FPL reponn ak blakawout siklòn Matthew lakòz
- Plis pase 1 milyon kliyan toujou sou wout tanpèt la nan zòn Sant ak Nò Florida.
- FPL panse li pral retabli kouran an pou tout kliyan ki nan konte Miami-Dade ak Broward, e pou pifò kliyan ki nan konte Palm Beach, anvan jounen jodi a fini.
- Envestisman $2 milya FPL te mete nan rezo kouran li a nan dis ane ki sot pase yo vrèman bay bon rezilta.
- FPL ap deplwaye ekip li yo nan rejyon Sant ak Nò Florida ofiramezi l ap fè pwogrè nan zòn Sid ak Lwès teritwa l ap sèvi a.
- FPL ankouraje kliyan yo rete an sekirite, evite fil kouran ti tonbe yo ak tout zòn ki gen dlo atè a.
October 7, 2016

JUNO BEACH, Fla. – Jodi a, Florida Power & Light Company (FPL) te anonse anviwon 475,000 kliyan siklòn Matthew te afekte toujou rete san kouran a 8 è nan maten. Konpayi a panse plis blakawout gendwa rive poutèt Matthew toujou yon menas pou plis pase 1 milyon kliyan ki nan zòn Sant ak Nò Florida.

Eric Silagy, prezidan ak direktè jeneral FPL, te deklare: “Erezman, Matthew poko touche tè nan Florida. Sepandan, se toujou yon siklòn kategori 3 ki mòtèl li ye, epi li nan yon distans kèk kilomèt sèlman ak rivay la. Pou kounye a, nan travay n ap fè pou retabli kouran an, sanble tout envestisman nou te fè nan dis ane ki sot pase yo pou ranfòse rezo kouran an e pou fè l pi entelijan vrèman bay bon rezilta pou kliyan n yo. Dapre sa nou remake nan pèfòmans rezo nou an jiska prezan, gen mwens blakawout e nou rive retabli kouran an pi rapid.”

Silagy te di tou: “Sepandan, rete plis pase 1 milyon kliyan ki sou wout tanpèt la e ki an danje toujou. Ofiramezi nou kontinye ap fè pwogrè nan Sid Florida, n ap deplwaye resous nou yo nan zòn Sant ak Nò nan teritwa n ap sèvi a e n ap fè tout efò pou nou rezoud pwoblèm blakawout, nenpòt kote yo ta rive, depi nou ka fè sa san danje. Se pa ti apresye nou apresye pasyan kliyan nou yo e nou ankouraje yo kontinye rete an sekirite, espesyalman kote ki gen fil kouran ki tonbe. Nou gen plizyè milye travayè sou teren an ki pare pou yo travay san rete jiskaske chak grenn kliyan vin jwenn kouran ankò.”

Ekip FPL yo te travay pandan tout nuit lan ansanm ak anplwaye lòt konpayi distribisyon kouran ak konpayi sèvis elektrik ki soti nan lòt eta. Yo te retabli kouran an pou plis pase 230,000 kliyan chak lè move tan an te fè yon ti kanpe, depi yo te ka fè sa san danje, epi yo pral kontinye travay san rete pou retabli kouran an rapid pou tout kliyan yo an sekirite.

FPL panse li pral retabli kouran an pou tout kliyan ki nan konte Miami-Dade ak Broward, e pou pifò kliyan ki nan konte Palm Beach, anvan jounen vandredi 7 oktòb fini, epi tout kliyan ki nan konte Palm Beach ap gen kouran anvan jounen samdi 8 oktòb fini.

Kou kèk èdtan fin pase apre tanpèt la soti nan zòn Sant ak Nò Florida, FPL pral kominike estimasyon l yo pou kliyan ki nan rejyon sa yo ka konnen ki lè kouran an pral retounen.

FPL kontinye ap fè kliyan l yo sonje yo bezwen pridan anvan, pandan ak apre yon tanpèt. Rete lwen nenpòt kote ki inonde ak dlo ak debri, epi fè atansyon pou rete lwen nenpòt fil kouran ki tonbe, paske yo gendwa gen kouran ladan yo e yo ka danjere. Lè w rive nan kafou, si limyè sikilasyon yo pa travay akoz yon blakawout, li enpòtan pou w kanpe menm jan ou ta fè sa nan kafou kote gen kat siy stòp.

Tousuit apre yon tanpèt, FPL konnen si fil kouran prensipal yo domaje. Si kliyan yo panse se pou rezon sa a yo pa gen kouran, yo pa bezwen kontakte FPL. Kliyan yo ta dwe rele 911 oswa 1-800-4-OUTAGE (1-800-468-8243) sèlman pou fè nou konnen yon sitiyasyon ki danjere, tankou si yon fil kouran tonbe oswa si ekipman ekektrik yo ap bay etensèl. Kliyan yo ka rapòte yon blakawout nan FPL.com.

