Dorian ap apwoche Florid kòm yon siklòn danjere kategory 4; FPL pare pou reponn e ankouraje kliyan yo pou yo rete vijilan
- Dorian se yon tanpèt k-ap deplase dousman ak van fò-tanpèt twopikal pwolonje k-ap sòti depi nan mitan jiska 140 kilomèt, gwo lapli ak potansyèl vag tanpèt ak inondasyon.
- Enpak Dorian ka lakòz gwo domaj ki ta ka egzije ekip pou repare gwo pati nan rezo enèji a
- Depi ke li an sekirite, ekip FPL yo pral restore kouran pandan ke premye vag move tan grave la ap frape, epi n-ap kontinye travay apre tanpèt la fi-n pase jiskaske tout kliyan gen kouran ankò.
- FPL rasanble pi gwo ekip restorasyon anvan tanpèt la nan istwa konpayi an, ak apeprè 17,000 ki pare pou reponn, ki gen ladan anplwaye FPL ak travayè ki soti nan lòt sèvis piblik ak konpayi kontraktè elektrik.
- FPL ankouraje kliyan yo pa fè sipozisyon sou chimen Dorian an ak entansite li, finalize prekosyon sekirite ak prepare nou paske nou ka pèdi kouran.
- Download app FPL la voye tèks mesaj "App" nan MyFPL (69375) oswa enskri nan alèt voye tèks mesaj "Join" nan MyFPL (69375)
September 2, 2019

JUNO BEACH, Fla. – Konpayi Florida Power & Light ap mande kliyan yo pou yo rete vijilan epi pou yo prepare pou blakawout pandan siklòn danjere Dorian ap apwoche bò kòt zòn lès Florid la.  Konpayi an gen ekipman pre-pozisyone ak pi gwo ekip travayè restorasyon nan istwa konpayi a an preparasyon pou siklòn Kategori 4 sa a.

“Dorian rete yon siklòn trè danjere ak yon tras e entansite enprevizib pandan l-ap apwoche direksyon Florid. Eric Silagy, prezidan ak Direktè Jeneral FPL, te di ke kliyan yo ta dwe rete vijilan paske pati enpòtan nan teritwa sèvis nou yo rete nan kòn ensètitid la. "Sa a se yon tanpèt difisil e ki deplase trè dousman ki pral afekte zòn sèvis nou yo ak fòs van tanpèt twopikal k-ap dire on bon moman. Rete poze asire, toutotan pa gen danje, ekip nou yo ap soti pou restore kouran pandan premye vag move tan an ap deplase, epi n-ap kontinye travay apre tanpèt la fini jiskaske tout kliyan gen kouran ankò.”

FPL rasanble pi gwo ekip restorasyon anvan tanpèt la nan istwa konpayi an, ak apeprè 17,000 ki pare pou reponn, ki gen ladan anplwaye FPL ak travayè ki soti nan lòt sèvis piblik ak konpayi kontraktè elektrik. FPL te entrepann tou yon operasyon lojistik masiv pou prepare pou Dorian.

Konpayi an te prepozisyoné:

  • Trelè ki gen plis pase 4,000 kabann.
  • prèske 60 ekip drone.
  • Dè milye transfòmatè ak poto prepozisyoné.
  • 75 kamyon gaz ki kapab bay plis pase 3.5 milyon galon gaz.

FPL te mete kanpe plis pase yon douzèn plasaj pozisyon, ki soti nan Calder Racecourse nan Konte Miami-Dade jouk nan nò Jacksonville, pou ke travayè yo ka nan plas pou yo retabli kouran san danje epi pi vit ke posib.

Estimasyon pou restorasyon

“Pi vit ke posib apre tanpèt la pase, pèsonèl FPL yo a-p deyò nan lari ya e y-ap travay aktivman pou detèmine kantite domaj nan gwo siklòn sa a,” Silagy ajoute. “Yo dwe fè sa anvan nou ka bay yon estimasyon de konbyen tan li pral pran pou retabli sèvis la.”

FPL konnen ki jan enfòmasyon enpòtan nan tan kriz sa, poutèt sa nou pral kominike avèk nou pou nou bay pi bon estimasyon ke nou genyen. Apeprè 24 èdtan apre tanpèt la fi-n pase nan yon zòn, objektif nou se pou nou kominike lè nou kwè restorasyon yo konplet pou 95% kliyan FPL ki afekte nan tanpèt la nan zòn sa a.

