FPL te restore kouran bay tout kliyan ki te afekte pa siklòn Dorian
Plis pase 160,000 kliyan te retabli, kèk ladan yo te restore plis pase yon fwa paske nou sèvi avèk teknoloji kadriyaj intelijan an, pandan Dorian t-ap vwayaje dousman nan nò sou kòt lès Florid la; an mwayèn kouran kliyan te retabli yon ti kras plis ke yon èdtan
Envestisman siyifikatif nan sistèm kadriyaj yo pi pwisan, entelijan, epi rezistan a tanpèt, ede vitès restorasyon Teknoloji kadriyaj intelijan an te ede
FPL evite plis pase 37,000 pann kouran
FPL remèsye kliyan pou pasyans yo; e ankouraje kliyan yo rete prepare pou posibilite pou plis move tan twopikal sezon sa a
Nou mande kliyan yo pou yo ede nou kenbe pye bwa lwen liy elektrik e swiv règleman FPL bon pye bwa, nan bon plas (right tree right place guidelines)
September 6, 2019

JUNO BEACH, Fla. - Konpayi Florida Power & Light te restore sèvis rapidman bay tout kliyan ki te afekte pa siklòn Dorian. Konpayi an retabli kouran pou plis pase 160,000 kliyan, kèk plis pase yon fwa gras avèk teknoloji kadriyaj entelijan an (smart grid). Plis nan blakawout yo se te kòz  pyebwa ki tonbe, vejetasyon ak debri ki vante nan liy elektrik yo. Kounye a FPL ap travay ak lòt sèvis piblik nan nò pou ede remete resous pou nou pote sekou kote Dorian ap frape Georgia, Carolinas yo ak Virginia.

Eric Silagy, prezidan ak Direktè FPL te di "Pou kliyan ki afekte pa siklòn Dorian yo, nou di ou mèsi pou pasyans ou pandan ke nou t-ap travay lajounen kon lannwit pou nou te ka retabli kouran pandan ke tanpèt la t-ap deplase nan nò. Mwen vle remèsye tou patnè endistri nou yo ki te ede ranfòse ekip restorasyon nou an pami pi gwo nivo parasyon avan tanpèt nan istwa nou, pandan n ap prepare pou fè fas a tanpèt katastwofik sa a,” "Anfen, mwen vle remèsye Gouvènè DeSantis, lapolis, premye sekouris yo ak lòt ofisye lokal ak leta yo poutèt yo te ede pèmèt nou retabli kouran an san danje epi pi vit ke posib."

Silagy te di "envestisman nou yo depi dènye deseni an nan teknoloji kadriyaj entelijan, liy elektrik ki anba tè yo ak ranfòseman rezo enèji a pèmèt nou retabli kouran pi vit bay kliyan yo ak evite dè milye de pann kouran," "Avèk teknoloji kadriyaj entelijan an, kèk travay restorasyon ki ta mande yon ekip travayè ki pou vwayaje nan yon sit sou terin an ak fè gwo travay kapab rezoud kounye a ak jis pouse yon bouton. Nou deplwaye 58 dron pou ede ekip yo jwenn nenpòt domaj nan sistèm elektrik nou an. Gwo teknoloji sa a bay bonjan solisyon nan zòn ki gen ampil vejetasyon ak inondasyon, epi li ede nou jwenn ekip ak resous apwopriye nan zon apwopriye pi vit.”

Pyebwa ki ranvèse ak ki tonbe sou ekipman ak liy kouran elektrik, ansanm ak ampil vejetasyon  ak debri, se te pi gwo kòz pàn kouran nan siklòn Dorian. Pandan ke FPL ap koupe pyebwa yo soti nan plis pase 15,000 mil liy elektrik chak ane, kenbe pye bwa lwen liy elektrik se yon responsablite pataje. Nou mande kliyan yo pou yo swiv règleman FPL bon pye bwa, nan bon plas lè ya-p plante pye bwa. Plis enfòmasyon disponib nan FPL.com/trees.

Apre enpak katastwofik Siklòn Dorian nan Bahamas, konpayi an ap fè yon kontribisyon nan Lakwa Wouj, epi anplwaye yo ap fè menm jen an tou. Anplis de sa FPL ap travay avèk United Way rasanble pwovizyon pou ede moun ki nan bezwen yo.

Pa chif yo

  • Prèske 4 milyon kliyan FPL te nan zòn Dorian an.
  • Plis pase 160,000 kliyan retabli, nou restore kèk ladan yo plis pase yon fwa paske nou te sèvi avèk teknoloji kadriyaj entelijan an.
  • Pi gwo kantite blakawout nou te genyen nan yon sèl moman te jis plis pase 11,000 pandan move tan an.
  • Mwayèn kliyan te retabli nan sèlman plis pase yon èdtan, e pa gen pann kouran ki te dire plis pase 24 èdtan.
  • Plis pase 37,000 blakawout te evite gras a envestisman nan teknoloji kadriyage entelijan an.
  • 58 dron deplwaye pou ede ekip yo wè domaj nan zòn dans oswa inonde.

Silagy te di "Dorian ap fè nou sonje ke nou nan sezon siklòn ki pi wo, e nou dwe rete vijilan".

"Tanpri pran tan kounye a pou nou asire tèt nou ak fanmi nou prepare anvan pwochen tanpèt la frape."

Resous adisyonèl

Konpayi Florida Power & Light
Konpayi Florida Power & Light se pi gwo konpayi enèji Ozetazini dapre elektrisite Yo Vann an Detay pwodwi ak vann, k ap sèvi plis pase 5 milyon dola kont kliyan oswa yon estime 10 milyon dola + moun atravè eta a nan Florid. Nòmal bòdwo kliyan rezidansyèl FPL nan 1,000-kWh se apeprè 30 pousan pi ba pase dènye mwayèn nasyonal la ak nan mitan ki pi ba a nan sèvis fyèv ameriken an FPL se pi bon pase 99,98 pousan, ak flòt trè pisan li yo efikas plant se youn nan pi pwòp la nan mitan tout. konpayi elektrik nan tout peyi a. Konpayi an te rekonèt nan 2018 kòm youn nan sèvis piblik elektrik ki pi konfyans ke Market Strategies International la pou senkyèm ane youn apre lòt. Yon anplwayè kap dirije nan Florid avèk apeprè 8,700 anplwaye, FPL se yon sipòtè de Juno Beach, Florid ki baze NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE), yon konpayi enèji pwòp lajman rekonèt pou efò li nan dirab, etik ak divèsite, e li te ... klase nan nimewo 1 nan endistri sèvis piblik elektrik ak gaz yo nan lis 2019 Fortune nan "Konpayi ki pi admire nan mond lan". NextEra Enèji se tou konpayi an paran nan Gòlf pouvwa Konpayi, ki sèvi plis pase 460,000 kliyan nan uit konte nan tout Nòdwès Florid, ak NextEra Enèji Resous, LLC, ki, ansanm ak antite afilye li yo, se pi gwo dèlko mond lan nan enèji renouvlab soti nan la. van ak solèy ak yon lidè mond nan depo batri. Pou plis enfòmasyon sou NextEra konpayi enèji, vizite sit entènèt sa yo:

www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.GulfPower.com, www.NextEraEnergyResources.com