klase li nan pozisyon n° 1 nan sektè distribisyon kouran ak gaz nan lis "Konpayi plis mou admire nan lemonnantye" pou 2016 ki parèt nan magazin Fortune. NextEra Energy se konpayi manman NextEra Energy Resources, LLC, epi ansanm avèk konpayi ki afilye avè l yo, li se pi gwo pwodiktè enèji renouvlab ki soti nan van ak nan solèy nan monn nan. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou konpayi NextEra Energy yo, ale sou sit Entènèt sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.NextEraEnergyResources.com.

 

###

 

 

For further information: Florida Power & Light Company Nimewo telefòn pou medya yo: 561-694-4442 @FPL_Newsroom