Estimasyon preliminè sa yo ap baze sou vitès van aktyèl ak tras tanpèt, done tanpèt istorik, modèl konpitè sofistike ak done ki te rasanble nan premye imaj drone anvan ekip lari nou yo kapab fini evalyasyon domaj yo byen. Pandan n-ap ranmase plis enfòmasyon nan lari ya, estime tan restorasyon yo pral rafine.

FPL te fè amelyorasyon siyifikatif nan chanèl kominikasyon kliyan nou yo - espesyalman sit entènèt nou an ak app mobil. Pandan yon tanpèt, nou ajiste kijan yo prezante enfòmasyon sou sitiyasyon kouran nan app a FPL ak FPL.com. Nou aktyalize sitiyasyon kouran yo pandan tout jounen an.

Pou kliyan nou yo ki poko santi efè Dorian, FPL ankouraje kliyan yo pou yo konplete preparasyon final yo, koute avètisman ak lòd evakyasyon nan men ofisyèl lokal, eta a ak federal yo epi prepare pou potansyèl blakawout  pwolonje nan zòn kote vejetasyon ak inondasyon prezante obstak. Sa ki pi enpòtan, se fè sekirite pi gwo priyorite a. Si ou rive nan yon entèseksyon kote siyal trafik la pa travay, lwa Florid egzije pou ou trete li kòm yon arè kat-kanpe. Asire ou fè atansyon a mouvman lalwa a, e deplase ak ralanti nenpòt kote ki gen yon travayè sèvis piblik, ofisye lapolis oswa yon premye sekouris sou bò wout la.

Resous adisyonèl

Kliyan yo ka download app FPL la pou aksè pandan yo deyò, touswit ak aksè sekirite pou yo antre nan kont yo. Kliyan ka rapòte oswa jwenn dènye enfòmasyon yo sou pann kouran. App la  disponib pou download nan app store iOS la ak Google Play. Pou ou download app FPL la byen vit, tèks mo "App" nan MyFPL (69375). Kliyan yo ka enskri tou pou dènye nouvèl tanpèt yo nan tèks "Join" nan MyFPL (69375).

Ki jan pou nou rete enfòme

FPL bay kliyan enfòmasyon restorasyon souvan nan nouvèl media yo ak resous sa yo:

  • Sit entènèt FPL: FPL.com
  • Twitter: twitter.com/insideFPL
  • Facebook: facebook.com/FPLconnect
  • FPL blog: FPLblog.com
  • FPL Power Tracker: FPL.com / powertracker
  • FPL app: download nan App Store oswa Google Play, oswa tèks mo "App" nan MyFPL (69375)

Konpayi Florida Power & Light
Konpayi Florida Power & Light se pi gwo konpayi enèji Ozetazini dapre elektrisite Yo Vann an Detay pwodwi ak vann, k ap sèvi plis pase 5 milyon dola kont kliyan oswa yon estime 10 milyon dola + moun atravè eta a nan Florid. Nòmal bòdwo kliyan rezidansyèl FPL nan 1,000-kWh se apeprè 30 pousan pi ba pase dènye mwayèn nasyonal la ak nan mitan ki pi ba a nan sèvis fyèv ameriken an FPL se pi bon pase 99,98 pousan, ak flòt trè pisan li yo efikas plant se youn nan pi pwòp la nan mitan tout. konpayi elektrik nan tout peyi a. Konpayi an te rekonèt nan 2018 kòm youn nan sèvis piblik elektrik ki pi konfyans ke Market Strategies International la pou senkyèm ane youn apre lòt. Yon anplwayè kap dirije nan Florid avèk apeprè 8,700 anplwaye, FPL se yon sipòtè de Juno Beach, Florid ki baze NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE), yon konpayi enèji pwòp lajman rekonèt pou efò li nan dirab, etik ak divèsite, e li te ... klase nan nimewo 1 nan endistri sèvis piblik elektrik ak gaz yo nan lis 2019 Fortune nan "Konpayi ki pi admire nan mond lan". NextEra Enèji se tou konpayi an paran nan Gòlf pouvwa Konpayi, ki sèvi plis pase 460,000 kliyan nan uit konte nan tout Nòdwès Florid, ak NextEra Resous Enèji, LLC, ki, ansanm ak antite afilye li yo, se pi gwo dèlko mond lan nan enèji renouvlab soti nan van ak solèy ak yon lidè mond nan depo batri. Pou plis enfòmasyon sou konpayi enèji NextEra, vizite sit entènèt sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.GulfPower.com, www.NextEraEnergyResources.com.