Tanpri rete an sekirite

Menm lè van an pa anpil, kondisyon yo ka danjere toujou. Nou ankouraje kliyan ki nan zòn kote gen loray oswa nan zòn ki inonde ak dlo pran prekosyon sa yo pou sekirite yo:

  • Rete lwen nenpòt fil kouran ki tonbe, tout kote ki inonde ak dlo ak tout debri, paske liy yo ka gen kouran ladan yo e yo ka danjere.
  • Se pou w pridan anpil si w ap kondui machin. Lè gen blakawout, limyè sikilasyon yo gendwa sispann fonksyone bridsoukou. Si w rive nan yon kafou kote limyè sikilasyon yo pa fonksyone, lalwa leta Florid mande pou w kanpe menm jan ou konn fè sa nan yon kafou kote gen kat siy stòp.
  • Si w ap itilize yon dèlko pòtab:
    • suiv tout enstriksyon fabrikan an pou sèvi avè l kòmsadwa;
    • ploge aparèy elektrik ou yo dirèkteman nan dèlko a, pa fè sa nan pano brekè prensipal la, paske kouran an gendwa retounen nan fil kouran piblik yo e li ka blese lòt moun;
    • se sèlman yon elektrisyen ki gen lisans ki ta dwe konekte yon dèlko nan yon pano brekè;
    • pa janm itilize yon dèlko anndan kay la oswa anndan garaj la; epi
    • mete dèlko a lwen fenèt ki ouvri yo pou fim ki danjere yo pa antre anndan kay la oswa anndan kay yon vwazen.
  • Veye pou w etenn tout aparèy elektrik yo, espesyalman fou ak recho, pou dife pa pran nan kay la.
  • Ale sou FPL.com pou jwenn plis konsèy sou sekirite.

Ki jan nou retabli kouran an
Pou nou retabli kouran an, nou pa pran desizyon selon moun ki fè nou konnen gen blakawout, nou pa konsidere kote kliyan yo rete ni nou pa gade si kliyan an peye oswa si li anreta nan peman l yo. Nou kòmanse travay la plizyè kote epi nou suiv yon plan pou retabli kouran an san danje, osito sa posib, pou plis moun posib.

  • Pou kòmanse, nou repare tout domaj ki fèt nan izin kouran nou yo ak nan fil ki transpòte kouran an soti nan izin nou yo rive nan pòs elektrik lokal yo.
  • Nan travay retabli kouran an, se enstalasyon kritik e ki enpòtan anpil yo, tankou lopital, stasyon polis ak stasyon ponpye, enstalasyon kominikasyon, izin tretman dlo ak enstalasyon transpò, nou bay priyorite.
  • Mete sou sa, nou travay pou retabli kouran an pou plis kliyan posib rapid rapid. Sa gen ladan l kote ki pi enpòtan yo, tankou makèt, famasi, stasyon gazolin ak lòt konpayi ki la pou bay sèvis ki nesesè nan kominote yo.
  • Annapre, nou repare enfrastrikti ki la pou ti gwoup ak katye rezidansyèl yo. Nou kòmanse nan zòn kote gen plis domaj jiskaske chak kliyan vin jwenn kouran ankò.

Nou pran angajman kenbe w ajou
FPL konn kominike ak kliyan l yo pou ba yo enfòmasyon grasa medya yo ak lòt resous sa yo:

Ale sou FPL.com/powertracker pou jwenn enfòmasyon ki ajou sou blakawout ak travay ki fèt pou retabli kouran an.

Florida Power & Light Company
Florida Power & Light Company se twazyèm pi gwo konpayi kouran Ozetazini. Li sèvi plis pase 4.8 milyon kont kliyan, sa vle di plis pase 10 milyon moun nan prèske mwatye eta Florida. Anjeneral, yon bòdwo rezidansyèl FPL ki gen yon konsomasyon 1,000 kWh sou li koute 30 pousan mwens kòb pase mwayèn lòt bòdwo yo nan peyi a. Lèfini, an 2015, depi sis ane ki sot pase yo, bòdwo FPL yo pi bon mache pase bòdwo tout lòt konpayi kouran nan eta Florida. Disponibilite sèvis FPL la plis pase 99.98 pousan, epi santral elektrik li yo efikas anpil, yo konsome mwens konbistib e yo fè pati santral ki pi pwòp nan tout peyi a. Daprè etid J.D. Power 2016 Electric Utility Residential Customer Satisfaction StudySM, konpayi a jwenn pi bon nòt pami tout gwo konpayi kouran nan pati Sid Etazini, epi an 2016, Market Strategies International rekonèt li kòm youn nan konpayi kouran plis moun fè konfyans Ozetazini. FPL gen anviwon 8,800 anplwaye. Se youn nan konpayi ki anplwaye plis moun nan eta Florida e se yon filyal NextEra Energy, Inc. (NYSE: NEE), yon konpayi enèji pwòp ki rete Juno Beach, FL. Yo rekonèt konpayi sa a tout kote pou travay li nan domèn devlòpman dirab, etik ak divèsite. Yo klase li nan pozisyon n° 1 nan sektè distribisyon kouran ak gaz nan lis "Konpayi plis mou admire nan lemonnantye" pou 2016 ki parèt nan magazin Fortune. NextEra Energy se konpayi manman NextEra Energy Resources, LLC, epi ansanm avèk konpayi ki afilye avè l yo, li se pi gwo pwodiktè enèji renouvlab ki soti nan van ak nan solèy nan monn nan. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou konpayi NextEra Energy yo, ale sou sit Entènèt sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.NextEraEnergyResources.com.

###

For further information: Florida Power & Light Company Nimewo telefòn pou medya yo: 561-694-4442 @FPL_Newsroom